Mak 3:7-35

Mak 3:7-35 1998 Haïtienne (HAT98)

Jezi menm, li soti ak disip li yo, l' ale bò lanmè Galile. Yon gwo foul moun t'ap swiv li. Yo te soti toupatou: te gen moun Galile, moun Jide, moun lavil Jerizalèm, moun peyi Idime, moun peyi lòt bò larivyè Jouden an, moun nan vwazinay lavil Tir ak lavil Sidon. Tout foul pèp sa a te vin jwenn li paske yo te tande tou sa l t'ap fè. Jezi mande disip yo mete yon kannòt apa pou li dekwa pou foul la pa kwense li twòp. Paske, jan li t'ap geri anpil moun, tout malad yo te vide sou li pou yo te manyen li. Chak fwa move lespri yo te wè l, yo te tonbe nan pye l ap plede rele: — Ou se pitit Bondye a. Men Jezi te pale sevè ak move lespri yo pou yo pat di ki moun li te ye. Apre sa, li moute sou yon ti mòn. Li rele moun li te bezwen yo. Yo vin jwenn li. Li chwazi douz nan yo pou mache ak li epi pou li voye yo bay mesaj la. Li te ba yo pouvwa pou chase demon. Men douz moun li te chwazi yo: Se te Simon (Jezi te ba li yon ti non Pyè), de pitit Zebede yo: Jak ak Jan, frè l la. Jezi te ba yo yon ti non Boanèj, ki vle di Pitit loray. Te gen Andre, Filip, Batèlmi, Matye, Toma, Jak, pitit Alfe a, Tade, Simon, patriyòt la, ak Jida Iskaryòt, nonm ki te trayi Jezi a. Apre sa, Jezi tounen lakay li. Te sitèlman gen moun ki te sanble ankò, Jezi ak disip li yo pat menm gentan pou yo te manje. Lè fanmi Jezi yo tande sa, yo sòti pou yo vin chache l paske tout moun t'ap di: — Nonm sa a fou. Dirèktè lalwa ki te desann soti Jerizalèm yo t'ap di konsa: — Li gen Bèlzeboul sou li. Yo t'ap di tou: — Se chèf demon yo menm ki ba li pouvwa pou chase demon. Jezi rele yo, li di yo an parabòl: — Ki jan Satan fè ap chase Satan? Si yon peyi gen divizyon pou yonn dozado ak lòt, peyi sa a p'ap ka kenbe lontan. Si gen divizyon nan yon fanmi, fanmi sa a pa la pou lontan. Se sa k fè, si Satan konbat pwòp tèt li, si gen divizyon nan peyi Satan, pouvwa Satan an pa la pou lontan. Talè konsa l'ap fini. — Pesonn pa ka antre piye kay yon vanyan gason si li pa mare nonm sa a anvan. Se apre sa, li ka resi piye kay la. — Se vre wi, sa m'ap di nou la a: Bondye va padonnen lèzòm tout peche y'a fè, ak tout move pawòl ki va sòti nan bouch yo. Men, moun ki va pale mal sou Sentespri a, moun sa a p'ap janm jwenn padon, paske lè sa a l'ap fè yon peche k'ap rete pou tout tan. Jezi te pale konsa paske yo t'ap di: — Li gen yon move lespri sou li. Apre sa, manman Jezi ak frè l yo vin rive. Yo kanpe deyò a, yo fè rele li. Jezi te nan mitan yon foul moun ki te chita. Yo di l konsa: — Men manman ou ak frè ou yo deyò a, y'ap mande pou ou. Li reponn yo: — Kilès ki manman m, kilès ki frè mwen? Epi li pwonmennen je l sou moun ki te chita sou kote l yo, li di konsa: — Gade: men manman m, men frè m yo. Paske, tout moun ki fè sa Bondye mande yo fè, se moun sa yo ki frè m, ki sè m, ki manman mwen.

Pataje
Li Mak 3

Mak 3:7-35 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Jésus part avec ses disciples vers le lac de Galilée. Une foule nombreuse le suit. Les gens viennent de Galilée, de Judée, de Jérusalem, de l’Idumée , de la région qui est de l’autre côté du Jourdain et des environs de Tyr et de Sidon. Cette grande foule vient voir Jésus, parce qu’elle a appris tout ce qu’il fait. Alors Jésus dit à ses disciples : « Préparez-moi une barque, pour que la foule ne m’écrase pas ! » En effet, Jésus a guéri beaucoup de gens, et tous ceux qui souffrent de maladies se précipitent sur lui pour le toucher. Quand les esprits mauvais voient Jésus, ils se jettent à ses pieds en criant : « Tu es le Fils de Dieu ! » Mais Jésus leur commande sévèrement : « Ne dites pas qui je suis. » Ensuite, Jésus va dans la montagne. Il appelle les hommes qu’il veut, et ils viennent auprès de lui. Parmi eux, il en choisit douze, et il leur donne le nom d’apôtres. Il les choisit pour les avoir avec lui et pour les envoyer annoncer le Royaume de Dieu. Il leur donne aussi le pouvoir de chasser les esprits mauvais. Voici les douze apôtres : Simon, à qui Jésus donne le nom de Pierre ; Jacques, fils de Zébédée, et Jean, frère de Jacques : Jésus leur donne le nom de Boanergès, c’est-à-dire « les hommes pareils au tonnerre » ; André, Philippe, Barthélemy, Matthieu, Thomas, Jacques fils d’Alphée, Thaddée, Simon qu’on appelle le nationaliste et Judas Iscariote, celui qui va livrer Jésus. Jésus revient à la maison. Une grande foule se rassemble de nouveau. Alors Jésus et ses disciples n’ont même pas le temps de manger ! Les gens de la famille de Jésus apprennent cela et ils se mettent en route pour venir le prendre. En effet, ils disent : « Jésus est devenu fou ! » Les maîtres de la loi, qui sont venus de Jérusalem, disent : « Jésus a en lui Satan, le chef des esprits mauvais ! Et c’est Satan qui lui donne le pouvoir de chasser ces esprits. » Alors Jésus appelle les maîtres de la loi et il leur dit, en utilisant des comparaisons : « Comment Satan, l’esprit du mal, peut-il chasser l’esprit du mal ? Quand les habitants d’un royaume font la guerre entre eux, ce royaume ne peut pas continuer à exister. Et quand les gens d’une famille se battent entre eux, cette famille ne pourra pas continuer à exister. Si Satan est en guerre contre lui-même, ou si Satan n’est pas d’accord avec lui-même, son pouvoir ne peut pas durer. Pour lui, c’est la fin. « Si quelqu’un veut entrer dans la maison d’un homme fort et voler toutes ses richesses, il doit d’abord attacher l’homme fort. Ensuite, il peut tout voler dans la maison. « Je vous le dis, c’est la vérité : les gens recevront le pardon pour tous leurs péchés et pour toutes leurs insultes contre Dieu. Mais si quelqu’un insulte l’Esprit Saint, il ne pourra jamais recevoir le pardon. Il reste toujours coupable. » Jésus parle de cette façon aux maîtres de la loi parce qu’ils ont dit : « Il a un esprit mauvais en lui. » Ensuite, la mère et les frères de Jésus arrivent. Ils restent dehors et ils envoient quelqu’un dans la maison pour l’appeler. Beaucoup de gens sont assis autour de Jésus, et on lui dit : « Ta mère et tes frères sont là, dehors, ils veulent te voir. » Jésus répond : « Qui est ma mère ? Qui sont mes frères ? » Il regarde les gens qui sont assis autour de lui, et il dit : « Voici ma mère et mes frères. Oui, si quelqu’un fait la volonté de Dieu, cette personne est mon frère, ma sœur, ma mère. »

Pataje
Li Mak 3

Mak 3:7-35 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Jezi ak disip li yo al bò lak Galile a, epi yon foul moun ki te sòti nan Galile ak nan Jide t ap swiv yo. Te gen moun ki sòti nan Jerizalèm, nan Idime, lòt bò rivyè Jouden an ak nan zòn Tir ak Sidon ki t ap swiv li tou. Se te you gwo foul moun. Yo te vin wè Jezi paske yo te tande sa li t ap fè. Alò Jezi di disip li yo pou yo pare yon ti bato pou li pou foul la pa ta antoure l twòp. Kòm Jezi t ap fè anpil gerizon, tout moun ki te malad t ap pouse youn lòt pou yo ta kapab touche l. Epi chak fwa yon move lespri wè Jezi, yo tonbe devan l epi yo tonbe rele byen fò: “Ou se Pitit Bondye a.” Jezi pale avèk yo byen sevè pou yo pa di ki moun Jezi ye. Apre sa, Jezi monte sou mòn lan, li rele moun li te vle epi yo te vin jwenn li. Li chwazi douz, li rele yo apot. Li chwazi yo pou yo te avèk li epi pou l te voye yo preche. Jezi te chwazi yo tou pou yo te ka gen otorite pou chase demon. Men non douz moun li rele apot yo. Li bay Simon non Pyè, Apre sa Jak ak Jan frè l, pitit Zebede yo li rele yo Bowanègès, ki vle di “Nonm ki mete l ankòlè kòm yon loray”, Apre sa Andre, Filip, Batèlmi, Matye, Toma, Jak pitit Alfe a, Tade epi Simon yo bay non Patryòt, epi Jida Iskaryòt ki te trayi l la. Apre sa, Jezi retounen lakay la, menm jan an ankò, you foul vin rasanble. Sa fè li menm ak disip yo pa t menm gen tan pou manje. Lè fanmi Jezi yo te tande sa, yo te vin chache l, paske te gen moun ki t ap di Jezi pèdi tèt li. Doktè lalwa yo ki te soti Jerizalèm t ap di: “Se Satan ki nan tèt li. Se ak chèf demon an l ap chase demon.” Jezi rele yo epi li pale ak yo an parabòl: “Ki jan Satan ka fè chase Satan? Yon wayòm ki divize p ap rete kanpe. Yon kay ki divize p ap kanpe non plis. Si Satan ta leve kont pwòp tèt li, li divize, li pa ka kanpe, pouvwa l t ap fin i. Pèsòn pa ka antre nan kay yon nèg vanyan pou l vòlè afè l, si li pa mare l anvan. An verite, m ap di nou sa byen, Bondye ap padone tout kalite peche, menm tout kalite move bagay mal yo di sou li. Men kanta pou moun ki pale Sentespri a mal, peche sa a p ap jan jwenn padon.” Jezi te di sa paske doktè Lalwa yo te akize l, lè yo di se yon move zespri ki te nan li. Pandan tan sa a, manman Jezi ak frè l yo te vin parèt. Yo rete deyò epi yo voye yon moun al rele l. Yon foul moun te chita devan Jezi epi yo vin di l: “Men manman w, ak frè w yo ak sè w yo deyò a ap chache w.” Jezi reponn yo: “Ki moun ki manman m? Ki moun ki frè m ak sè m?” Apre sa, Jezi gade moun ki te chita devan l yo epi li di: “Men moun ki manman m, frè m ak sè m. Se moun ki fè volonte Bondye ki frè m, sè m ak manman m.”

Pataje
Li Mak 3

Mak 3:7-35 New International Version (NIV)

Jesus withdrew with his disciples to the lake, and a large crowd from Galilee followed. When they heard about all he was doing, many people came to him from Judea, Jerusalem, Idumea, and the regions across the Jordan and around Tyre and Sidon. Because of the crowd he told his disciples to have a small boat ready for him, to keep the people from crowding him. For he had healed many, so that those with diseases were pushing forward to touch him. Whenever the impure spirits saw him, they fell down before him and cried out, “You are the Son of God.” But he gave them strict orders not to tell others about him. Jesus went up on a mountainside and called to him those he wanted, and they came to him. He appointed twelve that they might be with him and that he might send them out to preach and to have authority to drive out demons. These are the twelve he appointed: Simon (to whom he gave the name Peter), James son of Zebedee and his brother John (to them he gave the name Boanerges , which means “sons of thunder”), Andrew, Philip, Bartholomew, Matthew, Thomas, James son of Alphaeus, Thaddaeus, Simon the Zealot and Judas Iscariot, who betrayed him. Then Jesus entered a house, and again a crowd gathered, so that he and his disciples were not even able to eat. When his family heard about this, they went to take charge of him, for they said, “He is out of his mind.” And the teachers of the law who came down from Jerusalem said, “He is possessed by Beelzebul! By the prince of demons he is driving out demons.” So Jesus called them over to him and began to speak to them in parables: “How can Satan drive out Satan? If a kingdom is divided against itself, that kingdom cannot stand. If a house is divided against itself, that house cannot stand. And if Satan opposes himself and is divided, he cannot stand; his end has come. In fact, no one can enter a strong man’s house without first tying him up. Then he can plunder the strong man’s house. Truly I tell you, people can be forgiven all their sins and every slander they utter, but whoever blasphemes against the Holy Spirit will never be forgiven; they are guilty of an eternal sin.” He said this because they were saying, “He has an impure spirit.” Then Jesus’ mother and brothers arrived. Standing outside, they sent someone in to call him. A crowd was sitting around him, and they told him, “Your mother and brothers are outside looking for you.” “Who are my mother and my brothers?” he asked. Then he looked at those seated in a circle around him and said, “Here are my mother and my brothers! Whoever does God’s will is my brother and sister and mother.”

Pataje
Li Mak 3

Mak 3:7-35 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Jésus se retira du côté du lac avec ses disciples. Une foule immense le suivait : elle était venue de la Galilée, de la Judée, de Jérusalem, de l’Idumée, des territoires de l’autre côté du Jourdain ainsi que de la région de Tyr et de Sidon. Ces gens venaient à lui car ils avaient appris tout ce qu’il faisait. Il demanda alors à ses disciples de tenir un bateau à sa disposition pour éviter d’être écrasé par la foule. En effet, comme il guérissait beaucoup de gens, tous les malades se précipitaient vers lui pour le toucher. Lorsque des gens qui étaient sous l’emprise d’esprits mauvais le voyaient, ils se prosternaient devant lui et s’écriaient : Tu es le Fils de Dieu. Mais il leur défendait absolument de faire savoir qui il était. Plus tard, il monta sur une colline avoisinante et appela ceux qu’il voulait, et ils vinrent à lui. Il désigna ainsi douze hommes [qu’il nomma apôtres] et qui devaient être constamment avec lui ; il les envoya annoncer l’Evangile avec le pouvoir de chasser les démons. Voici les noms des Douze qu’il désigna  : Simon, auquel Jésus donna le nom de Pierre, Jacques, fils de Zébédée et Jean son frère auxquels il donna le nom de Boanergès, ce qui signifie « fils du tonnerre », André, Philippe, Barthélemy, Matthieu, Thomas, Jacques, fils d’Alphée, Thaddée, Simon le Zélé, et Judas Iscariot, celui qui le trahit. Jésus alla à la maison et, de nouveau, la foule s’y pressa au point que lui et ses disciples n’arrivaient même plus à manger. Quand les membres de sa famille l’apprirent, ils vinrent pour le ramener de force avec eux. Ils disaient en effet : « Il est devenu fou. » Les spécialistes de la Loi qui étaient venus de Jérusalem disaient : Il est sous l’emprise de Béelzébul  ; c’est par le pouvoir du chef des démons qu’il chasse les démons. Alors Jésus les appela et leur parla en paraboles : Comment Satan peut-il chasser Satan ? Un royaume déchiré par la guerre civile ne peut pas subsister. Si une famille est divisée, cette famille ne peut pas subsister. Si donc Satan se bat contre lui-même, s’il est en conflit avec lui-même, il ne peut plus subsister, c’en est fini de lui. En fait, personne ne peut pénétrer dans la maison d’un homme fort pour s’emparer de ses biens sans avoir d’abord ligoté cet homme fort : c’est alors qu’il pillera sa maison. Vraiment, je vous avertis : tout sera pardonné aux hommes, leurs péchés et les blasphèmes qu’ils auront prononcés. Mais si quelqu’un blasphème contre l’Esprit Saint, il ne lui sera jamais pardonné : il portera éternellement la charge de ce péché. Jésus leur parla ainsi parce qu’ils disaient : « Il est sous l’emprise d’un esprit mauvais. » La mère et les frères de Jésus arrivèrent. Ils se tinrent dehors et envoyèrent quelqu’un l’appeler. Beaucoup de monde était assis autour de lui. On vint lui dire : Ta mère, tes frères et tes sœurs sont dehors et te cherchent. Il répondit : Qui sont ma mère et mes frères ? Et, promenant les regards sur ceux qui étaient assis en cercle autour de lui, il dit : Voici ma mère et mes frères, car celui qui fait la volonté de Dieu, celui-là est pour moi un frère, une sœur, ou une mère.

Pataje
Li Mak 3