Filipyen 3

3
Jan nou ka jwenn gras devan Bondye
1Kounyeya, frè m yo, fè kè nou kontan nan Senyè #Fil 2.18; 4.4 a. Pou mwen, sa pa fè m anyen pou m repete sa m te voye di nou deja. Men, se nan avantaj nou.
2Veye #Rev 22.15 kò nou ak moun k'ap plede fè sa ki mal yo. Veye kò nou ak bann chen sa yo ki vle fè yo sikonsi nou. 3Si #Wòm 2.29 gen moun ki sikonsi tout bon, se pa yo, se nou menm. Paske nou menm, n'ap sèvi Bondye ak Lespri Bondye a, nou kontan dèske n'ap viv ansanm ak Jezikri. Nou pa mete konfyans nou nan sa lèzòm ap fè. 4Mwen #2 Kor 11.18,22 ta ka mete konfyans mwen nan bagay konsa tou, si m te vle. Si gen moun ki kwè yo ka mete konfyans yo nan sa lèzòm ap fè, mwen pi ka fè l pase yo. 5Mwen #Tra 26.5; Lik 1.59; 2.21 te gen wit jou depi m te fèt lè yo sikonsi mwen. Mwen se yon moun Izrayèl natif natal, nan branch fanmi Benjamen, pitit pitit Ebè san (100) pou san (100). Sou kèsyon lalwa Moyiz la menm, se pa pale: se farizyen mwen te ye. 6Mwen te sitèlman yon patizan fanatik lalwa a, mwen te menm rive pèsekite legliz la. Si yon moun te ka bon paske li fè sa lalwa a mande, enben mwen te bon nèt ale.
7Men, #Mat 13.44,46 si yon lè mwen te konsidere tout bagay sa yo tankou yon garanti, kounyeya yo pa vo anyen pou mwen, akòz Kris la. 8Men, se pa sa sèlman. Se tout bagay menm ki pa vo anyen pou mwen, lè m konpare yo ak gwo avantaj mwen genyen lè m konnen Jezikri tankou Senyè mwen. Poutèt li, mwen voye tout bagay jete, mwen gade yo tankou fatra pou m sa gen Kris la, 9pou m #Wòm 3.21,22 ka viv ansanm avè l nèt ale. Konsa, mwen pa gen pretansyon mwen bon paske mwen fè sa lalwa a mande. Men, Bondye fè m gras paske mwen mete konfyans mwen nan Kris la. Wi, Bondye fè tout moun ki mete konfyans yo nan li gras. 10Se #Wòm 6.3-5; 8.17; Gal 6.17 yon sèl bagay mwen bezwen: se konnen pou m konnen Kris la, pou m santi nan mwen pouvwa ki te fè l leve sòti vivan nan lanmò a, pou m soufri ansanm avè l nan soufrans li yo, pou m rive mouri tankou li tou, 11avèk #Tra 4.2; Rev 20.5,6 espwa, mwen menm tou m'a gen pou m leve sòti vivan nan lanmò.
Ann kouri rive kote n dwe rive a
12Mwen #1 Tim 6.12; Tra 9.6 pa mete nan tèt mwen m'rive kote mwen prale a, ni mwen poko fin bon nèt. Men mwen nan kous la pou m'wè si mwen ka touche kote mwen vle rive a, paske Jezikri fin mete men sou mwen deja. 13Se vre wi, frè m'yo. Mwen pa kwè mwen deja rive kote m' dwe rive a. Men mwen gen yon sèl bagay m'dwe fè: se bliye tout distans m'fin fè deja yo pou fikse lide mwen sou distans ki rete mwen an. 14Konsa, #1 Kor 9.24 m'ap kouri dwat devan m sou mak kote m prale a, pou m ka jwenn rekonpans Bondye rele m vin resevwa nan syèl la, gremesi Jezikri.
15Nou #1 Kor 2.6 tout ki fin byen rasinen nan lafwa a, se menm lide sa a pou nou toujou gen nan tèt nou. Men si gen pami nou ki gen lide diferan sou kèk lòt pwen, Bondye va fè yo wè pi klè. 16Nenpòt #Gal 6.16 jan sa ye, ann mache toujou jan n te konmanse a.
17Nou #1 Kor 11.1; 1 Tes 1.7; 1 Pyè 5.3 tout frè m yo, pran egzanp sou mwen. Kenbe je nou fiske sou moun k'ap swiv egzanp mwen te bay la. 18Gen #1 Kor 1.23; Gal 6.12 anpil moun, lavi yo se lènmi lakwa Kris la. Mwen te deja di nou sa, se ak dlo nan je m'ap di nou sa ankò: 19Moun #Wòm 16.18 sa yo ap rive fin detwi tèt yo. Se vant yo ki bondye yo. Yo pran plezi yo nan bagay ki pou ta fè yo wont pito. Se bagay lemonn ase ki nan tèt yo. 20Men #Ef 2.6; Kol 3.1; Eb 12.22 nou menm, nou se sitwayen syèl la. N'ap tann Sovè nou, Jezikri Senyè nou k'ap sot nan syèl la. 21Se #1 Kor 15.43,49,53 li menm k'ap pran pouvwa li genyen pou soumèt tout bagay anba men l lan, l'ap chanje vye kò tou fèb nou yo pou l fè yo tounen tankou kò pa l la ki gen bèl pouvwa.

Chwazi Kounye ya:

Filipyen 3: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an