Mak 14:10-52

Mak 14:10-52 HAT98

Lè sa a, Jida Iskaryòt, yonn nan douz disip yo, leve, l'al jwenn chèf prèt yo pou fè yo pran Jezi. Yo te kontan tande sa Jida t'ap di yo. Epi yo pwomèt li lajan. Se konsa Jida t'ap chache yon bon okazyon pou li fè yo pran Jezi. Se te premye jou fèt Pen San Ledven an, jou yo te konn fè sakrifis ti mouton pou fèt Pak la, disip yo mande Jezi: — Ki bò ou ta vle n'al pare pou nou fete fèt Pak la? Lè sa a, Jezi rele de nan disip li yo, li di yo: — Ale lavil la. N'a kontre yon moun k'ap pote yon krich dlo: swiv li. Kote la antre a, antre dèyè li. N'a di mèt kay la: Mèt la voye mande ou kote pyès kay pou l manje manje Delivrans lan avèk disip li yo. L'a moutre nou yon gwo chanm, tou pare tou meble, anwo kay la. Se la n'a pare manje Delivrans lan pou nou tout. Disip yo pati, yo rive lavil la. Yo jwenn tout bagay jan l te di yo a. Epi yo pare manje Delivrans lan. Lè solèy fin kouche, Jezi vin rive avèk douz disip yo. Antan yo te chita bò tab la ap manje, Jezi di konsa: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yonn nan nou k'ap manje avèk mwen la a pral trayi mwen. Lè sa a, kè disip yo kase. Yonn apre lòt yo pran mande li: — Eske se mwen menm? Li reponn yo: — Se yonn nan nou douz la k'ap tranpe pen ansanm avè m nan plat la. Moun Bondye voye nan lachè a pral mouri, jan sa te ekri sou li a. Men, malè pou moun k'ap trayi l la. Li ta pi bon pou moun sa a si li pat janm fèt. Pandan yo t'ap manje, Jezi pran pen, li rann gras, li kase pen an separe bay disip yo epi li di yo konsa: — Men, pran. Sa a se kò mwen. Apre sa, li pran yon gode diven, li rann gras. Li pase gode a bay disip yo, epi yo bwè. Epi Jezi di yo: — Sa a se san mwen, san ki siyen kontra Bondye ak nou an, san ki koule pou anpil anpil moun. Sa m'ap di nou la a se vre wi: mwen p'ap janm bwè diven ankò jouk jou m'a bwè yon diven nouvo nan peyi kote Bondye wa a. Fini yo fin chante kantik louwanj Bondye, y'ale mòn Olivye. Jezi di disip li yo: — Nou tout, nou pral bandonnen mwen poukont mwen. Paske men sa ki ekri: - M'ap frape gadò mouton yo, epi tout mouton yo pral gaye. Men apre, lè m'a leve sòti vivan nan lanmò, mwen pral tann nou nan peyi Galile. Pyè di li: — Menm si tout moun ta kouri kite ou, mwen menm mwen p'ap janm fè sa. Jezi reponn li: — Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Jòdi a menm, pandan lannwit sa a, anvan kòk chante de fwa, w'a gentan di twa fwa ou pa janm konnen mwen. Men, Pyè t'ap kenbe tèt, li t'ap di: — Menm si mwen ta dwe mouri ak ou, mwen p'ap janm di sa. Tout lòt disip yo t'ap repete menm bagay la tou. Apre sa, yo rive yon kote yo rele Jetsemane. Jezi di disip li yo: — Chita la, mwen pral lapriyè pi devan. Li pran Pyè, Jak ak Jan avè li. Lamenm, li santi yon frison nan rèl do l ak yon kè sere ki pran li. Li di yo: — Mwen gen lapenn anpil. Mwen santi se mouri mwen vle mouri. Rete la a, pa kite dòmi pran nou. Lale yon ti kras pi lwen, li lage kò l fas atè, li lapriyè. Li mande si se posib pou l pa ta bezwen soufri tout soufri sa a. Li t'ap di: — O! Papa mwen, nanpwen anyen ou pa kapab fè. Tanpri souple, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, fè sa ou menm ou vle a. Pa fè sa mwen menm mwen ta vle a. Li tounen bò kote disip li yo, li jwenn yo tou twa ap dòmi. Li di Pyè konsa: — Simon! W'ap dòmi? Ou pat kapab rete je klè menm yon ti moman? Pa dòmi, tande! Lapriyè fò pou nou pa tonbe anba tantasyon. Lespri nou byen dispoze, men se kò nou ki fèb. Li kite yo ankò, l'al fè menm lapriyè a. Apre sa, li retounen. Li jwenn yo ap dòmi ankò paske yo pat kapab kenbe je yo louvri. Yo pat konn sa pou yo te reponn li. Lè l tounen twazyèm fwa a, li di yo: — N'ap dòmi toujou? N'ap poze kò nou toujou? Sa ase kounyeya. Lè a rive. Men yo pral lage Moun Bondye voye nan lachè a nan men mechan yo. Leve non. Men moun ki trayi mwen an ap vini. Jezi t'ap pale toujou lè Jida, yonn nan douz disip yo, vin rive. Li te gen yon bann moun ki te gen nepe ak baton nan men yo avèk li: se chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo ki te voye yo avèk li. Jida, nonm ki t'ap trayi Jezi a, te gen dizon ak yo pou l ba yo yon siyal. Li te di yo: — Moun n'a wè m bo a se li menm n'ap chache a. Mete men sou li, mennen li ale, pa kite l chape. Rive Jida rive, li pwoche bò kote Jezi, li di li: — Mèt! Epi li bo li. Menm lè a, moun yo mete men sou Jezi, yo arete li. Yonn nan disip yo rale nepe l, li frape domestik granprèt la. Li koupe yon zòrèy li. Jezi pran lapawòl, li di yo: — Nou vin dèyè m ak nepe, ak baton, tankou si m te yon ansasen. Men, toulejou mwen te la nan mitan nou, mwen t'ap pale nan tanp lan. Lè sa a nou pat janm arete mwen. Men, tou sa pase konsa pou sa ki ekri a ka rive vre. Lè sa a tout disip yo kite l, yo pran kouri. Te gen yon jenn gason ki t'ap swiv Jezi. Li te gen yon dra ase sou li. Yo mete men sou mesye. Men, li lage dra a, li chape nan men yo toutouni.

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Mak 14:10-52

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an