Nonb 32:1-32

Nonb 32:1-32 HAT98

Moun branch fanmi Riben ak moun branch fanmi Gad yo te gen anpil anpil bèt. Lè yo wè jan peyi Jazè a ak peyi Galarad la te bon pou fè gadinaj, yo vin jwenn Moyiz, Eleaza, prèt la, ak chèf fanmi pèp Izrayèl yo, yo di yo konsa: — Tout rejyon kote nou jwenn lavil sa yo: Atawo, Dibon, Jazè, Nimra, Esbon, Eleyale, Sèbam, Nebo ak Biyon, tout peyi Senyè a te ede moun pèp Izrayèl yo pran pou yo bò isit la, se tè ki bon pou fè gadinaj, lèfini nou menm nou gen anpil bèt. Tanpri, si ou vle fè nou favè sa a, ban nou peyi sa a pou pòsyon pa nou. Pa fòse nou janbe lòt bò larivyè Jouden an. Moyiz reponn yo: — Nou ta renmen rete isit la pandan lòt frè nou yo pral nan goumen? Poukisa nou vle dekouraje moun pèp Izrayèl yo pou yo pa ale nan peyi Senyè a ba yo a? Se menm bagay la zansèt nou yo te fè wi lè mwen te voye yo ale vizite peyi a antan nou te Kadès-Banea. Yo moute jouk nan ravin Echkòl la, yo vizite tout peyi a. Apre sa, yo dekouraje moun pèp Izrayèl yo pou yo pa antre nan peyi Senyè a te ba yo a. Jou sa a, Senyè a te move anpil sou yo. Li sèmante, li di konsa: Okenn nan gason ki te gen ventan osinon ki te pi gran lè yo te sòti kite peyi Lejip p'ap mete pwent pye yo nan peyi mwen te pwomèt sou sèman m'ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb la, paske yo pat kenbe pawòl yo ak mwen, anwetan Kalèb, pitit Jefoune, moun fanmi Kenaz yo, ak Jozye, pitit Noun. Se yo menm sèl ki te toujou swiv Senyè a san mank. Se konsa, Senyè a fè yon sèl move sou pèp Izrayèl la, li fè yo moute desann nan dezè a pandan karantan, jouk dènye moun ki te fè sa ki mal devan Senyè a mouri. Epi kounyeya, nou vle fè tankou papa nou yo? Ou byen wè se pitit yo nou ye vre! Nou pral fè Senyè a pi move ankò sou pèp Izrayèl la. Si nou vire do nou ba li, l'a fè pèp la rete pi lontan ankò nan dezè a. Se nou menm ki va lakòz pèp la fini nèt. Yo pwoche bò Moyiz, yo di l konsa: — Pou konmanse, nou ta renmen moute kloti ak wòch pou fèmen pak bèt nou yo, epi nou ta renmen bati lavil ak ranpa pou pitit nou yo. Men, nou menm gason yo, nou tou pare pou n'ale goumen ansanm ak rès moun pèp Izrayèl yo, pou nou pran devan lè n'ap atake lènmi jouk yo rive nan peyi ki pou yo a. Pandan tan sa a, moun pa nou yo menm va rete isit la nan lavil ak ranpa yo kote moun peyi a p'ap ka fè yo anyen. Nou p'ap tounen lakay nou toutotan tout lòt moun nan pèp Izrayèl la poko jwenn pòsyon tè ki pou yo a. Nou p'ap pran anyen nan tè ki pou yo lòt bò larivyè Jouden an, paske yo ban nou tè ki bò isit larivyè Jouden an, sou kote solèy leve a, pou pòsyon pa nou. Moyiz di yo konsa: — Si nou fè tou sa nou sot di la a, si vreman vre nou pare pou n'al goumen devan Senyè a, si tout gason ki ka goumen pami nou yo janbe lòt bò larivyè Jouden an devan Senyè a, jouk Senyè a va fin kraze tout lènmi l yo devan li, enben, apre tout peyi a va tonbe anba men Senyè a, n'a tounen vin lakay nou, paske n'a fin fè tou sa nou te dwe fè pou Senyè a ak pou pèp Izrayèl la. Lè sa a, tout peyi ki bò isit la va rele nou pa nou devan Senyè a. Men, si nou pa fè tou sa, konnen se kont Senyè a menm n'a peche. N'a peye konsekans peche nou an. Nou mèt bati lavil ak ranpa pou moun pa nou yo. Nou mèt moute lantouray pou mete bèt nou yo nan pak. Men, se pou nou fè sa nou pwomèt n'ap fè a. Moun fanmi Riben yo ak moun fanmi Gad yo di konsa: — Mèt, n'ap fè tou sa ou mande nou fè. Pitit nou yo va rete nan lavil ki nan peyi Galarad yo ansanm ak madanm nou yo ak tout bèf, tout mouton ak tout kabrit nou yo. Men, nou menm gason ki pare pou n'al goumen yo, n'ap pase devan Senyè a pou n'al fè lagè jan ou di l la. Lè sa a, Moyiz bay Eleaza, prèt la, Jozye, pitit gason Noun lan, ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl la lòd sa a sou moun sa yo. Li di yo: — Si gason nan branch fanmi Riben ak nan branch fanmi Gad yo janbe lòt bò larivyè Jouden an avèk nou tou pare pou y'al goumen devan Senyè a, lè tout peyi a va anba men nou, n'a ba yo tè peyi Galarad la pou yo. Men, si yo pa janbe lòt bò larivyè Jouden an pou y'al goumen avèk nou, y'a resevwa pòsyon tè pa yo nan peyi Kanaran an ansanm ak nou. Mesye branch fanmi Riben ak branch fanmi Gad yo reponn Moyiz, yo di l konsa: — N'a fè tou sa Senyè a mande nou fè. Se sèvitè li nou ye. N'a janbe lòt bò larivyè a tou pare pou n'al goumen devan Senyè a, n'a antre nan peyi Kanaran an. Men toutjan, nou mande pou yo ban nou pòsyon tè ki bò isit larivyè Jouden an pou nou.