Pwovèb 11

11
1Senyè a pa vle wè moun k'ap sèvi ak fo balans. Li #Lev 19.35,36; Pwo 16.11; 20.10,23 kontan ak moun ki sèvi ak bon mezi.
2Kote #Pwo 16.18; 18.12; 29.23; Da 4.30,31 ki gen lògèy wont pa lwen. Men, moun ki soumèt devan Bondye, se yo ki gen bon konprann.
3Moun #Pwo 13.6 k'ap mache dwat konnen sa pou yo fè, paske se moun serye yo ye. Men moun k'ap mache bay koutba, yo gen pou yo fini mal, paske se bakonyè yo ye.
4Jou #Jen 7.1; Eze 7.19; Sof 1.18 malè, richès pa ka sèvi ou anyen. Men, si ou se moun serye, sa ka sove lavi ou.
5Moun k'ap mache dwat ap viv san pwoblèm paske li serye. Men mechan ap tonbe nan pwòp pèlen mechanste li.
6#Sòm 7.15,16 yon moun serye fè sa ki dwat, sa ap sove l. Men, moun k'ap mache bay moun koutba, y'ap pran nan move jwèt y'ap fè a.
7#Pwo 10.28 yon mechan mouri, sa l t'ap tann lan mouri ansanm avè l. Konfyans li te mete nan byen li yo pa sèvi l anyen.
8Jou #Pwo 21.18 malè, moun ki mache dwat ap jwenn pwoteksyon. Sa ki pou ta rive l la, se mechan an li rive.
9Moun ki san respè pou Bondye ap touye moun ak lang yo. Men, konesans ap sove moun k'ap mache dwat yo.
10#Estè 8.15; Pwo 28.12 sa mache pou moun serye, tout peyi a kontan. Konsa tou, lè mechan an disparèt, se lakontantman pou tout moun.
11Se bèl bagay pou yon lavil lè li gen moun serye ladan l. Men, mechan yo ap detwi l ak lang yo.
12Avili #Pwo 14.21 yon frè parèy ou, se bagay moun san konprann fè. Yon moun lespri konnen pou l pe bouch li.
13Moun #Lev 19.16; Pwo 20.19 k'ap mache fè tripotay mete tout sekrè deyò. Men moun konfyans, kè yo se kòfrefò.
14#Pwo 15.22; 20.18; 24.6 pa gen bon dirijan, peyi a nan ka. Men lè gen moun k'ap bay bon konsèy, peyi a sove.
15#Pwo 6.1 ou pwomèt pou ou peye dèt yon moun ou pa konnen, w'a gen pou regrèt sa pita. L'a pi bon pou ou si ou refize bay garanti pou yon lòt.
16Tout moun va fè lwanj yon fanm ki gen bon karaktè. Konsa tou, gason ki gen kouray nan travay ap jwenn ak kòb li.
17#Mat 5.7; 25.34-40 ou gen bon kè, se yon byen ou fè pou tèt ou. Men, moun ki san pitye yo, se tèt yo y'ap fè tò.
18Mechan #Oze 10.12; Gal 6.8,9; Jak 3.18 yo kwè y'ap fè benefis. Men, moun k'ap fè sa ki dwat yo toujou jwenn rekonpans yo.
19Yon #Pwo 10.16; Wòm 6.23 moun ki sòti pou fè sa ki dwat ap toujou viv. Men, moun k'ap chache fè sa ki mal gen pou yo mouri.
20Senyè a #1 Kwo 29.17; Sòm 119.1 pa vle wè moun k'ap mache pye gaye. Men, li pran plezi l ak moun k'ap mache dwat nan chemen yo.
21#Pwo 16.5 pa wè, yo gen pou yo pini mechan yo. Men, tout moun k'ap mache dwat yo ap sove.
22Yon bèl fanm ki nan dezòd se yon bèl zanno lò nan nen kochon.
23#Wòm 2.8 moun k'ap mache dwat jwenn sa yo vle a, se lakontantman pou tout moun. Men lè se mechan ki jwenn sa y'ap tann lan, sa pa fè pesonn plezi.
24Moun #Pwo 13.7 ki bay san gad dèyè, sa pa anpeche yo vin pi rich. Men, moun ki penng, se pòv y'ap vin pi pòv.
25#Mat 7.2; 2 Kor 9.6 ou bay ak kè kontan, ou p'ap janm manke anyen. Lè ou manje ak moun, ou pa janm rete grangou.
26Pèp la ap madichonnen moun k'ap sere manje pou fè mache nwa. Men l'ap fè lwanj pou moun ki voye vann manje a nan mache.
27Moun #Estè 7.10; Pwo 11.6 k'ap chache fè sa ki byen ap jwenn favè Bondye. Men, moun k'ap kouri dèyè malè, se malè ki pou rive l.
28Moun #Sòm 92.12; Mak 10.24; Lik 12.20,21; 1 Tim 6.17 ki mete konfyans yo nan byen yo ap tonbe tankou fèy chèch. Men, moun k'ap mache dwat yo ap pouse tankou boujon.
29Yon #Pwo 15.27; Ekl 5.16 nonm ki mete dezòd nan fanmi li lakòz madanm li ak tout pitit li nan tou sa ki pa bon. Men moun san konprann ap toujou esklav moun bon konprann.
30#Pwo 3.18 ou mache dwat, sa fè moun viv. Lè ou gen bon konprann, ou sove lòt moun.
31Gade! #1 Pyè 4.18 Moun ki mache dwat jwenn rekonpans yo isit sou latè. Men, nou pa bezwen mande si moun k'ap fè mechanste ak moun k'ap viv nan peche p'ap jwenn ak pa yo tou!

Chwazi Kounye ya:

Pwovèb 11: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an