Antan yo t'ap desann mòn lan, Jezi pale sevè avèk yo: — Pa di pèsonn sa nou sot wè la a, jouk mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, m'a leve sòti vivan pami mò yo. Yo te kenbe pawòl la sekrè, men yonn t'ap di lòt: — Sa sa vle di menm: leve sòti vivan pami mò yo? Twa disip yo poze l kèsyon sa a: — Poukisa dirèktè lalwa yo di: Se pou Eli vin anvan. Li reponn yo: — Se vre wi. Eli gen pou l vin anvan pou l mete tout bagay nan lòd. Men, ki jan yo te fè ekri tou: Moun Bondye voye nan lachè a gen pou l soufri anpil, yo p'ap manke pase l nan betiz? Men mwen menm, mwen di nou: Eli vini deja, yo fè sa yo te vle avè l, jan sa te ekri sou li a.
Li Mak 9
Koute Mak 9
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 9:9-13
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo