Moun ki bay san gad dèyè, sa pa anpeche yo vin pi rich. Men, moun ki penng, se pòv y'ap vin pi pòv. Lè ou bay ak kè kontan, ou p'ap janm manke anyen. Lè ou manje ak moun, ou pa janm rete grangou. Pèp la ap madichonnen moun k'ap sere manje pou fè mache nwa. Men l'ap fè lwanj pou moun ki voye vann manje a nan mache. Moun k'ap chache fè sa ki byen ap jwenn favè Bondye. Men, moun k'ap kouri dèyè malè, se malè ki pou rive l. Moun ki mete konfyans yo nan byen yo ap tonbe tankou fèy chèch. Men, moun k'ap mache dwat yo ap pouse tankou boujon. Yon nonm ki mete dezòd nan fanmi li lakòz madanm li ak tout pitit li nan tou sa ki pa bon. Men moun san konprann ap toujou esklav moun bon konprann. Lè ou mache dwat, sa fè moun viv. Lè ou gen bon konprann, ou sove lòt moun. Gade! Moun ki mache dwat jwenn rekonpans yo isit sou latè. Men, nou pa bezwen mande si moun k'ap fè mechanste ak moun k'ap viv nan peche p'ap jwenn ak pa yo tou!
Li Pwovèb 11
Koute Pwovèb 11
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Pwovèb 11:24-31
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo