Nonb 20:1-13

Nonb 20:1-13 HAT98

Sou premye mwa a, tout moun pèp Izrayèl yo te rive nan dezè Zin lan, epi yo moute tant yo yon kote yo rele Kadès. Se la Miryam mouri, se la menm yo antere l. Men, pat gen dlo la pou pèp la te bwè. Pèp la sanble bò kote Moyiz ak Arawon, yo leve kont ak yo. Pèp la fè kont ak Moyiz, yo di l konsa: — Pa pito nou te mouri devan lotèl Senyè a ansanm ak lòt frè nou yo! Poukisa ou mennen nou nan dezè a? Gen lè se pou fè nou mouri, nou menm pèp Senyè a, ansanm ak tou bèt nou yo? Poukisa ou fè nou sòti kite peyi Lejip la pou mennen nou nan move kote sa a? Se yon kote ou pa jwenn grenn pou simen, ou pa jwenn okenn pye fig frans, ni pye resen, ni pye grenad. Pa menm gen dlo pou moun bwè! Moyiz ak Arawon pati kite pèp la, y'ale devan pòt Tant Randevou a. Yo lage kò yo fas atè, epi bèl limyè prezans Bondye a parèt sou yo. Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa: — Pran baton ki sou devan Bwat Kontra a. Lèfini, ou menm ak Arawon, frè ou la, sanble tout pèp la. Epi devan yo tout, w'a pale ak wòch ki bò laba a, wòch la va bay dlo. Se konsa w'a fè dlo sòti nan wòch la pou pèp la, pou yo tout ka bwè ansanm ak bèt yo. Moyiz pran baton ki sou devan lotèl la, jan Senyè a te ba li lòd la. Moyiz ak Arawon sanble tout pèp la devan gwo wòch la. Epi Moyiz di yo: — Louvri zòrèy nou, bann moun tèt di! Se vle nou vle mwen fè dlo sòti nan wòch sa a pou nou? Moyiz leve men l, li frape wòch la de fwa avèk baton an. Epi yon gwo sous dlo pete nan wòch la. Tout moun yo bwè ansanm ak bèt yo tou. Men, Senyè a di Moyiz ak Arawon konsa: — Paske nou pat fin gen konfyans nèt nan mwen pou n te fè moun pèp Izrayèl yo wè jan mwen se yon Bondye apa, se pa nou menm m'ap kite mennen pèp la antre nan peyi mwen pwomèt m'ap ba yo a. Se kote sa a yo rele sous Meriba a, paske se la moun pèp Izrayèl yo te leve kont ak Senyè a. Se la Senyè a te moutre yo li se yon Bondye ki pa tankou lòt bondye yo.