Mak 3:7-35

Mak 3:7-35 HAT98

Jezi menm, li soti ak disip li yo, l' ale bò lanmè Galile. Yon gwo foul moun t'ap swiv li. Yo te soti toupatou: te gen moun Galile, moun Jide, moun lavil Jerizalèm, moun peyi Idime, moun peyi lòt bò larivyè Jouden an, moun nan vwazinay lavil Tir ak lavil Sidon. Tout foul pèp sa a te vin jwenn li paske yo te tande tou sa l t'ap fè. Jezi mande disip yo mete yon kannòt apa pou li dekwa pou foul la pa kwense li twòp. Paske, jan li t'ap geri anpil moun, tout malad yo te vide sou li pou yo te manyen li. Chak fwa move lespri yo te wè l, yo te tonbe nan pye l ap plede rele: — Ou se pitit Bondye a. Men Jezi te pale sevè ak move lespri yo pou yo pat di ki moun li te ye. Apre sa, li moute sou yon ti mòn. Li rele moun li te bezwen yo. Yo vin jwenn li. Li chwazi douz nan yo pou mache ak li epi pou li voye yo bay mesaj la. Li te ba yo pouvwa pou chase demon. Men douz moun li te chwazi yo: Se te Simon (Jezi te ba li yon ti non Pyè), de pitit Zebede yo: Jak ak Jan, frè l la. Jezi te ba yo yon ti non Boanèj, ki vle di Pitit loray. Te gen Andre, Filip, Batèlmi, Matye, Toma, Jak, pitit Alfe a, Tade, Simon, patriyòt la, ak Jida Iskaryòt, nonm ki te trayi Jezi a. Apre sa, Jezi tounen lakay li. Te sitèlman gen moun ki te sanble ankò, Jezi ak disip li yo pat menm gentan pou yo te manje. Lè fanmi Jezi yo tande sa, yo sòti pou yo vin chache l paske tout moun t'ap di: — Nonm sa a fou. Dirèktè lalwa ki te desann soti Jerizalèm yo t'ap di konsa: — Li gen Bèlzeboul sou li. Yo t'ap di tou: — Se chèf demon yo menm ki ba li pouvwa pou chase demon. Jezi rele yo, li di yo an parabòl: — Ki jan Satan fè ap chase Satan? Si yon peyi gen divizyon pou yonn dozado ak lòt, peyi sa a p'ap ka kenbe lontan. Si gen divizyon nan yon fanmi, fanmi sa a pa la pou lontan. Se sa k fè, si Satan konbat pwòp tèt li, si gen divizyon nan peyi Satan, pouvwa Satan an pa la pou lontan. Talè konsa l'ap fini. — Pesonn pa ka antre piye kay yon vanyan gason si li pa mare nonm sa a anvan. Se apre sa, li ka resi piye kay la. — Se vre wi, sa m'ap di nou la a: Bondye va padonnen lèzòm tout peche y'a fè, ak tout move pawòl ki va sòti nan bouch yo. Men, moun ki va pale mal sou Sentespri a, moun sa a p'ap janm jwenn padon, paske lè sa a l'ap fè yon peche k'ap rete pou tout tan. Jezi te pale konsa paske yo t'ap di: — Li gen yon move lespri sou li. Apre sa, manman Jezi ak frè l yo vin rive. Yo kanpe deyò a, yo fè rele li. Jezi te nan mitan yon foul moun ki te chita. Yo di l konsa: — Men manman ou ak frè ou yo deyò a, y'ap mande pou ou. Li reponn yo: — Kilès ki manman m, kilès ki frè mwen? Epi li pwonmennen je l sou moun ki te chita sou kote l yo, li di konsa: — Gade: men manman m, men frè m yo. Paske, tout moun ki fè sa Bondye mande yo fè, se moun sa yo ki frè m, ki sè m, ki manman mwen.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an