Solèy te fin kouche. Se te jou preparasyon jwif yo, se te lavèy jou saba. Lè sa a Jozèf, yon moun lavil Arimate, vin rive. Se te yon manm respektab nan Gran Konsèy jwif yo. Li menm tou li t'ap tann lè Bondye t'ap vin pran gouvènman an nan men pa li. Li te gen kouray ale devan Pilat mande kò Jezi. Men, Pilat te sezi lè l vin konnen Jezi te gentan mouri. Li voye rele kaptenn lan, li mande l si Jezi te mouri depi lontan. Lè kaptenn lan fin ba li repons sèten, li bay Jozèf kò a. Jozèf achte yon bèl dra blan, li desann kò Jezi sou kwa a, li vlope l nan dra a, epi li mete l nan yon kavo yo te fouye nan wòch la. Apre sa, li woule yon gwo wòch devan bouch kavo a. Mari, moun lavil Magdala a, ansanm ak Mari, manman Jòz, t'ap gade kote yo mete kò a.
Li Mak 15
Koute Mak 15
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 15:42-47
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo