Senyè a di Moyiz konsa:
— Moute sou mòn Abarim. Voye je ou gade peyi mwen pral bay moun pèp Izrayèl yo. Lè w'a fin wè li, ou pral mouri, tankou Arawon, frè ou la, paske nou tou de nou pat fè sa m te di nou fè a nan dezè Zin lan. Lè pèp la t'ap chache m kont bò sous dlo Meriba yo, nou te refize kite m fè yo wè pouvwa mwen nan zafè dlo a.
(Meriba se sous dlo bò Kadès nan dezè Zin lan.)
Lè sa a, Moyiz pale ak Senyè a, li di l konsa:
— O Senyè, Bondye ki bay tout moun lavi, tanpri, chwazi yon nonm ki ka mennen pèp la, yon nonm ki ka mache alatèt yo nan tout antre soti yo, pou pèp ou a, pèp Senyè a, pa rete tankou yon bann mouton san gadò.
Senyè a reponn Moyiz:
— Pran Jozye, pitit gason Noun lan. Se yon nonm ki gen lespri Bondye k'ap travay nan kè l. W'a mete men ou sou tèt li, epi w'a fè l kanpe devan Eleaza, prèt la, ak devan tout pèp la. Epi la, devan yo tout, w'a ba li tout lòd ou gen pou ba li. W'a separe avè l pouvwa otorite ou genyen an, pou tout moun nan pèp Izrayèl la ka obeyi l. L'a toujou kanpe devan Eleaza, prèt la, ki va sèvi ak Ourim yo pou chache konnen sa mwen vle yo fè. Se konsa, Eleaza va dirije Jozye ak tout pèp la nan tout antre sòti yo.
Moyiz fè jan Senyè a te ba li lòd fè a. Li pran Jozye, li fè l kanpe devan Eleaza, prèt la, ak tout pèp la. Li mete men l sou tèt li, epi li ba li lòd li yo, jan Senyè a te di l la.