Moyiz al pale koze a avèk Senyè a. Senyè a di l konsa. — Pitit fi Zelochad yo gen rezon. W'a ba yo yon pòsyon tè ki va rete pou yo nan mitan fanmi papa yo. W'a ba yo pòsyon tè ki te pou papa yo a. Apre sa, w'a pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo konsa: Si yon moun mouri san li pa kite pitit gason, n'a renmèt pòsyon tè pa l la bay pitit fi li yo. Si li pa gen pitit fi, n'a renmèt pòsyon tè pa l la bay frè l yo. Si li pa gen frè, n'a renmèt tè a bay frè papa l yo. Si papa l pat gen frè, n'a renmèt li bay fanmi pi pre l la. Epi tè a va rete pou li. Se pou moun pèp Izrayèl yo swiv regleman sa a tankou yon lwa, jan mwen menm Senyè a, mwen te bay Moyiz lòd la.
Li Nonb 27
Koute Nonb 27
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Nonb 27:5-11
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo