Filemon 1

1
Salitasyon
1Mwen menm Pòl, ki nan prizon poutèt Jezikri, #Ef 3.1 m'ap ekri lèt sa a, ansanm ak frè Timote.
Pou Filemon, yon moun nou renmen anpil epi k'ap travay ansanm ak nou pou Senyè a, 2pou #Kol 4.17; 2 Tim 2.3 tout legliz la ki reyini lakay li a, pou Apya, sè nou an, ak Achip, kanmarad ki te konbat ansanm ak nou an. 3Nou #Wòm 1.7 mande Bondye, Papa nou, ansanm ak Jezikri, Senyè nou an, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze.
Filemon gen renmen ak konfyans
4Chak fwa m'ap lapriyè, mwen nonmen non ou, mwen di Bondye mèsi pou ou. 5Paske m tande jan ou renmen tout pèp Bondye a, jan ou gen konfyans nan Senyè Jezi. 6M'ap #Fil 1.9 mande Bondye pou konfyans nou gen ansanm nan li a ka fè nou konprann pi byen tout benediksyon nou jwenn nan lavi n'ap mennen ansanm nan Kris la. 7Se #2 Kor 7.4 pa ti kontan m te kontan, sa te ankouraje m anpil, frè mwen, lè m tande jan ou renmen moun ki fè pati pèp Bondye a, jan ou te remoute kouray yo anpil.
Pòl mande yon favè pou Onezim
8Se poutèt sa, atout Kris la ban m otorite pou m di ou sa ou gen pou ou fè, 9m pito mande ou rann mwen sèvis sa a nan non Kris la ki renmen nou: wi, mwen menm Pòl, tou vye granmoun jan m ye a, atout mwen nan prizon poutèt Jezikri, 10m'ap #Kol 4.9; Gal 4.19; 1 Kor 4.15 mande ou yon favè pou Onezim, yon pitit mwen fè nan Kris la antan m la nan prizon an. 11Anvan sa, li pat vo anyen pou ou, men kounyeya, li vo kichòy ni pou ou ni pou mwen.
12M'ap voye l tounen ba ou kounyeya tankou pitit pa mwen. 13M ta #Fil 2.30 byen renmen kenbe l bò kote m, pou l te ka sèvi m nan plas ou, pandan m nan prizon pou bòn nouvèl la. 14Men, #2 Kor 9.7; 1 Pyè 5.2 m-pa vle fè anyen san konsantman ou. Mwen pa ta renmen sa sanble se fòse m'ap fòse ou rann mwen sèvis. Mwen ta pito wè ou fè l ou menm, paske ou vle fè li.
15Ou pa janm konnen si Onezim pat kite ou pou yon tan, pou ou te ka jwenn li ankò pou tout tan. 16Paske, #1 Tim 6.2 se pa tankou yon senp esklav ou jwenn li ankò. Kounyeya, li plis pase yon esklav pou ou: se yon frè li ye pou nou nan Kris la, yon frè mwen renmen anpil. Men, ou menm ou dwe renmen li pi plis pase m ankò. Pa sèlman tankou nenpòt ki moun, men tankou yon frè nan Senyè a.
17Si ou konsidere m pou zanmi ou, resevwa Onezim menm jan ou ta resevwa mwen. 18Si l te fè ou kèk bagay mal, osinon si l dwe ou kichòy, mete sa sou kont mwen. 19Mwen #Gal 6.11; 2 Tes 3.17 menm Pòl, m'ap ekri sa ak men pa mwen: m'a renmèt ou sa. Mwen pa kwè m bezwen fè ou chonje jan ou dwe m lavi. 20Wi, frè m, fè m favè sa a nan non Senyè a. Soulaje kè m tankou yon frè nan Kris la dwe fè li.
21Se paske mwen konnen w'ap fè sa m mande ou la ki fè m ekri ou lèt sa a. Mwen konnen ou va fè pi plis pase sa m mande ou la. 22An #Fil 1.25; 2.24 menm tan, pare yon chanm pou mwen, paske, pou lapriyè mwen konnen nou fè pou mwen, m kwè Bondye va tande nou, l'a fè m favè vin jwenn nou ankò.
Zanmi Pòl yo voye bonjou
23Epafras #Kol 1.7; 4.12 ki nan prizon ansanm ak mwen poutèt Jezi, Kris la, voye bonjou pou ou. 24Mak, #Kol 4.10,14 Aristak, Demas ak Lik k'ap travay ansanm ak mwen, yo tout voye bonjou tou. 25Se pou benediksyon Jezikri, Senyè nou an, toujou la avèk nou. Amèn.

Chwazi Kounye ya:

Filemon 1: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an