Lè ou di verite nan tribinal, ou rann lajistis sèvis. Men, temwen k'ap bay manti, se lenjistis l'ap ankouraje. Pawòl moun ki di tou sa ki vin nan bouch yo se kout ponya. Men, pawòl moun ki gen bon konprann se renmèd. Manti la pou yon ti tan. Men, verite la pou tout tan tout tan. Moun k'ap kalkile jan pou yo fè moun mal, se move kou y'ap chache pote. Men, moun k'ap bay bon konsèy ap gen kè kontan. Malè pa janm rive moun k'ap mache dwat. Men, pou mechan yo se apse sou klou. Senyè a pa vle wè moun k'ap manti. Men, li kontan nèt ak moun ki toujou kenbe pawòl yo.
Li Pwovèb 12
Koute Pwovèb 12
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Pwovèb 12:17-22
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo