Pwovèb 1:1-33

Pwovèb 1:1-33 HAT98

Pwovèb Salomon, pitit David wa peyi Izrayèl. Pwovèb sa yo fè moun konnen sa ki rele sajès ak bon levasyon. Yo fè konprann lè se pawòl bon sans k'ap pale. Pwovèb sa yo moutre moun tout jan pou yo viv ak bon konprann, jan pou yo gen bon kondwit, jan pou yo pa fè lenjistis ak jan pou yo mache dwat nan lavi. Pwovèb yo ap louvri lespri moun ki manke konprann. Y'ap bay jenn gason konesans ak konprann. Se pou moun ki gen konesans koute sa ki nan pwovèb yo, pou yo ka mete sou sa yo konnen deja. Se pou moun ki gen lespri koute sa ki nan pwovèb yo, pou yo ka konnen ki jan pou yo mennen bak yo pi byen, konsa, y'a ka konprann sans tout pwovèb ak tout parabòl, sans tout pawòl k'ap sòti nan bouch moun ki gen bon konprann yo ak koze tout moun pa ka konprann. Krentif pou Bondye, se premye baz konesans. Moun fou pa konn valè konesans. Yo pase sa nan rizib. Pitit mwen, koute papa ou non lè l'ap ba ou bon levasyon! Pa janm bliye sa manman ou te moutre ou! Menm jan bèl foula ak bèl kolye bay bèl aparans, se konsa tou konsèy manman ou ak konsèy papa ou ap fè anpil pou ou. Pitit mwen, lè moun k'ap fè sa ki mal vle detounen ou, pa kite yo pran tèt ou. Si yo di ou: Vini ak nou non! Ann anbiske kò nou pou n touye moun. Ann pare pèlen pou nou pran inonsan yo, san yo pa gen anyen ak nou. Ann vale yo tou vivan, tankou simityè ki pa janm refize mò. Ann vale yo tout ankè tankou kadav y'ap antere. N'a jwenn tout kalite gwo richès, n'a plen kay nou ak tout bagay n'a pran. W'a jwenn pa ou nan tou sa n'a pran. Va gen yon sèl kès pou nou tout. Pitit mwen, pa mache avèk moun konsa! Pa mete pye ou kote moun sa yo pase! Yo ttoujou deyò pou fè sa ki mal. Pou ti krik ti krak, yo mete san deyò. Kisa ou konprann ou fè lè ou kite zwazo wè ou ap tann pèlen pou li? Se konsa moun sa yo pran nan pèlen yo menm yo pare a. Yo tonbe nan pyèj yo mete a, yo mouri. Nan chache genyen sa ki pa pou ou, se ou ki lakòz malè rive ou. Se sa menm ki pou rive tout moun ki pa wè pase vòlò. Koute byen. Sajès ap rele nan lari, l'ap pale byen fò sou plas piblik. L'ap rele nan tout kalfou, nan pòtay lavil yo, toupatou kote tout moun ka tande. L'ap di: Bann egare! Kilè n'a sispann renmen fè tenten? Kilè n'a sispann pran plezi nou nan pase tout bagay nan betiz? Kilè moun fou yo va sòti pou yo aprann? Se pou n koute m lè m'ap rale zòrèy nou. M'ap di nou tou sa ki nan tèt mwen, m'ap fè nou konnen tou sa m konnen. Ki jan nou ye konsa? Mwen rele nou, nou fè tankou nou pa tande m. Mwen lonje men ban nou, nou fè tankou nou pa wè m. Anhan! Se konsa sa ye? Nou voye tout konsèy mwen te ban nou yo jete byen lwen nou. Nou refize kite m korije nou. Konsa, lè n'a nan ka, m'a ri nou. Lè malè va fè nou tranble, m'a pase nou nan rizib. Lè malè va tonbe sou nou tankou yon van siklòn, lè tray va pase sou nou tankou yon toubouyon, lè lapenn ak kè sere va pran nou, le sa a, n'a rele m, mwen menm yo rele sajès, men mwen p'ap reponn nou. N'a mache chache m toupatou, men nou p'ap jwenn mwen. Nou pat vle wè konesans, nou te toujou refize gen krentif pou Bondye. Nou pat janm vle koute konsèy m t'ap ban nou, nou te toujou derefize koute m lè m t'ap korije nou. Se pou nou rekòlte sa nou te simen an. Se pou nou sibi konsekans vye konsèy nou t'ap swiv yo. Moun ki san esperyans yo mouri paske yo refize aprann. Bann moun fou yo menm, yo pa pran anyen pou anyen, se sa k'ap pèdi yo tou. Men, moun ki koute sa m di yo jwenn lasirans, y'a viv ak kè poze, yo p'ap bezwen pè anyen.