Nonb 14

14
Plenyen pèp Izrayèl la
(Detewonòm 1.26-33)
1Lè sa a, pèp la pran rele byen fò, yo pase tout nwit la ap kriye san rete. 2Yo #Sòm 106.25; 1 Kor 10.10 tout t'ap bougonnen sou Moyiz ak Arawon. Yo vin di yo konsa:
— Pito nou te mouri nan peyi Lejip osinon nan dezè a! 3Poukisa Senyè a mennen nou nan peyi sa a? Koulyeya yo pral touye nou nan lagè, yo pral pran madanm nou ak pitit nou fè esklav. Pa pito nou retounen nan peyi Lejip?
4Yonn #Det 17.16 t'ap di lòt:
— Ann chwazi yon lòt chèf! Ann tounen nan peyi Lejip!
5Lè Moyiz ak Arawon wè sa, yo tonbe fas atè devan tout pèp la ki te sanble la a. 6Lè sa a, de nan espyon yo, Jozye pitit Noun ak Kalèb pitit Jefoune, frape pye yo atè sitèlman yo te fache. 7Epi yo di pèp la:
— Peyi nou te al vizite a se yon bon bon peyi. 8Si #Nonb 13.27; Det 10.15 Senyè a vle fè sa pou nou, l'ap fè nou antre nan peyi a, l'ap ban nou li. Se yon peyi ki rich anpil, yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. 9Sèlman, #Jen 48.21; Det 9.7,23,24; 20.1,3,4; Sòm 14.4 pa kenbe tèt ak Senyè a! Nou pa bezwen pè moun k'ap viv nan peyi sa a. N'ap manje yo tankou kann. Bondye ki t'ap pwoteje yo a kouri mete deyò. Men Senyè a kanpe la avèk nou. Nou pa bezwen pè yo.
10#Egz 17.4; Lev 9.23 sa a, tout pèp la ranmase wòch pou yo kalonnen Jozye ak Kalèb. Men, lamenm pouvwa Bondye a parèt anwo Tant Randevou a, li fè tout pèp la wè l.
Moyiz mande padon pou pèp la
11Senyè a #Sòm 78.22,32; 106.24; Jan 12.37 di Moyiz konsa:
— Kilè pèp sa a va sispann meprize mwen? Kilè y'a sòti pou yo fè m konfyans? Gade tout bèl bagay mwen te fè pou yo. Malgre sa, yo pa vle kwè m toujou! 12M'ap #Egz 32.10 voye yon sèl epidemi sou yo, m'ap touye yo tout. M'ap anpeche yo pran posesyon tè ki pou yo a. Men ou menm, m'ap fè ou tounen yon nasyon k'ap pi gwo, k'ap pi fò pase yo.
13Men, #Egz 32.12; Eze 20.9 Moyiz di Senyè a konsa:
— Se ou menm ak fòs ponyèt ou ki te fè pèp Izrayèl la sòti kite peyi Lejip la. 14#Egz 13.21; 15.14 moun peyi Lejip vin konnen sa ou pral fè pèp la, y'a rakonte li bay moun Kanaran yo. Yo menm tou, yo deja konnen se ou menm, Senyè, ki kanpe la nan mitan pèp la, se ou menm ki parèt aklè devan je yo, se nyaj ou, granmèt, ki rete anwo yo. Se ou menm ki t'ap mache devan yo lajounen nan yon gwo nwaj sou fòm yon poto, lannwit nan yon gwo flanm dife sou fòm yon poto tou. 15Kounyeya, si ou rete konsa ou touye tout pèp ou a, moun lòt nasyon yo ki te tande pale ki kalite moun ou ye, yo pral di 16se #Det 9.28 kapab ou pa te kapab mennen pèp la nan peyi ou te sèmante w'ap ba yo a kifè ou touye yo nan dezè a. 17Non. Senyè! Se kounyeya pou ou fè wè gwo pouvwa ou la, jan ou te pwomèt li a, lè ou te di: 18Se #Egz 34.6,7 mwen menm ki Senyè a, mwen pa an kòlè fasil, mwen p'ap janm sispann renmen nou. M'ap toujou padonnen sa nou fè ki mal ak sa nou te dwe fè nou pa fè. Men, mwen pa nan kase fèy kouvri sa ak pèsonn. Si yon moun fè yon bagay mal, m'ap pini pitit li, pitit pitit li, ak pitit pitit pitit li yo pou sa li fè a, jouk sou twazyèm ak katriyèm jenerasyon. 19Tanpri, #Sòm 78.38 jan ou gen bon kè sa a, padonnen sa pèp la fè ki mal la, menm jan ou te pran pasyans ak yo depi yo kite peyi Lejip jouk yo rive isit la.
Pinisyon pèp la
(Detewonòm 1.34-40)
20Senyè a di:
— M'ap padonnen yo, jan ou mande m lan. 21Men, #Sòm 72.19; Aba 2.14 menm jan ou wè mwen vivan an, menm jan ou wè pouvwa mwen toupatou sou latè, 22okenn #Det 1.31; Sòm 106.25; Eb 3.18 nan moun sa yo p'ap rive viv lontan ase pou yo antre nan peyi a. Yo te wè pouvwa mwen, yo te wè tout bèl bagay mwen te fè nan peyi Lejip ak nan dezè a. Men anpil fwa deja, yo chache wè jouk ki bò mwen ye ak yo, yo pa janm vle koute m lè m pale ak yo. 23Yo #Det 1.35; Eze 20.15 p'ap menm wè peyi mwen te sèmante mwen t'ap bay zansèt yo a. Yo tout ki vire do ban mwen yo, yo yonn p'ap wè peyi a. 24Men, #Nonb 14.6; 32.12; Det 1.36 paske Kalèb, sèvitè m lan, pa aji tankou yo, li swiv mwen san gad dèyè, m'ap fè l antre nan peyi li te al rekonèt la. Pitit pitit li yo va pran peyi a pou yo. 25Y'a rete nan plenn kote moun Amalèk yo ak moun Kanaran yo rete kounyeya. Denmen n'ap fè bak, n'a tounen nan dèzè a ankò nan direksyon Lanmè Wouj la. #14.25: Lanmè Wouj la: Teks èbre a bay Lanmè Wozo yo.
26Apre sa, Senyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa:
27— Kilè #Egz 16.7,12 bann moun mechan sa yo va sispann bougonnen sou do mwen konsa? Mwen bouke tande jan moun pèp Izrayèl yo ap pale m mal. 28Men #Nonb 14.2 sa pou ou di yo pou mwen: Se mwen menm menm, Senyè a, ki di sa. Menm jan nou wè m vivan an, mwen fè sèman sa nou te di k'ap rive nou an, se li k'ap rive nou vre. 29Y'ap #Nonb 1.45; 1 Kor 10.5,10; Eb 3.17; Jid 5 antere kadav nou tout nan dezè a. Nou tout ki t'ap bougonnen sou mwen yo, nou tout yo te konte lè resansman an, nou tout ki gen ventan ak sa ki pi gran yo, nou yonn p'ap antre nan peyi a. 30Dakò! #Det 1.35-38 Mwen te sèmante mwen t'ap fè nou al rete nan peyi a. Men nou yonn p'ap gen chans lan, esepte Kalèb pitit Jefoune ak Jozye pitit Noun. 31Nou #Nonb 14.3; Sòm 106.24 te di pitit pitit nou yo pral tonbe anba men lènmi nou yo. Men, se yo menm m'ap fè antre nan peyi nou menm nou refize al pran an. 32Men, nou menm, y'ape antere nou isit nan dezè a. 33Pitit #Nonb 32.13 nou yo pral moute desann nan tout dezè a. Pandan karant lanne, y'a peye pou vire nou te vire do ban mwen an, jouk nou tout nèt n'a fin mouri nan dezè a. 34Nou #Nonb 13.25; Sòm 95.10; Eze 4.6 menm, n'a peye konsekans peche nou an pandan karant lanne, yon lanne pou chak jou nan karant jou nou te pase ap vizite peyi a. Lè sa a, n'a konnen sa sa vle di lè m vire do bay moun. 35Se #Nonb 23.19 mwen menm, Senyè a, ki di sa: Mwen sèmante se konsa mwen pral aji ak bann moun sa yo ki mete tèt yo ansanm sou do m'. Yo tout gen pou yo disparèt nan dezè sa a. Wi, se la menm, yo tout ap mouri.
36Mesye #Nonb 13.31 Moyiz te voye al rekonèt peyi a te fè tout pèp la ap bougonnen sou Moyiz avèk move rapò yo te fè sou peyi a, lè yo te tounen an. 37Se #1 Kor 10.5,10; Jid 5 konsa yon sèl maladi tonbe sou mesye sa yo ki te pale peyi a mal konsa. Yo tonbe, yo mouri frèt devan Senyè a. 38Nan #Nonb 26.65 douz mesye ki te al vizite peyi a, se de sèlman ki pat mouri: se te Jozye, pitit gason Noun lan, ak Kalèb, pitit gason Jefoune a.
Izrayèl vle pran peyi Kanaran ak pwòp fòs yo
(Detewonòm 1.41-46)
39#Egz 33.4 Moyiz di moun pèp Izrayèl yo tout pawòl sa yo, sa te fè yo lapenn anpil. 40Nan #Det 1.41 denmen maten, byen bonè, yo leve pou y'al janbe lòt bò mòn yo pou yo antre nan peyi a. Yo t'ap di:
— Men nou! Nou pare pou n'ale kote Senyè a di pou n ale a. Nou rekonèt sa nou te fè a mal.
41Men #2 Kwo 24.20; Jòb 9.4 Moyiz di yo:
— Poukisa pou n'ap dezobeyi lòd Senyè a ankò? Sa p'ap mache pou nou non, fwa sa a! 42Piga #Det 1.42 nou moute. Senyè a vire do ban nou, nou pa bezwen ale fè lènmi nou yo bat nou pou gremesi. 43Lè n'a rive devan moun Amalèk yo ak moun Kanaran yo, nou pral mouri nan batay la. Senyè a p'ap kanpe la avèk nou, paske nou te vire do ba li.
44Pèp #Det 1.43 la fè tèt di, yo moute moute yo sou mòn yo pou yo seye antre nan peyi a. Men, ni Bwat Kontra Senyè a, ni Moyiz pa deplase kote yo te ye nan kan an. 45Se konsa moun Amalèk yo ak moun Kanaran yo ki te rete nan mòn yo desann, yo bat yo, yo kouri dèyè yo jouk yon kote yo rele Oma.

Chwazi Kounye ya:

Nonb 14: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte