Pwovèb 18

18
1Moun k'ap viv apa se tèt li ase li konnen. Li move sou tout moun ki vle ba li bon konsèy.
2Moun #Pwo 13.16 sòt pa pran plezi l nan chache konprann. Tou sa l'ap chache se fè moun konprann li gen lespri.
3Y'ap meprize moun k'ap fè mechanste. Moun ki pa fè respè tèt yo gen pou yo wont.
4Pawòl #Pwo 20.5 moun ki gen konprann fon kou lanmè, fre tankou yon sous k'ap koule tout tan.
5Sa #Lev 19.15; Det 1.17; Sòm 82.2; Pwo 17.15 pa bon pou ou pran pou moun mechan, ni pou ou enpoze yo rann moun inonsan jistis.
6Depi moun sòt ap pale, se kont l'ap chache. Si ou koute pawòl nan bouch li, w'a ba l kou.
7Bouch #Pwo 12.13; Ekl 10.12 moun sòt se kondannasyon li. Pawòl ki sòti nan bouch li tounen pèlen pou li.
8Tripotay #Pwo 26.22 dous nan zòrèy moun ki vle tande yo. Sa mache nan san yo.
9Moun ki parese nan travay li se menmman parèyman ak moun k'ap defèt sa k'ap fèt.
10Senyè a, #Sòm 61.3; Pwo 29.25 se yon gwo ranpa byen solid. Se la moun k'ap mache dwat yo kouri al chache pwoteksyon.
11Pou #Pwo 10.15 moun rich yo, byen yo tankou yon ranpa byen solid. Yo mete nan tèt yo se sa k'ap pwoteje yo.
12#Pwo 11.2; 15.33 w'ap fè awogans, yo pa lwen kraze ou. Lè ou fè kò ou piti, y'a fè lwanj ou.
13Moun ki prese reponn san koute sa y'ap di l, se moun sòt li ye. Li gen pou l wont.
14Lè yon moun anvi viv, sa ede l anpil lè li malad. Men, si li dekouraje, ki moun ki ka remoute kouray li?
15Moun lespri toujou ap chache gen plis konesans. Zòrèy moun konprann toujou pare pou li konnen plis toujou.
16Kado #Jen 32.20; 1 Sam 25.27 ou fè louvri chemen pou ou toupatou, ata chemen ki mennen lakay grannèg.
17Moun ki pale anvan nan tribinal toujou sanble li gen rezon. Lè lòt moun lan parèt, kat je kontre, manti kaba.
18Lè de grannèg gen kont, jij yo fè tiraj osò pou konnen kilès pou yo bay rezon.
19 # 18.19: Nou pa fin sèten se sa vèsè sa a vle di nan tèks ebre a. Li pi fasil pou mete lapè nan yon gwo lavil pase pou ou rekonsilye de frè ki nan kont. Lè yo fache, kè yonn se pòt prizon pou lòt.
20Rekonpans #Pwo 12.14 yon moun chita sou sa ki sòti nan bouch li.
21Sa ou di ka lavi pou ou, li ka lanmò pou ou. Sa ou chwazi, se sa w'ap jwenn.
22Trape #Pwo 19.14 yon bon fanm, se trape yon trezò. Se kado Bondye sèl ka bay.
23Malere #Jak 2.6 toujou nan tanpri souple. Men moun rich toujou ap reponn rèd.
24Gen #Pwo 17.17 zanmi se pran yo vin pran. Men, gen zanmi tou yo plis pase frè.

Chwazi Kounye ya:

Pwovèb 18: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an