Neyemi 9

9
Pèp la rekonèt yo peche
1Sou vennkatriyèm jou nan menm mwa a, #Joz 7.6; 1 Sam 4.12; 2 Sam 3.31; Ney 8.2 tout moun pèp Izrayèl yo reyini pou fè jèn pou mande Bondye padon pou peche yo. Tout moun te la, yon rad sak kòlèt sou yo, pousyè tè kouvri tout tèt yo pou fè wè jan yo te nan lapenn. 2Tout #Esd 6.21; 10.11; Ney 10.28; 13.3,30 moun pèp Izrayèl yo mete kò yo ansanm. Yo pa kite okenn moun lòt nasyon mele ak yo. Epi se konsa yo kanpe, yo konmanse di tou sa yo menm yo fè ki mal ansanm ak tout peche zansèt yo te fè. 3Pandan #Ney 8.7,8 twazè, yo tout rete kanpe kote yo te ye a, y'ap tande moun ap li nan liv lalwa Senyè a, Bondye yo a. Apre sa, pandan twazè ankò, yo t'ap di tout peche yo te fè, epi yo tonbe ajenou ap adore Senyè a, Bondye a.
4Yo te moute yon lestrad pou moun Levi yo. Men moun ki te kanpe sou lestrad la: Se te Jozye, Bani, Kadmyèl, Chebanya, Bouni, Cherebya, Bani ak Kenani. Yo t'ap lapriyè byen fò nan pye Bondye. 5Apre #1 Kwo 29.13 sa, moun Levi sa yo: Jozye, Kadmyèl, Bani, Achabnya, Cherebya, Odija, Chebanya ak Petaja pran lapawòl. Yo di:
— Leve non, mezanmi! Fè lwanj Senyè a, Bondye nou an,
pou toutan toutan!
Se pou nou tout fè lwanj non li ki gen pouvwa,
malgre moun p'ap janm ka rive fin di li mèsi
ni fè lwanj li jan li merite l la.
Lapriyè pou mande padon
6Senyè, #Jen 1.1; 2.1; Det 6.4; 10.14; 2 Wa 19.15; Sòm 36.6; Rev 10.6 se ou menm ki sèl mèt. Pa gen lòt.
Se ou ki fè syèl la, sa ki anwo syèl la ansanm ak tout sa ki ladan l.
Se ou ki fè tè a ak tou sa ki sou li,
lanmè a ak tou sa ki ladan l.
Se ou ki bay tout bagay sa yo lavi.
Tout pouvwa nan syèl la bese tèt devan ou pou adore ou.
7Senyè, #Jen 11.31; 17.5 se ou menm Bondye
ki te chwazi Abram,
ki te fè l kite lavil Our nan peyi Kalde.
Ou chanje non l, ou rele l Abraram.
8#Jen 15.6,18-21; 17.7-9; Joz 23.14 ou wè li te sòti pou l kenbe pawòl li ak ou,
ou pase yon kontra avè l.
Ou pwomèt w'ap ba li peyi moun Kanaran yo,
peyi moun Et yo ak peyi moun Amori yo,
peyi moun Ferezi yo,
peyi moun Jebis yo
ak peyi moun Gigach yo pou li ak pou pitit pitit li yo.
Ou te kenbe pwomès ou yo paske ou pa janm nan bay manti.
9Ou #Egz 3.7; 14.10 te wè jan zansèt nou yo t'ap soufri nan peyi Lejip.
Ou te tande jan yo t'ap rele mande sekou bò lanmè Wouj la. #9.9: lanmè Wouj la: Tèks ebre a bay lanmè Wozo yo.
10Ou #Egz 7.2-6; 9.16; 18.11; Eza 63.12,14; Jer 32.20; Da 9.15 te fè anpil mirak ak mèvèy pou pini farawon an,
moun ki t'ap sèvi l yo ansanm ak tout pèp peyi Lejip la
paske ou te konnen jan moun sa yo t'ap maltrete pèp ou a.
Depi lè sa a, y'ap nonmen nou ou jouk jòdi a.
11Ou #Egz 14.21,22,27,28; 15.5,10; Sòm 74.13; 78.13 louvri yon chemen nan lanmè a pou pèp la pase san pye yo pa mouye.
Moun ki t'ap pousib yo, ou neye yo nan fon lanmè.
Yo fè fon tankou wòch nan gwo lanmè.
12Lajounen #Egz 13.21; Nonb 14.14; 1 Kor 10.1 se avèk yon gwo nyaj ou moutre yo chemen pou yo pran.
Lannwit, avèk yon flanm dife, ou klere chemen kote pou yo pase.
13Ou #Egz 19.20; 20.1-17; Sòm 19.8,9; Wòm 7.12 sòti nan syèl la, ou desann sou mòn Sinayi a pou pale ak yo.
Ou ba yo regleman ki pou fè yo mache dwat,
lwa ki gen verite ladan l.
Ou ba yo bon prensip ak bon kòmandman.
14Ou #Jen 2.2,3; Egz 16.23; 20.8-11; 31.13-17; Eze 20.12,20 moutre yo pou yo mete jou repo a apa pou ou.
Ou voye Moyiz, sèvitè ou la,
pou li ba yo tout kòmandman, tout lòd ak lalwa ou mande pou yo swiv.
15#Egz 16.14,15; 17.6; Nonb 20.10,11; Det 1.8; Sòm 78.15-16,24,25; 105.40,41; Jan 6.31; 1 Kor 10.3,4 yo te grangou, ou ba yo pen ki sòti nan syèl la.
Lè yo te swaf dlo, ou fè dlo pete sòti nan wòch.
Ou ba yo lòd pou y'al pran pou yo
peyi ou te pwomèt ou t'ap ba yo a.
16Men, #Det 31.27; 2 Kwo 30.8; Tra 7.51 zansèt nou yo kite lògèy vire lòlòj yo.
Yo fè tèt di, yo derefize obeyi lòd ou te ba yo.
17Yo #Egz 34.6; Nonb 14.4,18; Ney 9.31; Sòm 78.11,42,43; 86.5,15; Jowèl 2.13 refize obeyi ou, yo bliye tout bèl mèvèy ou te fè pou yo.
Yo fè tèt di, yo chwazi yon chèf pou mennen yo tounen nan esklavaj peyi Lejip la.
Men, ou se Bondye ki konn padonnen.
Ou gen pitye, ou gen bon kè.
Ou pa fè kòlè fasil,
Ou pat janm sispann renmen yo.
Ou pat lage yo.
18Yo #Egz 32.4; Sòm 78.41,58; 106.19,20; Tra 7.41 fonn metal, yo fè yon zidòl fòm yon ti towo bèf.
Epi yo di se li menm ki bondye yo,
bondye ki te fè yo moute sòti kite peyi Lejip.
Lè sa a, se pi gwo jouman yo ta ka fè ou!
19Men, #Sòm 106.45 ou pa vire do ou kite yo nan dezè a,
sitèlman ou te gen anpil pitye pou yo.
Ou pat wete nyaj ki t'ap moutre yo
chemen pou yo pran lajounen,
ni gwo flanm dife ki t'ap klere
chemen pou yo te pran lannwit.
20Ou #Egz 16.35; Nonb 11.17; Eza 63.11 pran ti gout nan lespri ou, ou ba yo
pou yo ka gen konprann.
Ou toujou ba yo lamàn pou yo manje,
ou toujou ba yo dlo lè yo te swaf dlo.
21Pandan #Det 2.7; 8.4 karantan, ou pran swen yo nan dezè a:
yo pa janm manke anyen!
Rad sou yo pa janm fini,
pye yo pa janm anfle.
22Ou #Nonb 21.21-31,33-35 lage nan men yo peyi anpil wa ak anpil pèp.
Ou separe l ba yo pou chak moun viv nan limit ou ba yo.
Yo pran peyi Esbon, kote wa Siyon t'ap gouvènen an,
ak peyi Bazan kote wa Og te chèf la.
23Ou #Jen 15.5; 22.17 ba yo anpil pitit, menm kantite ak zetwal nan syèl la.
Ou mennen yo nan peyi ou te pwomèt zansèt yo ou t'ap fè yo pran pou yo a.
24Yo #Sòm 44.2,3 anvayi peyi Kanaran, yo pran l pou yo.
Ou fè moun peyi Kanaran an bese tèt devan yo.
Ou lage tout wa yo ak tout pèp ki t'ap viv nan peyi a
nan men pèp ou a, pou yo te fè ak yo sa yo te vle.
25Pèp #Nonb 13.27; Det 3.5; 6.11; 8.7,8; 9.1 ou a mache pran tout lavil ki te gen gwo fò pou defann yo,
ak tout bon venn tè moun yo.
Yo pran tout kay yo ansanm ak tout byen ki te ladan yo.
Yo jwenn sitèn tou fouye, jaden rezen, jaden oliv
ak pyebwa k'ap donnen an kantite.
Yo manje, yo plen vant yo, yo vin gra.
Yo pran plezi jwi tout kantite bèl bagay ou te ba yo.
26Men, #Jij 2.11,12; 1 Wa 14.9; 18.4; 2 Kwo 24.20,21; Sòm 50.17; Eze 20.21; Tra 7.52 yo rete konsa, yo vire do ba ou, yo fè wondonmon.
Yo pran lalwa ou la, yo voye l jete dèyè do yo.
Yo touye pwofèt ou te voye ak mesay pou ba yo avètisman
pou yo te ka tounen vin jwenn ou.
Se pa ti kras manke yo te manke ou dega!
27Se #Jij 2.14,16; Sòm 106.41,42,44,45 konsa, ou lage yo nan men moun ki pa vle wè yo,
ki bat yo nan lagè, ki mete pye sou kou yo.
Nan tray yo te ye a, yo rele mande ou sekou.
Ou rete nan syèl la, ou reponn yo.
Ou te gen pitye pou yo, ou voye chèf pou delivre yo anba men moun ki t'ap peze yo.
28Men, #Jij 3.11,12; Sòm 106.43 kou ou ba yo yon ti souf, yo konmanse ap fè sa ki mal ankò devan ou.
Ou lage yo nan men lènmi ki t'ap kraze yo.
Lè sa a ankò, yo pran rele nan pye ou.
Ou menm menm, ou rete nan syèl la, ou reponn yo.
Ou sitèlman gen bon kè, se pa ni de ni twa fwa ou delivre yo.
29Ou #Lev 18.5; Eze 20.21; Zak 7.11; Mat 19.17; Gal 3.12 te avèti yo, ou te mande yo pou yo obeyi tout lòd ou yo.
Men, lògèy vire lòlòj yo, yo refize swiv kòmandman ou yo.
Yo fè bagay ki pa dakò ak lòd ou ba yo.
Epi se lè yon moun swiv lòd ou yo, li jwenn lavi!
Men, yo fè wòklò, yo fè tèt di, yo derefize obeyi ou.
30Pandan #2 Wa 17.13; Esd 9.7 lontan lontan, ou pran pasyans ak yo,
ou voye lespri ou sou pwofèt ou yo pou avèti yo.
Men, yo bouche zòrèy yo pou yo pa tande.
Lè sa a, ou lage yo nan men moun lòt nasyon yo.
31Men, #Jer 5.18 ou sitèlman gen bon kè, ou pa fin detwi yo nèt,
ou pa lage yo nèt ale.
Paske ou se yon Bondye ki gen bon kè,
yon Bondye ki gen pitye pou moun!
32Kounyeya, Bondye #Det 7.21; 2 Wa 17.3; Ney 1.5 nou, ou se yon Bondye ki gen pouvwa, yon Bondye ki gen fòs kouray, yon Bondye ki fè moun respekte l. W'ap toujou kenbe kontra ou te pase a, ou p'ap janm sispann gen bon kè.
Tanpri, chonje lafliksyon ki te tonbe sou nou tout, sou wa nou yo, sou chèf nou yo, sou prèt nou yo, sou pwofèt nou yo, sou zansèt nou yo ak sou tout pèp la, depi lè wa peyi Lasiri yo t'ap peze nou an rive jouk kounyeya. Pa kite nou soufri tou sa pou gremesi.
33Nan #Esd 9.15; Sòm 106.6; Da 9.5 tou sa ki rive nou an, ou te gen rezon ou nan pla men ou.
Paske, ou menm ou toujou kenbe pawòl ou.
Se nou menm ki toujou ap fè sa ki mal.
34Wi, wa nou yo, chèf nou yo, prèt nou yo ak zansèt nou yo pat fè sa ki nan lalwa ou la. Yo pat koute kòmandman ak avètisman ou te ba yo.
35Lè yo t'ap viv nan peyi yo a avèk pwòp wa yo,
avèk tout gwo benediksyon ou te ba yo,
nan gwo peyi plen bon venn tè ou te mete nan men yo a,
yo pat sèvi ou, yo pat sispann fè move bagay.
36Jòdi a, #Esd 9.9 nou tounen esklav nan pwòp peyi nou,
nan peyi ou te bay zansèt nou yo,
pou yo te ka pwofite rekòt tè a bay ak tout lòt richès ki ladan l. Nou tounen esklav lakay nou!
37Tout #Det 28.33,51 rekòt peyi a al nan pòch wa ou mete sou kou nou.
Tou sa, paske nou te fè peche.
Yo fè sa yo vle ak nou ansanm ak bèt nou yo.
Aa! Gade nan ki mizè nou ye non!
Pèp la pran angajman pou l swiv Lalwa Bondye
38 # 9.38—10.39: Koresponn ak chapit 10.1-40 nan tèks ebre a. Avèk #2 Wa 23.3; 2 Kwo 29.10; Esd 10.3 tout bagay sa yo ki rive nou, jòdi a nou menm pèp Izrayèl la, n'ap pran yon angajman, n'ap kouche l sou papye. Epi tout chèf nou yo, tout moun Levi nou yo ak tout prèt nou yo pral siyen dokiman an anvan nou mete sò sou li.

Chwazi Kounye ya:

Neyemi 9: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte