Nonb 22

22
Pwofèt Balaram ak wa Balak
1Moun pèp Izrayèl yo kite kote yo #Nonb 33.48 te ye a, y'al moute kan yo nan plenn Mowab, ki lòt bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko.
2Lè wa Balak, pitit Zipò, wè tou sa moun pèp Izrayèl yo te fè moun Amori yo, 3li #Egz 15.15 menm ak tout moun pèp Mowab yo te vin pè pèp Izrayèl la kou chat, paske moun pèp Izrayèl yo te anpil anpil. 4Moun #Nonb 31.8; Joz 13.21 Mowab yo pale ak chèf fanmi moun Madyan yo, yo di yo:
— Bann moun sa yo pral manje tou sa ki alantou nou, tankou bèf k'ap manje zèb nan savann.
Lè sa a, se Balak, pitit Zipò, ki te wa peyi Mowab. 5Li voye kèk mesaje bò kote Balaram, pitit Beyò a, ki te rete lavil Petò, bò gwo larivyè Lefrat la nan peyi moun Amaf yo. Men konmisyon li te voye ba li:
— Men, gen yon pèp la a ki sòti nan peyi Lejip. Y'ap mache pran tout peyi pou yo. Kounyeya, men yo kanpe toupre lòt bò fontyè peyi mwen an. 6Tanpri, vini non. Vin madichonnen yo pou mwen, paske yo pi fò pase m. Lè sa a, ou pa janm konnen, m'a ka bat yo, m'a mete yo deyò nan peyi a. Paske mwen konnen lè ou beni yon moun, li beni nèt, Konsa tou, lè ou bay yon moun madichon, li madichonnen nèt.
7Se #1 Sam 9.7,8; Mi 3.11; 2 Pyè 2.15; Jid 11 konsa, chèf fanmi moun Mowab yo ak chèf fanmi moun Madyan yo pati. Yo te pote ak yo sa ki te nesesè pou peye konsiltasyon an. Yo rive kay Balaram, epi yo ba li konmisyon Balak la. 8Balaram di yo:
— Bon. Nou mèt pase nwit la isit la. Denmen m'a ban nou repons mwen dapre sa Senyè a va fè m konnen.
Se konsa, chèf fanmi moun Mowab yo rete lakay Balaram. 9Bondye vin bò kote Balaram, li di l konsa:
— Ki moun sa yo ki lakay ou a?
10Balaram reponn:
— Se Balak, pitit Zipò a, wa peyi Mowab, ki voye yo vin di m: 11Men gen yon pèp ki sòti nan peyi Lejip k'ap mache pran tout peyi pou yo. Tanpri, vini ba yo madichon pou li. Konsa, l'a ka rive bat yo, l'a ka mete yo deyò nan peyi a.
12Men #Jen 12.2; Nonb 23.20 Bondye di Balaram konsa:
— Piga ou ale ak mesye sa yo, tande. Piga ou bay pèp Izrayèl la madichon, paske se mwen ki beni yo.
13Nan denmen maten, byen bonè, Balaram leve, l'al jwenn moun Balak te voye yo, li di yo:
— Tounen lakay nou, paske Senyè a pa vle kite male ak nou.
14Se konsa chèf moun Mowab yo leve, yo tounen bò kote Balak, yo di l konsa:
— Balaram refize vini avèk nou!
15Lè sa a, Balak voye yon bann lòt chèf kote Balaram ankò. Men, fwa sa a chèf sa yo te pi plis, epi yo te pi grannèg pase premye yo. 16Mesye yo leve vre, y'ale bò kote Balaram, epi yo di l konsa:
— Men sa Balak, pitit Zipò a, voye di ou: Tanpri, pa kite anyen anpeche ou vin bò kote m. 17Gade: m'ap kite anpil bèl bagay pou ou. M'ap fè tou sa ou di m fè. Tanpri, vini non! Vin bay pèp sa a madichon pou mwen.
18Men, #1 Wa 22.14 Balaram reponn moun Balak yo, li di yo:
— Balak te mèt ban mwen kay li plen ajan ak lò, mwen p'ap fè anyen, ni lou ni lejè, ki pou fè m dezobeyi lòd Senyè a, Bondye mwen an. 19Yon sèl bagay, nou mèt dòmi isit la aswè a, pou m ka konnen si Senyè a gen lòt bagay li vle di m ankò.
20Jou lannwit sa a, Bondye vin jwenn Balaram, epi li di l konsa:
— Si se chache mesye sa yo vin chache ou, ou mèt leve ale ak yo. Men, se sa mwen di ou fè ase pou ou fè.
21Nan denmen maten, byen bonè, Balaram leve, li sele manman bourik li a, epi li pati avèk chèf moun Mowab yo.
Balaram ak bourik li a
22Pati #Egz 4.24 Balaram pati, Bondye fache sou li. Se konsa, antan Balaram taprale sou manman bourik li a, avèk de domestik ki t'ap mache avè l yo, zanj Senyè a vin kanpe nan mitan wout la pou bare chemen l. 23Lè manman bourik la wè zanj Senyè a ki te kanpe nan mitan wout la avèk nepe li nan men l, bourik la chankre, li lage kò l nan jaden. Balaram bat bourik la jouk li fè l tounen sou wout la. 24Men zanj Senyè a vin kanpe yon kote wout la te jennen, kote wout la pase nan mitan de jaden rezen avèk yon miray kloti sou chak bò. 25Lè manman bourik la wè zanj Senyè a, l'al fwote kò l sou miray la. Se konsa li kwense pye Balaram sou miray la. Balaram tanmen bat li ankò. 26Zanj Senyè a fè yon ti mache ankò, epi l'al kanpe yon kote wout la te pi jennen toujou, kifè pat gen yon ti espas menm pou pase ni adwat, ni agòch. 27Lè bourik la wè zanj Senyè a, fwa sa a, li kouche ak tout Balaram sou li. Balaram fache, li tonbe bat bourik la ak gwo baton ki te nan men l lan. 28#2 Pyè 2.16 sa a, Senyè a bay bourik la lapawòl. Bourik la di Balaram konsa:
— Kisa m fè ou? Poukisa an twa fwa ou bat mwen konsa:
29Balaram di bourik la konsa:
— Se paske w'ap pase m nan jwèt! Pa pito se te yon manchèt osinon yon nepe ki te nan men m, ou ta gentan konnen. Ou mouri lontan!
30Bourik la reponn, li di l:
— Eske se pa bourik ou mwen ye! Se pa sou mwen ou toujou moute depi tout tan jouk jòdi a? Ou janm wè mwen konn aji konsa avè ou?
Balaram reponn:
— Non!
31#2 Wa 6.17; Lik 24.31 sa a, Senyè a louvri je Balaram, li fè l wè zanj lan ki te kanpe nan mitan wout la avèk nepe l nan men l. Balaram lage kò l fas atè. 32Zanj lan di l konsa:
— Poukisa an twa fwa ou bat bourik la konsa? Se mwen menm ki vin bare chemen ou, paske ou pat dwe al fè vwayaj sa a. 33Men bourik ou a te wè m. Se poutèt sa, an twa fwa, li te vle chankre. Men, ou mèt di l mèsi, paske si li pat fè sa, mwen ta gentan touye ou. Li menm, mwen pa t'ap fè l anyen.
34Balaram #1 Sam 15.24; 26.21 reponn:
— Sa m fè a pa bon, vre! Sèlman, mwen pat konnen se ou menm ki te bare wout la devan m. Men si kounyeya ou pa vle mal pi lwen, m'ap tou tounen lakay mwen.
35Men, zanj Bondye a di li:
— Ou mèt ale ak mesye yo. Selman, pa di anyen pase sa m'a di ou di.
Se konsa Balaram ale ak chèf Balak te voye bò kote l yo.
Balak resevwa Balaram
36Lè Balak vin konnen Balaram t'ap vini, li pati, l'al kontre l jouk Ar-Mowab, yon lavil sou fontyè bò larivyè Anon an. 37Balak di Balaram konsa:
— Ki jan fè mwen voye moun al chache ou, ou pa vin jwenn mwen? Se konprann ou konprann mwen pa ta ka resevwa ou jan ou merite l la?
38Balaram reponn:
— Apa mwen vini fwa sa a! Men mwen tou pale ou, se pawòl Bondye va mete nan bouch mwen ase m'ap di.
39Se konsa, Balaram ale avèk Balak jouk yo rive lavil Kiriyat-Ousòt. 40Rive la, Balak fè touye bèf ak mouton, epi li voye kèk moso vyann bay Balaram ansanm ak chèf ki te avè l yo.
Premye pawòl Bondye nan bouch Balaram
41Nan denmen maten, Balak pran Balaram, yo moute sou mòn Bamòt-Baal. Antan yo la, yo te kapab wè yon pòsyon nan moun Izrayèl yo.

Chwazi Kounye ya:

Nonb 22: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte