Mak 14:1-26

Mak 14:1-26 HAT98

Nan de jou, se te fèt Pak ak fèt Pen San Ledven. Chèf prèt yo ak direktè lalwa yo t'ap chache okazyon arete Jezi san pesonn pa konn sa, pou fè touye li. Yonn t'ap di lòt: — Nou pa kapab arete l pandan jou fèt yo, paske sa ka kreye dezòd nan pèp la. Jezi te Betani, lakay Simon, nèg ki te gen lalèp la. Pandan li te atab, yon madamn vin antre. Li te pote yon ti boutèy pòslèn plen losyon byen chè. Madamn lan dekachte boutèy la, li vide tout losyon an sou tèt Jezi. Nan moun ki te la yo, gen ladan yo ki pat kontan menm, yonn t'ap di lòt: — Poukisa tout gaspiyay odè sa a? Yo ta kapab vann li twasan (300) goud pou pi ba pri, epi yo ta bay pòv lajan an. Yo t'ap kritike fanm lan byen fò. Men Jezi di yo: — Kite l an repo. Poukisa n'ap fè l tout lapenn sa a? Se yon bèl bagay li fè la a pou mwen. Pòv yo, n'ap toujou genyen yo avèk nou. Chak fwa nou vle, nou ka fè byen pou yo. Men, mwen menm, nou p'ap genyen m tout tan avèk nou. Fanm lan fè sa l te kapab. Depi davans li tou benyen kò m pou lantèman mwen. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Toupatou sou latè, kote y'a anonse Bòn Nouvèl la, y'a rakonte tou sa fanm lan fè la a pou yo pa janm bliye li. Lè sa a, Jida Iskaryòt, yonn nan douz disip yo, leve, l'al jwenn chèf prèt yo pou fè yo pran Jezi. Yo te kontan tande sa Jida t'ap di yo. Epi yo pwomèt li lajan. Se konsa Jida t'ap chache yon bon okazyon pou li fè yo pran Jezi. Se te premye jou fèt Pen San Ledven an, jou yo te konn fè sakrifis ti mouton pou fèt Pak la, disip yo mande Jezi: — Ki bò ou ta vle n'al pare pou nou fete fèt Pak la? Lè sa a, Jezi rele de nan disip li yo, li di yo: — Ale lavil la. N'a kontre yon moun k'ap pote yon krich dlo: swiv li. Kote la antre a, antre dèyè li. N'a di mèt kay la: Mèt la voye mande ou kote pyès kay pou l manje manje Delivrans lan avèk disip li yo. L'a moutre nou yon gwo chanm, tou pare tou meble, anwo kay la. Se la n'a pare manje Delivrans lan pou nou tout. Disip yo pati, yo rive lavil la. Yo jwenn tout bagay jan l te di yo a. Epi yo pare manje Delivrans lan. Lè solèy fin kouche, Jezi vin rive avèk douz disip yo. Antan yo te chita bò tab la ap manje, Jezi di konsa: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yonn nan nou k'ap manje avèk mwen la a pral trayi mwen. Lè sa a, kè disip yo kase. Yonn apre lòt yo pran mande li: — Eske se mwen menm? Li reponn yo: — Se yonn nan nou douz la k'ap tranpe pen ansanm avè m nan plat la. Moun Bondye voye nan lachè a pral mouri, jan sa te ekri sou li a. Men, malè pou moun k'ap trayi l la. Li ta pi bon pou moun sa a si li pat janm fèt. Pandan yo t'ap manje, Jezi pran pen, li rann gras, li kase pen an separe bay disip yo epi li di yo konsa: — Men, pran. Sa a se kò mwen. Apre sa, li pran yon gode diven, li rann gras. Li pase gode a bay disip yo, epi yo bwè. Epi Jezi di yo: — Sa a se san mwen, san ki siyen kontra Bondye ak nou an, san ki koule pou anpil anpil moun. Sa m'ap di nou la a se vre wi: mwen p'ap janm bwè diven ankò jouk jou m'a bwè yon diven nouvo nan peyi kote Bondye wa a. Fini yo fin chante kantik louwanj Bondye, y'ale mòn Olivye.

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Mak 14:1-26

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an