Mak 14:10-52

Mak 14:10-52 1998 Haïtienne (HAT98)

Lè sa a, Jida Iskaryòt, yonn nan douz disip yo, leve, l'al jwenn chèf prèt yo pou fè yo pran Jezi. Yo te kontan tande sa Jida t'ap di yo. Epi yo pwomèt li lajan. Se konsa Jida t'ap chache yon bon okazyon pou li fè yo pran Jezi. Se te premye jou fèt Pen San Ledven an, jou yo te konn fè sakrifis ti mouton pou fèt Pak la, disip yo mande Jezi: — Ki bò ou ta vle n'al pare pou nou fete fèt Pak la? Lè sa a, Jezi rele de nan disip li yo, li di yo: — Ale lavil la. N'a kontre yon moun k'ap pote yon krich dlo: swiv li. Kote la antre a, antre dèyè li. N'a di mèt kay la: Mèt la voye mande ou kote pyès kay pou l manje manje Delivrans lan avèk disip li yo. L'a moutre nou yon gwo chanm, tou pare tou meble, anwo kay la. Se la n'a pare manje Delivrans lan pou nou tout. Disip yo pati, yo rive lavil la. Yo jwenn tout bagay jan l te di yo a. Epi yo pare manje Delivrans lan. Lè solèy fin kouche, Jezi vin rive avèk douz disip yo. Antan yo te chita bò tab la ap manje, Jezi di konsa: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yonn nan nou k'ap manje avèk mwen la a pral trayi mwen. Lè sa a, kè disip yo kase. Yonn apre lòt yo pran mande li: — Eske se mwen menm? Li reponn yo: — Se yonn nan nou douz la k'ap tranpe pen ansanm avè m nan plat la. Moun Bondye voye nan lachè a pral mouri, jan sa te ekri sou li a. Men, malè pou moun k'ap trayi l la. Li ta pi bon pou moun sa a si li pat janm fèt. Pandan yo t'ap manje, Jezi pran pen, li rann gras, li kase pen an separe bay disip yo epi li di yo konsa: — Men, pran. Sa a se kò mwen. Apre sa, li pran yon gode diven, li rann gras. Li pase gode a bay disip yo, epi yo bwè. Epi Jezi di yo: — Sa a se san mwen, san ki siyen kontra Bondye ak nou an, san ki koule pou anpil anpil moun. Sa m'ap di nou la a se vre wi: mwen p'ap janm bwè diven ankò jouk jou m'a bwè yon diven nouvo nan peyi kote Bondye wa a. Fini yo fin chante kantik louwanj Bondye, y'ale mòn Olivye. Jezi di disip li yo: — Nou tout, nou pral bandonnen mwen poukont mwen. Paske men sa ki ekri: - M'ap frape gadò mouton yo, epi tout mouton yo pral gaye. Men apre, lè m'a leve sòti vivan nan lanmò, mwen pral tann nou nan peyi Galile. Pyè di li: — Menm si tout moun ta kouri kite ou, mwen menm mwen p'ap janm fè sa. Jezi reponn li: — Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Jòdi a menm, pandan lannwit sa a, anvan kòk chante de fwa, w'a gentan di twa fwa ou pa janm konnen mwen. Men, Pyè t'ap kenbe tèt, li t'ap di: — Menm si mwen ta dwe mouri ak ou, mwen p'ap janm di sa. Tout lòt disip yo t'ap repete menm bagay la tou. Apre sa, yo rive yon kote yo rele Jetsemane. Jezi di disip li yo: — Chita la, mwen pral lapriyè pi devan. Li pran Pyè, Jak ak Jan avè li. Lamenm, li santi yon frison nan rèl do l ak yon kè sere ki pran li. Li di yo: — Mwen gen lapenn anpil. Mwen santi se mouri mwen vle mouri. Rete la a, pa kite dòmi pran nou. Lale yon ti kras pi lwen, li lage kò l fas atè, li lapriyè. Li mande si se posib pou l pa ta bezwen soufri tout soufri sa a. Li t'ap di: — O! Papa mwen, nanpwen anyen ou pa kapab fè. Tanpri souple, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, fè sa ou menm ou vle a. Pa fè sa mwen menm mwen ta vle a. Li tounen bò kote disip li yo, li jwenn yo tou twa ap dòmi. Li di Pyè konsa: — Simon! W'ap dòmi? Ou pat kapab rete je klè menm yon ti moman? Pa dòmi, tande! Lapriyè fò pou nou pa tonbe anba tantasyon. Lespri nou byen dispoze, men se kò nou ki fèb. Li kite yo ankò, l'al fè menm lapriyè a. Apre sa, li retounen. Li jwenn yo ap dòmi ankò paske yo pat kapab kenbe je yo louvri. Yo pat konn sa pou yo te reponn li. Lè l tounen twazyèm fwa a, li di yo: — N'ap dòmi toujou? N'ap poze kò nou toujou? Sa ase kounyeya. Lè a rive. Men yo pral lage Moun Bondye voye nan lachè a nan men mechan yo. Leve non. Men moun ki trayi mwen an ap vini. Jezi t'ap pale toujou lè Jida, yonn nan douz disip yo, vin rive. Li te gen yon bann moun ki te gen nepe ak baton nan men yo avèk li: se chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo ki te voye yo avèk li. Jida, nonm ki t'ap trayi Jezi a, te gen dizon ak yo pou l ba yo yon siyal. Li te di yo: — Moun n'a wè m bo a se li menm n'ap chache a. Mete men sou li, mennen li ale, pa kite l chape. Rive Jida rive, li pwoche bò kote Jezi, li di li: — Mèt! Epi li bo li. Menm lè a, moun yo mete men sou Jezi, yo arete li. Yonn nan disip yo rale nepe l, li frape domestik granprèt la. Li koupe yon zòrèy li. Jezi pran lapawòl, li di yo: — Nou vin dèyè m ak nepe, ak baton, tankou si m te yon ansasen. Men, toulejou mwen te la nan mitan nou, mwen t'ap pale nan tanp lan. Lè sa a nou pat janm arete mwen. Men, tou sa pase konsa pou sa ki ekri a ka rive vre. Lè sa a tout disip yo kite l, yo pran kouri. Te gen yon jenn gason ki t'ap swiv Jezi. Li te gen yon dra ase sou li. Yo mete men sou mesye. Men, li lage dra a, li chape nan men yo toutouni.

Pataje
Li Mak 14

Mak 14:10-52 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Judas Iscariote, l’un des douze apôtres, va voir les chefs des prêtres. Il veut leur livrer Jésus. Les chefs sont très contents d’entendre cela et ils promettent de donner de l’argent à Judas. Celui-ci cherche une bonne occasion pour leur livrer Jésus. C’est le premier jour de la fête des Pains sans levain, le jour où on doit tuer les agneaux pour la Pâque. Les disciples disent à Jésus : « Nous allons te préparer le repas de la Pâque. Où veux-tu le manger ? » Jésus envoie deux de ses disciples en disant : « Allez à la ville, et vous rencontrerez un homme qui porte un pot d’eau. Suivez-le. Il entrera dans une maison, et vous direz au propriétaire de la maison : “Le maître te demande : Où est la pièce où je vais manger le repas de la Pâque avec mes disciples ?” En haut de la maison, le propriétaire vous montrera une grande pièce toute prête avec tout ce qu’il faut. C’est là que vous préparerez le repas pour nous. » Les disciples partent et ils vont à la ville. Ils trouvent tout comme Jésus leur a dit et ils préparent le repas de la Pâque. C’est le soir. Jésus arrive avec les douze apôtres. Ils s’installent pour le repas et ils se mettent à manger. Alors Jésus déclare : « Je vous le dis, c’est la vérité : l’un de vous va me livrer. C’est l’un de ceux qui mangent avec moi. » Les disciples deviennent tristes et ils demandent à Jésus, l’un après l’autre : « Est-ce que c’est moi ? » Jésus leur dit : « C’est l’un d’entre vous, les douze apôtres, celui qui met la main avec moi dans le même plat . Le Fils de l’homme va mourir, comme les Livres Saints l’annoncent. Mais quel malheur pour celui qui livre le Fils de l’homme ! Pour cet homme-là, ce serait une bonne chose de ne pas être né ! » Pendant le repas, Jésus prend du pain. Il dit la prière de bénédiction, il partage le pain et le donne à ses disciples en disant : « Prenez, ceci est mon corps. » Ensuite, il prend une coupe de vin. Il remercie Dieu, il donne la coupe à ses disciples et ils en boivent tous. Jésus leur dit : « Ceci est mon sang, le sang de l’alliance de Dieu. Il est versé pour un grand nombre de gens. Je vous le dis, c’est la vérité : je ne boirai plus de vin jusqu’au jour où je boirai le vin nouveau dans le Royaume de Dieu. » Jésus et les disciples chantent les psaumes de la fête. Ensuite, ils vont au mont des Oliviers. Jésus leur dit : « Vous allez tous m’abandonner. En effet, on lit dans les Livres Saints : “Je vais tuer le berger, et les moutons partiront de tous les côtés .” » Jésus ajoute : « Mais, quand je me réveillerai de la mort, je vous attendrai en Galilée. » Pierre lui dit : « Tous les autres t’abandonneront peut-être, mais pas moi ! » Jésus lui répond : « Je te le dis, c’est la vérité : aujourd’hui, cette nuit même, avant que le coq chante deux fois, toi, tu diras trois fois que tu ne me connais pas. » Mais Pierre insiste : « Même si je dois mourir avec toi, je ne dirai jamais que je ne te connais pas ! » Et tous disent la même chose. Ensuite, ils vont à un endroit appelé Gethsémané. Jésus dit à ses disciples : « Asseyez-vous ici pendant que je vais prier. » Il emmène avec lui Pierre, Jacques et Jean. Il commence à être inquiet et très effrayé, et il leur dit : « Mon cœur est triste jusqu’à mourir. Restez ici, ne dormez pas. » Il va un peu plus loin. Il se jette par terre et il demande à Dieu d’éloigner ce moment de souffrance, si c’est possible. Il dit : « Abba, Père, pour toi tout est possible. Éloigne de moi cette coupe de souffrance ! Pourtant, ne fais pas ce que je veux, mais ce que tu veux. » Jésus revient vers les trois disciples et il les trouve endormis. Il dit à Pierre : « Simon, tu dors ? Tu n’as pas eu la force de rester éveillé, même pendant une heure ? Restez éveillés et priez pour pouvoir résister quand l’esprit du mal vous tentera. Vous désirez faire le bien, mais vous n’avez pas la force de résister au mal. » Jésus s’éloigne encore et il fait la même prière. Il revient vers les trois disciples et les trouve endormis. Ils ne peuvent pas garder leurs yeux ouverts et ils ne savent pas quoi lui dire. Une troisième fois, Jésus s’éloigne et il revient. Il dit à ses disciples : « Vous dormez encore et vous vous reposez ? C’est fini ! C’est le moment ! Le Fils de l’homme va être livré aux mains des pécheurs ! Levez-vous, allons ! Voyez, l’homme qui me livre est arrivé ! » Au même moment, pendant que Jésus dit cela, Judas, l’un des douze apôtres, arrive. Il y a avec lui une foule de gens avec des armes et des bâtons. Ils viennent de la part des chefs des prêtres, des maîtres de la loi et des anciens. Judas, celui qui livre Jésus, a déjà expliqué à la foule ce qu’il va faire. Il leur a dit : « L’homme que je vais embrasser, c’est lui ! Arrêtez-le, emmenez-le et gardez-le bien ! » En arrivant, Judas s’approche tout de suite de Jésus, et il lui dit : « Maître ! » Puis il l’embrasse. Alors les gens mettent la main sur Jésus et ils l’arrêtent. Un des disciples prend son épée. Il frappe le serviteur du grand-prêtre et lui coupe l’oreille. Jésus leur dit : « Vous êtes venus me prendre avec des armes et des bâtons, comme pour arrêter un bandit ! Tous les jours, j’étais avec vous dans le temple et j’enseignais. Pourtant, vous ne m’avez pas arrêté. Mais, de cette façon, ce que les Livres Saints ont dit se réalise. » Tous les disciples abandonnent Jésus et ils partent en courant. Un jeune homme suit Jésus. Il est couvert seulement d’un drap. On l’arrête, mais il laisse le drap et il part en courant, tout nu.

Pataje
Li Mak 14

Mak 14:10-52 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Jida Iskaryòt, youn nan douz disip yo, al kot chèf prèt yo pou li trayi Jezi. Chèf prèt yo te kontan anpil, epi yo te pwomèt li yo t ap ba l lajan. Konsa Jida te kòmanse ap chache yon okazyon pou trayi Jezi. Nan premye jou fèt Pen san ledven an, lè yo te sakrifye ti mouton pou fèt Pak la, disip Jezi yo di l: “Ki kote ou ta vle nou al prepare pou ou repa fèt Pak la?” Jezi voye de nan disip li yo, epi li di yo: “Al nan vil la, n ap rankontre yon nonm k ap pote yon krich dlo. Swiv li. Kèlkeswa kote li antre a, di mèt kay la: Mèt la di Kote salamanje pou m manje repa fèt Pak la avèk disip mwen yo? Mèt kay la ap montre nou you gwo chanm aletaj ki tou meble. Se la pou nou prepare manje a.” Disip yo sòti, yo ale nan vil la. Yo jwenn tout bagay jan Jezi te di yo a. Se kon sa yo prepare manje pou fèt Pak la. Nan aswè, Jezi vini ak douz disip yo nan kay la. Pandan y ap manje konsa, Jezi di: “An verite m ap di nou, gen youn nan nou ki pral trayi m, sila a k ap manje ak mwen an.” Disip yo te vin tris, epi yo t ap di l, youn apre lòt: “Sètènman se pa mwen menm.” Jezi di yo: “Youn nan nou douz la, sila a k ap tranpe pen l nan bòl la avè m nan. Pitit Lòm nan gen pou mouri jan sa te prevwa nan Bib la, men malè pou moun ki livre l bay la. Li t ap pi bon pou moun sa pou l pa t janm fèt.” Pandan yo t ap manje, Jezi pran pen an, li di Bondye mèsi, li kase l, li bay disip yo, epi li di: “Pran, Sa a se kò mwen.” Apre sa li pran yon vè diven, li di Bondye mèsi, epi li bay disip li yo. Epi yo tout bwè ladan l. Jezi di yo: “Sa a se san mwen, san k ap siyen nouvo kontra a. L ap koule pou siyen nouvo kontra Bondye fè ak anpil moun. Sa m di a, se vre: Mwen p ap bwè diven ak nou ankò, jouk lè mwen va bwè nouvo diven an nan wayòm Bondye a.” Apre yo chante kèk kantik, yo ale sou Mòn Olivye a. Apre sa Jezi di disip yo: “Nou tout gen pou n kouri kite m, paske men sa ki ekri nan Bib la: M ap touye bèje a epi mouton yo ap gaye toupatou. Men apre m fin resisite, M pral tann nou nan Galile.” Lè sa a Pyè di l: “Menmsi tout lòt moun yo kouri, mwen m p ap janm kouri kite.” Alò Jezi di li: “Anverite, m ap di w sa, aswè a menm, anvan menm kòk chante de fwa, ou ap di ou pa konnen m pandan twa fwa.” Men Pyè te ensiste pi plis toujou: “Menm si mwen ta dwe mouri pou w Mwen p ap janm di m pa konnen w.” Tout lòt disip yo t ap di menm bagay la tou. Jezi ak disip li yo ale yon kote yo rele Jetsemane. Li di disip li yo: “Rete isit la pandan m pral lapriyè.” Li pran Pyè, Jak, Jan ak li. Li te kòmanse santi gwo tristès ak anpil kè sere. Jezi di disip ki te avè l yo: “Kè m tèlman lou, mwen santi se mouri m ap mouri. Kenbe m konpay, pa kite dòmi pran nou.” Jezi avanse pi devan, li lage kò l atè epi li priye. Li mande Bondye si li ta posib pou li pa ta pase nan moman soufrans sa a. Li di: “Abba, O Papa! Tout bagay posib pou ou. Retire gode soufrans sa a devan m non. Men, pa fè volonte pa m, fè volonte pa w.” Lè Jezi tounen bò kote disip li yo, li jwenn yo tout ap dòmi. Li di Pyè: “Simon, ou ap dòmi? Ou pa ka rete veye avè m pou inèdtan? Fè je nou klè! Epi priye pou nou pa tonbe nan tantasyon! Lespri a byen dispoze, men lachè a fèb.” Jezi deplase yon dezyèm fwa pou l te ka priye, li repete menm priyè a. Lè l tounen bò kote yo ankò, li jwenn yo ap dòmi, paske je yo pa t ka rete ouvè. Disip yo pa t konnen kisa pou yo te di li. Li retounen yon twazièm fwa epi li di yo: “N ap dòmi toujou? N ap repoze? Se twòp atò. Lè a rive, yo pral livre Piti lòm nan bay mechan yo. Leve! Ann ale! Men moun k ap livre m nan rive.” Jezi pa t ko menm fin pale, lè Jida, youn nan douz disip yo, te parèt. Chèf prèt yo, direktè Lalwa yo ak lidè Juif yo te voye avè l yon foul moun ame ak nepe ak baton. Jida, nonm ki te gen pou trayi Jezi a, te bay moun ki avè l yo yon sinyal. Li di yo: “Moun nou wè m bo a, se li menm. Nou mèt arete l, epi eskòte l mennen l ale.” Konsa, kou Jida rive, l al sou Jezi epi l di: “Mèt mwen!” Epi Jida bo Jezi. Moun ki te avèk Jida yo met men sou li, yo arete l. Youn nan disip Jezi yo ki te kanpe tou pre, rale nepe l, li fè you kout nepe sou sèvitè gran chèf prèt la, li koupe zòrèy li. Lè sa a, Jezi reponn yo: “Poukisa nou vin chache avèk baton ak nepe kòm si m te yon bandi? Chak jou mwen te avèk nou, m t ap anseye nan tanp lan chak jou ap anseye, pouki nou pa t arete m? Antouka, sa pase kon sa pou pawòl pwofèt yo te ka akonpli.” Lè sa a, disip Jezi yo abandone l, yo kouri. Te gen yon jenn gason ki t ap swiv li, li pa t gen anyen sou li, eksepte yon dra. Yo fè sa yo mete men sou li pou yo te arete l; Jenn gason an kite dra a nan men yo, epi li chape poul li toutouni.

Pataje
Li Mak 14

Mak 14:10-52 New International Version (NIV)

Then Judas Iscariot, one of the Twelve, went to the chief priests to betray Jesus to them. They were delighted to hear this and promised to give him money. So he watched for an opportunity to hand him over. On the first day of the Festival of Unleavened Bread, when it was customary to sacrifice the Passover lamb, Jesus’ disciples asked him, “Where do you want us to go and make preparations for you to eat the Passover?” So he sent two of his disciples, telling them, “Go into the city, and a man carrying a jar of water will meet you. Follow him. Say to the owner of the house he enters, ‘The Teacher asks: Where is my guest room, where I may eat the Passover with my disciples?’ He will show you a large room upstairs, furnished and ready. Make preparations for us there.” The disciples left, went into the city and found things just as Jesus had told them. So they prepared the Passover. When evening came, Jesus arrived with the Twelve. While they were reclining at the table eating, he said, “Truly I tell you, one of you will betray me—one who is eating with me.” They were saddened, and one by one they said to him, “Surely you don’t mean me?” “It is one of the Twelve,” he replied, “one who dips bread into the bowl with me. The Son of Man will go just as it is written about him. But woe to that man who betrays the Son of Man! It would be better for him if he had not been born.” While they were eating, Jesus took bread, and when he had given thanks, he broke it and gave it to his disciples, saying, “Take it; this is my body.” Then he took a cup, and when he had given thanks, he gave it to them, and they all drank from it. “This is my blood of the covenant, which is poured out for many,” he said to them. “Truly I tell you, I will not drink again from the fruit of the vine until that day when I drink it new in the kingdom of God.” When they had sung a hymn, they went out to the Mount of Olives. “You will all fall away,” Jesus told them, “for it is written: “ ‘I will strike the shepherd, and the sheep will be scattered.’ But after I have risen, I will go ahead of you into Galilee.” Peter declared, “Even if all fall away, I will not.” “Truly I tell you,” Jesus answered, “today—yes, tonight—before the rooster crows twice you yourself will disown me three times.” But Peter insisted emphatically, “Even if I have to die with you, I will never disown you.” And all the others said the same. They went to a place called Gethsemane, and Jesus said to his disciples, “Sit here while I pray.” He took Peter, James and John along with him, and he began to be deeply distressed and troubled. “My soul is overwhelmed with sorrow to the point of death,” he said to them. “Stay here and keep watch.” Going a little farther, he fell to the ground and prayed that if possible the hour might pass from him. “Abba, Father,” he said, “everything is possible for you. Take this cup from me. Yet not what I will, but what you will.” Then he returned to his disciples and found them sleeping. “Simon,” he said to Peter, “are you asleep? Couldn’t you keep watch for one hour? Watch and pray so that you will not fall into temptation. The spirit is willing, but the flesh is weak.” Once more he went away and prayed the same thing. When he came back, he again found them sleeping, because their eyes were heavy. They did not know what to say to him. Returning the third time, he said to them, “Are you still sleeping and resting? Enough! The hour has come. Look, the Son of Man is delivered into the hands of sinners. Rise! Let us go! Here comes my betrayer!” Just as he was speaking, Judas, one of the Twelve, appeared. With him was a crowd armed with swords and clubs, sent from the chief priests, the teachers of the law, and the elders. Now the betrayer had arranged a signal with them: “The one I kiss is the man; arrest him and lead him away under guard.” Going at once to Jesus, Judas said, “Rabbi!” and kissed him. The men seized Jesus and arrested him. Then one of those standing near drew his sword and struck the servant of the high priest, cutting off his ear. “Am I leading a rebellion,” said Jesus, “that you have come out with swords and clubs to capture me? Every day I was with you, teaching in the temple courts, and you did not arrest me. But the Scriptures must be fulfilled.” Then everyone deserted him and fled. A young man, wearing nothing but a linen garment, was following Jesus. When they seized him, he fled naked, leaving his garment behind.

Pataje
Li Mak 14

Mak 14:10-52 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Judas Iscariot, l’un des Douze, alla trouver les chefs des prêtres pour leur proposer de leur livrer Jésus. Sa proposition les réjouit et ils promirent de lui donner de l’argent. Dès lors, il chercha une occasion favorable pour leur livrer Jésus. Le premier jour de la fête des Pains sans levain, celui où l’on tue l’agneau de la Pâque, ses disciples lui demandèrent : Où veux-tu que nous fassions les préparatifs pour le repas de la Pâque ? Alors il envoya deux d’entre eux en leur donnant les instructions suivantes : Allez à la ville. Vous y rencontrerez un homme portant une cruche d’eau. Suivez-le. Lorsqu’il entrera dans une maison, parlez ainsi au propriétaire : « Le Maître te fait demander : Où est la pièce où je prendrai le repas de la Pâque avec mes disciples ? » Alors il vous montrera, à l’étage supérieur, une grande pièce aménagée, déjà prête. C’est là que vous ferez les préparatifs pour nous. Les disciples partirent. Ils arrivèrent à la ville, trouvèrent tout comme Jésus le leur avait dit et préparèrent le repas de la Pâque. Le soir, Jésus arriva avec les Douze. Pendant qu’ils étaient à table et qu’ils mangeaient, il leur dit : Vraiment, je vous l’assure : l’un de vous, qui mange avec moi, me trahira. A ces mots, ils devinrent tout tristes, et, l’un après l’autre, ils lui dirent : Ce n’est pas moi, n’est-ce pas ? Alors il reprit : C’est l’un des Douze, un qui trempe son morceau dans le plat avec moi. Certes, le Fils de l’homme s’en va conformément à ce que les Ecritures annoncent à son sujet. Mais malheur à celui qui le trahit ! Il aurait mieux valu pour lui n’être jamais né ! Au cours du repas, Jésus prit du pain puis, après avoir prononcé la prière de reconnaissance, il le partagea en morceaux qu’il donna à ses disciples en disant : Prenez, ceci est mon corps. Ensuite il prit une coupe, remercia Dieu et la leur donna. Ils en burent tous. Alors il leur dit : Ceci est mon sang, par lequel est scellée l’alliance  : il va être versé pour beaucoup d’hommes. Vraiment, je vous le déclare : je ne boirai plus du fruit de la vigne jusqu’au jour où je boirai le vin nouveau dans le royaume de Dieu. Après cela, ils chantèrent les psaumes de la Pâque. Ensuite, ils sortirent pour se rendre au mont des Oliviers. Jésus leur dit : Vous allez tous être ébranlés dans votre foi, car il est écrit : Je frapperai le berger, et les brebis seront dispersées . Mais, quand je serai ressuscité, je vous précéderai en Galilée. Alors Pierre lui déclara : Même si tous les autres étaient ébranlés, moi, pas ! Jésus lui répondit : Vraiment, je te l’assure : aujourd’hui, oui, cette nuit même, avant que le coq ait chanté deux fois, tu m’auras renié trois fois. Mais Pierre protesta avec véhémence : Même s’il me fallait mourir avec toi, je ne te renierai pas. Et tous disaient la même chose. Ils arrivèrent en un lieu appelé Gethsémané. Jésus dit à ses disciples : Asseyez-vous ici pendant que je vais prier. Il prit avec lui Pierre, Jacques et Jean. Il commença à être envahi par la crainte, et l’angoisse le saisit. Il leur dit : Je suis accablé de tristesse, à en mourir. Restez ici et veillez ! Il fit quelques pas, se laissa tomber à terre et pria Dieu que cette heure s’éloigne de lui, si c’était possible : Abba , Père, pour toi, tout est possible. Eloigne de moi cette coupe; cependant, qu’il arrive non pas ce que moi, je veux, mais ce que toi, tu veux. Il revint vers ses disciples et les trouva endormis. Il dit à Pierre : Simon, tu dors ? Tu n’as pas été capable de veiller une heure ! Veillez et priez pour ne pas céder à la tentation. L’esprit de l’homme est plein de bonne volonté, mais la nature humaine est bien faible. Il s’éloigna de nouveau pour prier, en répétant les mêmes paroles. Puis il revint encore vers les disciples et les trouva de nouveau endormis, car ils avaient tellement sommeil qu’ils n’arrivaient pas à garder les yeux ouverts, et ils ne surent que lui répondre. Lorsqu’il revint pour la troisième fois, il leur dit : Vous dormez encore et vous vous reposez! C’en est fait ! L’heure est venue. Le Fils de l’homme est livré entre les mains des pécheurs. Levez-vous et allons-y. Car celui qui me trahit est là. Il n’avait pas fini de parler que soudain survint Judas, l’un des Douze, accompagné d’une troupe armée d’épées et de gourdins. C’étaient les chefs des prêtres, les spécialistes de la Loi et les responsables du peuple qui les envoyaient. Le traître avait convenu avec eux d’un signal : Celui que j’embrasserai, c’est lui. Saisissez-vous de lui et emmenez-le sous bonne garde. En arrivant, Judas se dirigea droit sur Jésus ; il lui dit : « Maître ! » et l’embrassa. Aussitôt, les autres mirent la main sur Jésus et l’arrêtèrent. Mais l’un de ceux qui étaient là dégaina son épée, en donna un coup au serviteur du grand-prêtre et lui emporta l’oreille. Jésus leur dit : Me prenez-vous pour un bandit, pour que vous soyez venus en force avec des épées et des gourdins pour vous emparer de moi ? J’étais parmi vous chaque jour dans la cour du Temple pour donner mon enseignement et vous ne m’avez pas arrêté. Mais il en est ainsi pour que les Ecritures s’accomplissent. Alors tous ses compagnons l’abandonnèrent et prirent la fuite. Un jeune homme le suivait, couvert seulement d’un drap. On le saisit, mais il abandonna le drap et s’enfuit, tout nu.

Pataje
Li Mak 14

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an