Si Senyè Jezi vle, mwen espere voye Timote wè nou anvan lontan, pou lè m'pran nouvèl nou, sa ka ankouraje mwen. Timote se sèl moun ki gen menm lide avè m, ki vle wè byen nou. Mwen pa gen lòt. Tout lòt yo, se zafè pa yo ase y'ap regle, yo p'ap defann kòz Kris la. Nou menm tou nou konnen jan Timote se yon nèg serye. Tankou papa ak pitit nou travay ansanm pou bòn nouvèl la. Mwen fè lide voye l kote nou lè m'a fin wè ki jan sa ap pase pou mwen. Men, mwen gen konfyans sa a nan Bondye: m'a ka vin wè nou anvan lontan. Konsa tou, nou chonje Epafwodit, frè nou an, ki te travay ansanm avè m, ki te la avè m nan tout batay. Se nou menm ki te voye l vin ban m konkou. Enben, mwen wè se nesesè pou m voye l tounen ban nou. Se pa ti anvi li anvi wè nou. Sa te travay tèt li anpil dèske nou te vin konnen jan l te malad. Li te malad anpil, se vre. Li manke mouri. Men, Bondye te gen pitye pou li. Pa pou li sèlman, men pou mwen menm tou, pou sa pat ban mwen plis lapenn ankò. Se poutèt sa mwen pi anvi voye li bò kote nou pou nou ka kontan lè n'a wè l ankò, epi pou m ka gen mwens lapenn. Konsa, resevwa l ak kè kontan tankou yon frè nan Senyè a. Se pou nou gen anpil respè pou moun ki tankou Epafwodit, paske li te prèt pou mouri nan travay Kris la, li riske lavi li pou li te ka ban mwen konkou nou pa te la pou ban mwen.
Li Filipyen 2
Koute Filipyen 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Filipyen 2:19-30
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo