Nawoum 1

1
Bondye fache sou lavil Niniv
1Men mesay Bondye te bay sou lavil Niniv. Men #Eza 13.1; Jo 1.2; Aba 1.1 liv ki rapòte vizyon Nawoum, moun lavil Elkòch, te fè a.
2Senyè a, #Egz 20.3 se yon Bondye jalou ki konn tire revanj.
Lè li ankòlè, se pa ti move li move.
Li tire revanj li sou tout moun ki kenbe tèt ak li.
Li kenbe lènmi li yo nan kè.
3Senyè a pa #Egz 34.6,7; Sòm 97.2; 147.5 fache fasil, men se pa ti kras pouvwa li genyen.
Li p'ap janm manke pa pini moun ki antò.
Kote Senyè a pase, se van tanpèt, se van siklòn.
Nyaj yo, se pousyè pye l yo ap leve.
4Li #Eza 33.9; 50.2 pase lanmè a lòd: lanmè a cheche.
Li cheche dlo larivyè yo.
Tout pyebwa nan plenn Bazan ak sou mòn Kamèl ap deperi.
Tout flè sou mòn Liban yo ap fennen.
5Gwo #Sòm 98.7; Jer 4.24; Aba 3.6 mòn yo tranble lè yo wè l.
Ti mòn yo disparèt.
Tè a tranble devan l
ansanm ak tout moun ki rete sou li.
6Ki #Sòm 79.6; Eze 38.20; Mal 3.2 moun ki ka kanpe devan l lè li ankòlè?
Ki moun ki ka chape anba men l lè li move?
Kòlè Bondye tonbe sou latè tankou dife.
Gwo wòch yo tounen pousyè devan li.
7Men, #Sòm 46.1; 100.5; Eza 25.4; Jan 10.14,27; 1 Kor 8.3 Senyè a gen bon kè tou:
Jou malè, se li ki pwoteje pèp li.
Li pran swen tout moun ki vin kache anba zèl li.
8Tankou #Eza 8.22; 30.28 yon gwo lavalas k'ap desann, l'ap kraze tout kote lavil la te bati a.
L'ap pousib tout lènmi l yo jouk li fini ak yo.
9Kisa #Eza 10.7 n'ap konplote konsa sou do Senyè a?
L'ap detwi nou tout.
Nou p'ap ka kenbe tèt avè l yon lòt fwa ankò.
10Yo #Jowèl 2.5; Mi 7.4 tankou yon gwo raje pikan.
Atout yo vèt la, yo pral boule nèt tankou yon pil zèb chèch.
11Lavil #2 Wa 19.22,23 Niniv! Men yon nonm soti andan pwòp lakay ou. Tèt li bade ak move lide. L'ap fè konplo sou Senyè a. 12#1.12: Vèsè sa a pa klè nan tèks ebre a. Senyè #Eza 10.33,34; 37.36 a di pèp li a:
— Lènmi ou yo te mèt anpil, y'ap mouri, sa ap fini pou yo. Mwen te fè nou soufri, men mwen p'ap fè nou sa ankò! 13Koulyeya, mwen #Eza 10.27 pral kraze pouvwa peyi k'ap peze nou an. M'ap kase tout chenn yo te pran pou mare nou yo.
14Men #Sòm 109.13; Eza 30.33; Eze 32.21-23 lòd Senyè a bay sou moun peyi Lasiri yo:
— Yo pral bliye non nou nèt. Mwen pral detwi tout ras nou. M'ap kraze tout estati zidòl nou gen nan tanp bondye nou yo, kit yo te an bwa, kit yo te an fè. M'ap pare yon tonm pou nou. Nou pa vo anyen ankò!
15 # 1.15—2.13: Koresponn ak chapit 2.1-14 nan tèks ebre a. Gade! #Eza 52.7; Jowèl 3.17; Wòm 10.15 Men yon mesaje k'ap vin sou mòn yo! L'ap pote bòn nouvèl k'ap ban nou kè poze. Nou menm, moun peyi Jida, nou mèt fete tout fèt nou yo! Fè ofrann nou te pwomèt Bondye yo. Mechan an p'ap pase lakay nou ankò. Pouvwa li kaba nèt.

Chwazi Kounye ya:

Nawoum 1: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte