Lè ou bay bon pawòl ki tonbe daplon se tankou yon moso lò byen travay yo plake sou yon moso ajan. Lè yon moun ki gen bon konprann rale zòrèy moun ki gen tande, se tankou zanno ak kolye ki fèt ak bon lò ou mete sou ou. Yon komisyonè ki p'ap twonpe moun ki voye l la, se tankou yon bon vè dlo byen fre w'ap bwè nan mitan chalè rekòt. L'ap remoute kouray mèt li. Moun ki toujou ap pwomèt san yo pa janm kenbe pwomès yo, se tankou nyaj ak van ki pa janm pote lapli. Lè ou pa fè kòlè fasil, ou jwenn jwenn pou fè chèf la kwè sa ou vle. Konsa tou, ak pawòl dous, w'ap kraze tout antrav ou ta ka jwenn sou chemen ou.
Li Pwovèb 25
Koute Pwovèb 25
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Pwovèb 25:11-15
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo