Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa: — Pale ak moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo pou mwen: Se pou yo toujou mete ponpon sou woulèt rad yo, se pou yo pase kòdon ble nan chak ponpon. Se pou nou toujou fè sa de pitit an pitit. Chak fwa n'a wè ponpon sa yo, sa va fè nou chonje tou sa Senyè a te ban nou lòd fè pou nou ka fè yo. Konsa, nou p'ap pèdi tèt nou, nou p'ap vire do ban mwen pou nou swiv pwòp lide pa nou ak pwòp dezi pa nou. Ponpon yo va fè nou chonje tout lòd mwen te ban nou pou nou ka swiv yo, pou nou ka viv apa nèt pou mwen menm ki Bondye nou an. Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an. Se mwen menm ki te fè nou sòti kite peyi Lejip la pou m te ka Bondye nou. Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an.
Li Nonb 15
Koute Nonb 15
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Nonb 15:37-41
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo