Yo sòti kote yo te ye a, yo travèse peyi Galile. Jezi pat vle moun konnen kote li te ye, paske li t'ap moutre disip li yo anpil bagay. Li di yo: — Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pral tonbe anba men lèzòm, yo pral touye mwen. Men, sou twa jou mwen gen pou m leve sòti vivan nan lanmò. Men, disip yo pat konprann sans pawòl sa a: epi yo te pè poze l kèsyon. Yo rive Kapènawòm. Rive li rive nan kay la, Jezi mande yo: — Kisa nou t'ap pale konsa nan chemen an? Pesonn pa louvri bouch yo reponn. Paske, sou wout la, yo t'ap fè diskisyon pou konnen kilès nan yo ki gen plis enpòtans. Lè sa a, Jezi chita, li rele douz disip li yo epi li di yo: — Si yon moun vle premye plas, fòk li mete li pi ba pase tout moun, fòk li fè li sèvitè tout moun. Epi li pran yon timoun piti, li mete l nan mitan yo. Li pran timoun lan nan bra l, li di yo konsa: — Nenpòt moun ki resevwa yon timoun konsa poutèt mwen, se mwen menm menm li resevwa. Nenpòt moun ki resevwa m, se pa mwen li resevwa, men se moun ki voye m lan li resevwa.
Li Mak 9
Koute Mak 9
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 9:30-37
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo