Nonb 24:15-25

Nonb 24:15-25 HAT98

Epi Balaram pran chante chante sa a: — Men sa, mwen menm Balaram, pitit Bèyò, m'ap di. Men pawòl k'ap sòti nan bouch moun Bondye te louvri je li a, moun ki gen konesans ki soti nan Bondye nan syèl la, moun ki te kwè sa Bondye ki gen tout pouvwa a fè li wè a. Li te tonbe fas atè, men Bondye te louvri je li. Mwen wè sa ki gen pou rive pèp Izrayèl la. M'ap gade sa ki pral rive l pita. Tankou yon gwo zetwal, mwen wè yon chèf k'ap sòti nan fanmi Jakòb la. Yon gwo wa pral leve nan mitan pèp Izrayèl la. L'ap kraze chèf Mowab yo, l'ap detwi tout pitit Sèt yo. Y'a deposede moun Edon yo. Y'a pran peyi Seyi a nan men lènmi l yo. Men, yo menm, moun Izrayèl yo, y'ap fè mèvèy nan lagè. Yon gwo chèf pral sòti nan pèp Izrayèl la. L'a gouvènen sou yo tout. L'a touye rès moun ki te rete nan lavil yo apre batay la. Apre sa, Balaram wè moun Amalèk yo nan vizyon l lan. Li bay mesay sa a, li di konsa: — Moun Amalèk yo, se yon nasyon ki fò anpil. Men, bout pou bout, yo gen pou yo disparèt nèt. Apre sa, Balaram wè moun Kayen yo nan vizyon l lan. Li bay mesay sa a, li di konsa: — Kote ou rete a ou byen pwoteje. Ou ta di yon nich poze sou tèt yon gwo falèz. Men, wè pa wè, moun Kayen yo la pou yo fini mal. Peyi Lasiri va depòte yo. Balaram pran pale ankò. Li bay mesay sa a, li di ankò: — Kilès ki va la lè Bondye va fè tou sa? Lè sa a, moun ap sòti lavil Kitim nan bato vin anvayi peyi a. Yo pral kraze peyi Lasiri ak lavil Babilòn. Men, ata moun Kitim yo gen pou disparèt nèt tou. Apre sa, Balaram leve, li tounen tounen l lakay li. Epi Balak al fè wout li.