Men, si yon lè mwen te konsidere tout bagay sa yo tankou yon garanti, kounyeya yo pa vo anyen pou mwen, akòz Kris la. Men, se pa sa sèlman. Se tout bagay menm ki pa vo anyen pou mwen, lè m konpare yo ak gwo avantaj mwen genyen lè m konnen Jezikri tankou Senyè mwen. Poutèt li, mwen voye tout bagay jete, mwen gade yo tankou fatra pou m sa gen Kris la, pou m ka viv ansanm avè l nèt ale. Konsa, mwen pa gen pretansyon mwen bon paske mwen fè sa lalwa a mande. Men, Bondye fè m gras paske mwen mete konfyans mwen nan Kris la. Wi, Bondye fè tout moun ki mete konfyans yo nan li gras. Se yon sèl bagay mwen bezwen: se konnen pou m konnen Kris la, pou m santi nan mwen pouvwa ki te fè l leve sòti vivan nan lanmò a, pou m soufri ansanm avè l nan soufrans li yo, pou m rive mouri tankou li tou, avèk espwa, mwen menm tou m'a gen pou m leve sòti vivan nan lanmò. Mwen pa mete nan tèt mwen m'rive kote mwen prale a, ni mwen poko fin bon nèt. Men mwen nan kous la pou m'wè si mwen ka touche kote mwen vle rive a, paske Jezikri fin mete men sou mwen deja.
Li Filipyen 3
Koute Filipyen 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Filipyen 3:7-12
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo