Filipyen 2:19-30
Filipyen 2:19-30 1998 Haïtienne (HAT98)
Si Senyè Jezi vle, mwen espere voye Timote wè nou anvan lontan, pou lè m'pran nouvèl nou, sa ka ankouraje mwen. Timote se sèl moun ki gen menm lide avè m, ki vle wè byen nou. Mwen pa gen lòt. Tout lòt yo, se zafè pa yo ase y'ap regle, yo p'ap defann kòz Kris la. Nou menm tou nou konnen jan Timote se yon nèg serye. Tankou papa ak pitit nou travay ansanm pou bòn nouvèl la. Mwen fè lide voye l kote nou lè m'a fin wè ki jan sa ap pase pou mwen. Men, mwen gen konfyans sa a nan Bondye: m'a ka vin wè nou anvan lontan. Konsa tou, nou chonje Epafwodit, frè nou an, ki te travay ansanm avè m, ki te la avè m nan tout batay. Se nou menm ki te voye l vin ban m konkou. Enben, mwen wè se nesesè pou m voye l tounen ban nou. Se pa ti anvi li anvi wè nou. Sa te travay tèt li anpil dèske nou te vin konnen jan l te malad. Li te malad anpil, se vre. Li manke mouri. Men, Bondye te gen pitye pou li. Pa pou li sèlman, men pou mwen menm tou, pou sa pat ban mwen plis lapenn ankò. Se poutèt sa mwen pi anvi voye li bò kote nou pou nou ka kontan lè n'a wè l ankò, epi pou m ka gen mwens lapenn. Konsa, resevwa l ak kè kontan tankou yon frè nan Senyè a. Se pou nou gen anpil respè pou moun ki tankou Epafwodit, paske li te prèt pou mouri nan travay Kris la, li riske lavi li pou li te ka ban mwen konkou nou pa te la pou ban mwen.
Filipyen 2:19-30 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Le Seigneur Jésus me fait espérer que je pourrai bientôt vous envoyer Timothée. Ainsi j’aurai des nouvelles de vous, et elles me donneront du courage. En effet, à part Timothée, personne ne porte les mêmes soucis que moi, personne ne s’occupe vraiment de vous. Tous cherchent leur intérêt, et non celui de Jésus-Christ. Mais vous le savez, Timothée a montré ce qu’il valait. Il a travaillé avec moi au service de la Bonne Nouvelle, comme un fils auprès de son père. Donc, c’est lui que j’espère vous envoyer dès que je verrai clair dans ma situation. Et le Seigneur me rend sûr d’une chose : je vais bientôt venir chez vous, moi aussi. Pourtant, je pense qu’il faut vous renvoyer Épafrodite. C’est mon frère. Il travaille et combat avec moi, et vous l’avez envoyé pour me servir quand j’en avais besoin. Il désire beaucoup vous revoir tous et il est inquiet parce que vous avez appris sa maladie. Oui, il a été malade et bien près de mourir. Mais Dieu a eu pitié de lui, et pas seulement de lui, mais de moi aussi. Alors il m’a évité une tristesse encore plus grande. C’est pourquoi je me dépêche de vous le renvoyer. Ainsi, quand vous le verrez, vous serez de nouveau dans la joie, et moi, je serai moins triste. Recevez-le avec grande joie comme un frère chrétien. Respectez beaucoup les gens comme lui, parce qu’il a vu la mort de près en travaillant pour le Christ. Il a risqué sa vie pour me rendre service quand vous ne pouviez pas le faire vous-mêmes.
Filipyen 2:19-30 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Mwen espere ak benediksyon Jezi Senyè a, m va voye Timote ban nou tousuit pou m ka jwenn ankourajman, lè m pran nouvèl nou. Se li m ta vle voye, paske m pa gen okenn lòt moun ankò ki santi yo jan mwen santi m nan, epi ki fè sousi pou nou konsa. Paske tout lòt moun yo ap fè sousi pou pwòp tèt yo, se pa enterè Kris y ap chache. Nou konnen ki moun Timote ye byen. Li te fè ministè preche Levanjil avè m tankou yon pitit ta fè ak papa l. Konsa, mwen espere voye l ban nou tousuit lè m fin konnen kisa k pral rive m. Mwen menm tou, m kwè, ak sekou Senyè a, mwen p ap pran tan pou m rive al wè nou. Pou kounye a, mwen panse m dwe voye Epafwodit ban nou. Li se frè mwen, li se konpanyon mwen, yon sòlda menm jan ak mwen epi tou se li nou te delege pou ban m asistans nou lè mwen te nan bezwen. Mwen deside fè sa paske li te anvi wè nou tout. Sa te fè l tris anpil, lè l te aprann nou te konnen l malad. Se vre li te malad, li te menm prèske mouri. Men Bondye gen mizerikòd pou li. Se pa pou li sèlman, men pou mwen tou, kon sa pou m pa ta gen lapenn sou lapenn. Konsa, m ap voye l tounen ban nou ak anprèsman. Lè nou wè l, kè nou va kontan. Epi mwen p ap bay kò m traka ankò. Resevwa l byen nan Senyè a ak anpil jwa. Se moun tankou Epafwodit nou bezwen onore. Paske li manke mouri poutèt travay Kris la, epi li riske lavi l pou l ka ranplase nou nan rann mwen sèvis.
Filipyen 2:19-30 New International Version (NIV)
I hope in the Lord Jesus to send Timothy to you soon, that I also may be cheered when I receive news about you. I have no one else like him, who will show genuine concern for your welfare. For everyone looks out for their own interests, not those of Jesus Christ. But you know that Timothy has proved himself, because as a son with his father he has served with me in the work of the gospel. I hope, therefore, to send him as soon as I see how things go with me. And I am confident in the Lord that I myself will come soon. But I think it is necessary to send back to you Epaphroditus, my brother, co-worker and fellow soldier, who is also your messenger, whom you sent to take care of my needs. For he longs for all of you and is distressed because you heard he was ill. Indeed he was ill, and almost died. But God had mercy on him, and not on him only but also on me, to spare me sorrow upon sorrow. Therefore I am all the more eager to send him, so that when you see him again you may be glad and I may have less anxiety. So then, welcome him in the Lord with great joy, and honor people like him, because he almost died for the work of Christ. He risked his life to make up for the help you yourselves could not give me.
Filipyen 2:19-30 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
J’espère, en comptant sur le Seigneur Jésus, vous envoyer bientôt Timothée pour être moi-même encouragé par les nouvelles qu’il me donnera de vous. Il n’y a personne ici, en dehors de lui, pour partager mes sentiments et se soucier sincèrement de ce qui vous concerne. Car tous ne s’intéressent qu’à leurs propres affaires et non à la cause de Jésus-Christ. Mais vous savez que Timothée a fait ses preuves : comme un enfant aux côtés de son père, il s’est consacré avec moi au service de l’Evangile. C’est donc lui que j’espère pouvoir vous envoyer dès que je verrai quelle tournure prennent les événements pour moi. Et j’ai cette confiance dans le Seigneur que je viendrai bientôt moi-même chez vous. Par ailleurs, j’ai estimé nécessaire de vous renvoyer Epaphrodite, mon frère, mon collaborateur et mon compagnon d’armes, votre délégué auquel vous avez donné la charge de subvenir à mes besoins. Il avait, en effet, un grand désir de vous revoir et il était préoccupé parce que vous avez appris qu’il était malade. Il a été malade, c’est vrai, et il a frôlé la mort, mais Dieu a eu pitié de lui, et pas seulement de lui, mais aussi de moi, pour m’éviter d’avoir peine sur peine. Je me suis donc hâté de vous le renvoyer pour que vous vous réjouissiez de le revoir : cela adoucira ma peine. Réservez-lui donc un accueil digne de votre union commune au Seigneur ; recevez-le avec une grande joie. Ayez de l’estime pour de tels hommes, car c’est en travaillant au service de Christ qu’il a failli mourir. Il a exposé sa vie pour s’acquitter, à votre place, du service que vous ne pouviez me rendre vous-mêmes.