Nonb 31

31
Izrayèl bat Madyan yo
1Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:
2— Ou #Nonb 25.17 pral pini moun Madyan yo pou sa yo fè moun pèp Izrayèl yo pase. Apre sa, ou pral mouri pou ou al jwenn moun pa ou yo ki mouri deja.
3Se konsa, Moyiz pale ak pèp la, li di yo konsa:
— Pare kèk gason nan mitan nou pou y'al goumen, pou yo mache pran moun Madyan yo, fè yo peye sa yo fè Senyè a. 4N'a pran mil gason nan chak branch fanmi pèp Izrayèl la pou n voye al goumen.
5Se konsa nan tout kantite gason ki nan pèp Izrayèl la, yo pran mil gason nan chak branch fanmi. Sa te bay douzmil (12.000) gason antou ki te pare pou al goumen. 6Moyiz #Nonb 10.9 voye douzmil gason sa yo al fè lagè. Li voye ak yo Fineas, pitit gason Eleaza, prèt la, ki t'ap pote veso Bondye yo ak twonpèt pou bay siyal yo.
7Yo #Det 20.13; Jij 21.11 atake moun Madyan yo jan Senyè a te bay Moyiz lòd la, yo touye tout gason yo. 8Yo #Joz 13.21,22 touye senk wa moun Madyan yo: Evi, Rekèm, Zou, Our ak Reba. Yo touye Balaram, pitit Beyò a, tou. 9Moun Izrayèl yo fè tout fanm ak tout timoun Madyan yo prizonye. Yo pase men yo pran tout bèf yo, tout mouton yo, tout kabrit yo ak tout lòt byen yo. 10Yo boule tout kay nan lavil yo ak tout kan kote moun yo te rete. 11Apre #Det 20.14 sa, yo pran tou sa yo te ranmase, tout bèt ak tout moun yo te fè prizonye yo, 12yo mennen yo bay Moyiz ansanm ak Eleaza, prèt la, ak tout moun pèp Izrayèl yo ki te nan kan an, nan plenn Mowab yo, lòt bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko.
Lame a sòti nan lagè
13Moyiz, Eleaza, prèt la ak tout chèf pèp Izrayèl yo sòti nan kan an al kontre lame a. 14Moyiz move sou chèf reskonsab lame yo, sou chèf divizyon mil yo ak chèf konpanyi san yo ki t'ap tounen sòti nan lagè a. 15Li #Det 2.34; 20.13; Joz 6.21; 8.25; 1 Sam 15.3 di yo konsa:
— Poukisa nou pa touye tout medam sa yo? 16Se #Nonb 25.1-3 yo menm ki te swiv konsèy Balaram yo, se yo ki te lakòz moun pèp Izrayèl yo te vire do bay Bondye nan zafè Baal-Peyò a, kifè gwo malè nou konnen an te tonbe sou pèp Izrayèl la. 17Se #Jij 21.11 pou nou touye tout pitit gason yo. Se pou nou touye tout fanm ki kouche ak gason deja. 18Men, n'a sove lavi tout jenn fi ki poko janm kouche ak gason. N'a pran yo pou nou. 19Men, #Nonb 5.2; 19.12,16 nou menm ki touye moun osinon ki manyen kadav moun mouri, nou pral rete sèt jou andeyò limit kan an. Sou twazyèm jou a ak sou setyèm jou a n'a fè sèvis pou mete nou nan kondisyon, nou menm ak tout prizonye nou yo, pou nou ka fè sèvis Bondye. 20N'a fè sèvis pou mete tout rad ak tout bagay ki fèt ak po bèt, bagay ki fèt ak pwal kabrit, bagay ki fèt an bwa, nan kondisyon pou moun k'ap sèvi Bondye ka sèvi ak yo.
21Eleaza, prèt la, pale ak mesye ki te tounen sòti nan lagè yo. Li di yo konsa:
— Men yon regleman nou jwenn nan lòd Senyè a te bay Moyiz. 22Tout moso lò, tout moso ajan, tout bout fè, tout moso kwiv, tout moso plon, 23tou #Nonb 19.9,17,18 sa ki pa ka boule nan dife, n'a pase yo nan dife pou yo ka nan kondisyon sèvi pou moun k'ap sèvi Bondye. Men tou sa ki ka boule nan dife, se nan dlo yo mete apa pou sa a n'a pase yo pou yo ka nan kondisyon sèvi pou moun k'ap sèvi Bondye. 24Sou #Lev 11.25; 14.9 setyèm jou a, n'a lave rad ki sou nou yo. Konsa n'a nan kondisyon pou nou fè sèvis Bondye. Se lè sa a n'a ka antre nan kan an.
Separasyon bagay yo pran nan lagè
25Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:
26— Ou menm, Moyiz ak Eleaza, prèt la, ansanm ak tout lòt chèf pèp Izrayèl yo, n'a konte tou sa lame a te ranmase nan lagè a, san bliye bèt yo ak prizonye yo. 27Apre #Joz 22.8; 1 Sam 30.24 sa, n'a separe tout bagay mwatye pou mwatye, mwatye pou moun ki te al goumen yo, mwatye pou rès moun pèp Izrayèl yo. 28Nan mwatye ki pou moun ki te al goumen yo, n'a wete yon pòsyon ki va tankou yon taks y'a peye pou Senyè a: sou chak senksan (500) moun, sou chak senksan bèt menm kalite, bèf, bourik, mouton, kabrit, w'a wete yonn pou Senyè a. 29Sa w'a wete nan mwatye ki pou moun ki te al goumen yo, w'a bay Eleaza, prèt la, tankou yon bagay yo pran pou Senyè a. 30Sou #Nonb 1.53 lòt mwatye ki rete pou rès moun pèp Izrayèl la, w'a pran yonn sou chak senkant moun, sou chak senkant bèt menm kalite, bèf, bourik, mouton, kabrit. Epi w'a bay moun Levi yo ki reskonsab Tant Randevou Senyè a.
31Moyiz ak Eleaza, prèt la, te fè tout bagay jan Senyè a te bay Moyiz lòd fè a.
32San konte sa sòlda yo te pran pou yo menm, men sa yo te pran nan men lènmi yo epi yo te pote bay Moyiz: sisanswasannkenzmil (675.000) mouton ak kabrit, 33swasanndouzmil (72.000) bèf, 34swasanteyenmil (61.000) bourik, 35tranndemil (32.000) jenn fi ki poko janm kouche ak gason. 36Yo pran mwatye ladan yo bay sòlda ki te al goumen yo. Epi yo wete sa ki pou Senyè a ladan l. Sa te fè twasantrannsètmil senksan (337.500) mouton ak kabrit, 37ak sisanswasannkenz (675) ladan yo pou Senyè a, 38trannsimil (36.000) bèf ak swasanndouz ladan yo pou Senyè a, 39trantmil senksan (30.500) bourik ak swasanteyen ladan yo pou Senyè a, 40sèzmil (16.000) jenn fi ak trannde ladan yo pou Senyè a. 41Se #Nonb 18.8,19 konsa, Moyiz renmèt bay Eleaza, prèt la, tou sa yo te wete pou Senyè a, jan Senyè a te bay Moyiz lòd la.
42Lòt mwatye a te pou rès pèp Izrayèl la. Lè Moyiz fin wete sa ki te pou sòlda yo, 43men sa ki te rete: twasantrannsètmil senksan (337.500) mouton ak kabrit, 44trannsimil (36.000) bèf, 45trantmil senksan (30.500) bourik ak 46sèzmil (16.000) jenn fi. 47Sou mwatye ki te pou rès moun pèp Izrayèl la, Moyiz pran yon moun sou chak senkant moun ak yon bèt sou chak senkant bèt menm kalite, li bay moun Levi yo ki te reskonsab tant Senyè a, jan Senyè a te bay Moyiz lòd la.
48Lè sa a, tout moun ki te chèf lame a, chèf divizyon mil yo ak chèf konpanyi san yo, yo tout vin jwenn Moyiz. 49Epi yo di l:
— Nou konte kantite sòlda ki te sou kont nou yo, nou jwenn yo tout la. 50Se #Egz 30.12 poutèt sa, n'ap pote tout bijou lò nou te jwenn epi nou te pran: brasle, chennèt, bag, zanno, chenn ak meday, n'ap ofri yo bay Senyè a pou li ka fè nou gras.
51Moyiz ak Eleaza, prèt la, resevwa tout bijou lò yo te pote yo. 52Sa te fè katsan (400) liv konsa chèf divizyon mil yo ak chèf konpanyi san yo te pote bay Moyiz ak Eleaza ki te resevwa yo pou Senyè a. 53Men, #Nonb 31.32; Det 20.14 sòlda yo menm te kenbe sa yo te pran pou tèt pa yo. 54Se #Egz 30.16 konsa Moyiz ak Eleaza, prèt la, pran lò chèf divizyon mil ak chèf konpanyi san yo te pote ba yo a, yo pote l nan Tant Randevou a, pou Senyè a te ka toujou chonje pwoteje pèp Izrayèl la.

Chwazi Kounye ya:

Nonb 31: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte