Mak 15:42-47
Mak 15:42-47 1998 Haïtienne (HAT98)
Solèy te fin kouche. Se te jou preparasyon jwif yo, se te lavèy jou saba. Lè sa a Jozèf, yon moun lavil Arimate, vin rive. Se te yon manm respektab nan Gran Konsèy jwif yo. Li menm tou li t'ap tann lè Bondye t'ap vin pran gouvènman an nan men pa li. Li te gen kouray ale devan Pilat mande kò Jezi. Men, Pilat te sezi lè l vin konnen Jezi te gentan mouri. Li voye rele kaptenn lan, li mande l si Jezi te mouri depi lontan. Lè kaptenn lan fin ba li repons sèten, li bay Jozèf kò a. Jozèf achte yon bèl dra blan, li desann kò Jezi sou kwa a, li vlope l nan dra a, epi li mete l nan yon kavo yo te fouye nan wòch la. Apre sa, li woule yon gwo wòch devan bouch kavo a. Mari, moun lavil Magdala a, ansanm ak Mari, manman Jòz, t'ap gade kote yo mete kò a.
Mak 15:42-47 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Le soir est déjà là. C’est le jour où on prépare la fête, c’est-à-dire le jour avant le sabbat. Joseph, de la ville d’Arimathée, arrive. C’est un notable du Tribunal religieux. Il attend, lui aussi, le Royaume de Dieu. Courageusement, il va chez Pilate et il lui demande le corps de Jésus. Pilate est étonné d’apprendre que Jésus est déjà mort. Il fait venir l’officier romain et lui pose cette question : « Est-ce qu’il est mort depuis longtemps ? » L’officier romain le renseigne, puis Pilate permet à Joseph de prendre le corps de Jésus. Joseph achète un drap. Il descend le corps de la croix, il l’enveloppe dans le drap et le met dans une tombe creusée dans le rocher. Ensuite, il roule une grosse pierre pour fermer l’entrée de la tombe. Marie de Magdala et Marie, mère de José, regardent l’endroit où on met Jésus.
Mak 15:42-47 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Se te nan aswè, kòm yo te bezwen kòmanse fè preparasyon, nan lavèy jou saba, Jozèf, moun lavil Arimate a, yon manm nan tribinal Jwif la tout moun respekte anpil, ki limenm tou t ap tann etablisman wayòm Bondye, li ale kareman kot Pilat pou l mande l kò Jezi. Pilat te sezi tande Jezi gen tan mouri. Li rele ofisye lame a, epi li mande l si Jezi gentan mouri vre. Lè ofisye a fè Pilat konnen byen sa ki te rive, Pilat bay Jozèf kadav la. Se kon sa Jozèf achte twal len, li desann Jezi sou kwa a, li vlope kò a nan twal len yo epi li mete Jezi nan yon kavo yo te taye nan wòch. Apre sa, li woule yon gwo wòch devan bouch kavo a. Mari, moun Magdala a, ak Mari, manman Joze t ap obsève pou wè kote yo te antere Jezi.
Mak 15:42-47 New International Version (NIV)
It was Preparation Day (that is, the day before the Sabbath). So as evening approached, Joseph of Arimathea, a prominent member of the Council, who was himself waiting for the kingdom of God, went boldly to Pilate and asked for Jesus’ body. Pilate was surprised to hear that he was already dead. Summoning the centurion, he asked him if Jesus had already died. When he learned from the centurion that it was so, he gave the body to Joseph. So Joseph bought some linen cloth, took down the body, wrapped it in the linen, and placed it in a tomb cut out of rock. Then he rolled a stone against the entrance of the tomb. Mary Magdalene and Mary the mother of Joseph saw where he was laid.
Mak 15:42-47 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Le soir venu – c’était le jour de la préparation, c’est-à-dire la veille du sabbat – Joseph d’Arimathée arriva. C’était un membre éminent du Grand-Conseil qui, lui aussi, vivait dans l’attente du royaume de Dieu. Il eut le courage de se rendre chez Pilate pour lui demander le corps de Jésus. Pilate fut surpris d’apprendre que Jésus était déjà mort. Il fit appeler l’officier de service et lui demanda s’il était mort depuis longtemps. Renseigné par le centurion, il autorisa Joseph à disposer du corps. Celui-ci, après avoir acheté un drap de lin, descendit le corps de la croix, l’enveloppa dans le drap et le déposa dans un tombeau taillé dans le roc. Puis il roula un bloc de pierre devant l’entrée du tombeau. Marie de Magdala et Marie, mère de Joses, regardaient où il le mettait.