Toutswit apre sa, Jezi fè disip li yo moute nan yon kannòt, li voye yo devan nan direksyon Betsayida. Jezi menm rete dèyè pou ranvwaye foul la. Apre li fin ranvwaye yo, l'al lapriyè sou yon ti mòn. Lè solèy fin kouche, kannòt la te nan mitan lanmè a toujou. Jezi te pou kont li atè. Li wè disip yo te gen anpil traka pou yo rame paske van an te kont yo. Vè twazè dimaten, Jezi pran mache sou lanmè a pou l'ale jwenn disip yo. Li te fè kòmsi li vle depase yo. Men lè yo wè l'ap mache sou lanmè a, yo te kwè se te yon zonbi. Yo pran rele. Yo tout yo te wè li, yo tout te pè. Menm lè a, Jezi pale avèk yo, li di yo konsa: — Pran tèt nou non. Se mwen menm. Nou pa bezwen pè. Li moute bò kote yo nan kannòt la, van an vin tonbe. Se pa ti sezi disip yo te sezi. Yo pat konprann sans mirak pen an, paske lespri yo te bouche toujou.
Li Mak 6
Koute Mak 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 6:45-52
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo