M'ap voye l tounen ba ou kounyeya tankou pitit pa mwen. M ta byen renmen kenbe l bò kote m, pou l te ka sèvi m nan plas ou, pandan m nan prizon pou bòn nouvèl la. Men, m-pa vle fè anyen san konsantman ou. Mwen pa ta renmen sa sanble se fòse m'ap fòse ou rann mwen sèvis. Mwen ta pito wè ou fè l ou menm, paske ou vle fè li. Ou pa janm konnen si Onezim pat kite ou pou yon tan, pou ou te ka jwenn li ankò pou tout tan. Paske, se pa tankou yon senp esklav ou jwenn li ankò. Kounyeya, li plis pase yon esklav pou ou: se yon frè li ye pou nou nan Kris la, yon frè mwen renmen anpil. Men, ou menm ou dwe renmen li pi plis pase m ankò. Pa sèlman tankou nenpòt ki moun, men tankou yon frè nan Senyè a.
Li Filemon 1
Koute Filemon 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Filemon 1:12-16
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo