Nonb 12

12
Pinisyon Miryam
1Moyiz te marye ak yon fanm peyi #Egz 15.20; Nonb 26.59 Etyopi. Miryam ak Arawon t'ap pale Moyiz mal sou sa. 2Yo #Egz 4.15; 2 Wa 19.4; Eze 35.12 t'ap di konsa:
— Eske se sèlman Moyiz Senyè a te pran pou pale ak pèp la? Eske li pa konn pale ak nou pou pèp la tou?
Senyè a tande sa yo t'ap di a. 3Men Moyiz se yon nonm ki pat grandizè. Pat gen pase l sou latè. 4Senyè a rete konsa li pale ak Moyiz, Arawon ak Miryam, li di yo:
— Nou twa sa yo, sòti non. Ale nan Tant Randevou a.
Yo twa a ale vre. 5Senyè a #Nonb 11.25 desann nan yon gwo nyaj ki te gen fòm yon poto. Li kanpe nan papòt tant lan, li rele Arawon ak Miryam ki pwoche vin jwenn li. 6Li #Jen 20.3; 46.2 di yo konsa:
— Tande byen sa m'ap di nou la a. Lè gen yon pwofèt nan mitan nou, se nan vizyon mwen fè l wè mwen, se nan rèv mwen pale avè l. 7Men, #Sòm 105.26; Eb 3.2,5 se pa menm bagay la ak Moyiz, sèvitè m lan. Li se sèl moun mwen fè konfyans nan mitan tout pèp la. 8Mwen #Egz 33.11,19-23; Nonb 7.89 pale avè l aklè, mwen pa ba li parabòl. Mwen fè l wè mwen. Ki jan nou fè penmèt nou pale Moyiz, sèvitè m lan, mal?
9Senyè a te fè yon sèl fache sou yo, epi l ale. 10Nyaj #Lev 13.10; Det 24.9; 2 Wa 5.27 la leve anwo tant lan, l ale. Menm lè a, yon sèl maladi tonbe sou Miryam: tout po kò l vin blanch kou koton. Arawon gade Miryam, li wè Miryam te kouvri ak bouton sou tout po li. 11Arawon #2 Sam 19.19 di Moyiz konsa:
— Tanpri, mèt mwen. Pa kite nou peye pou sa nou fè a. Tèt nou pat la! 12Tanpri, pa kite Miryam tounen tankou yon tibebe ki fèt tou mouri ak tout mwatye nan kò l manje.
13Se konsa, Moyiz rele nan pye Bondye, li di l konsa:
— Bondye, tanpri, geri l non!
14Men, #Lev 13.46; Nonb 5.2,3; Det 25.9 Senyè a di Moyiz:
— Si se te papa li ki te krache nan figi li, li t'ap blije pote wont la pandan sèt jou, pa vre? Enben se pou yo fèmen li poukont li pandan sèt jou yon kote deyò limit kan an. Apre sa, y'a kite li retounen.
15Yo fèmen Miryam pou kont li pandan sèt jou yon kote andeyò limit kan an. Pèp la pat leve pati toutotan yo pat kite Miryam tounen nan kan an ankò. 16Apre #Nonb 10.12; 11.35 sa, pèp la kite Azewòt kote yo te ye a, yo pati al moute tant yo nan dezè Paran an.

Chwazi Kounye ya:

Nonb 12: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte