Filipyen 4:10-19

Filipyen 4:10-19 HAT98

Mwen pat manke kontan nan lavi m'ap mennen ansanm ak Senyè a, paske nou vin fè m wè ankò jan nou pran ka mwen. Sa pa vle di nou te lage m non. Men, nou pat ankò jwenn okazyon fè m wè jan nou fèb pou mwen. Si nou wè m'ap pale konsa, se pa paske kounyeya mwen nan nesesite. Paske nan lavi, m aprann kontante tèt mwen ak sa m genyen. Mwen konnen sa ki rele viv nan mizè, mwen konnen sa ki rele viv nan richès. Kit mwen pa gen ase, kit mwen gen plis pase sa m bezwen, nan tout sikonstans m aprann kontante tèt mwen toupatou ak sa mwen genyen. Nenpòt sitirasyon ki parèt devan mwen, m'ap degaje m, gremesi Kris la ki ban mwen fòs kouray. Malgre sa, nou byen fèt ede m nan traka m yo. Nou menm, moun lavil Filip, nou byen konnen sa m pral di nou la a. Lè mwen kite peyi Masedouàn, lè yo te fenk konmanse ap pibliye bòn nouvèl la, se nou menm sèl legliz ki te ede mwen. Se nou menm sèl ki te separe sa nou genyen avè m pou sa m te fè pou nou. Lè m te lavil Tesalonik, an de fwa nou voye sa m te bezwen ban mwen. Se pa dèyè kado mwen ye. Men, mwen ta renmen Bondye mete sou sa nou gen deja. Wi, mwen resevwa tou sa nou te voye ban mwen, pou di vre, sa depase sa m te bezwen. Kounyeya, avèk Epafwodit ki pote kado nou yo, mwen gen tou sa m bezwen. Kado nou yo se tankou yon ofrann ki santi bon, yon ofrann bèt Bondye ap asepte paske sa fè l plezi. Bondye ki rich anpil la va ban nou tou sa nou bezwen nan Jezikri.