Mak 14:1-26

Mak 14:1-26 1998 Haïtienne (HAT98)

Nan de jou, se te fèt Pak ak fèt Pen San Ledven. Chèf prèt yo ak direktè lalwa yo t'ap chache okazyon arete Jezi san pesonn pa konn sa, pou fè touye li. Yonn t'ap di lòt: — Nou pa kapab arete l pandan jou fèt yo, paske sa ka kreye dezòd nan pèp la. Jezi te Betani, lakay Simon, nèg ki te gen lalèp la. Pandan li te atab, yon madamn vin antre. Li te pote yon ti boutèy pòslèn plen losyon byen chè. Madamn lan dekachte boutèy la, li vide tout losyon an sou tèt Jezi. Nan moun ki te la yo, gen ladan yo ki pat kontan menm, yonn t'ap di lòt: — Poukisa tout gaspiyay odè sa a? Yo ta kapab vann li twasan (300) goud pou pi ba pri, epi yo ta bay pòv lajan an. Yo t'ap kritike fanm lan byen fò. Men Jezi di yo: — Kite l an repo. Poukisa n'ap fè l tout lapenn sa a? Se yon bèl bagay li fè la a pou mwen. Pòv yo, n'ap toujou genyen yo avèk nou. Chak fwa nou vle, nou ka fè byen pou yo. Men, mwen menm, nou p'ap genyen m tout tan avèk nou. Fanm lan fè sa l te kapab. Depi davans li tou benyen kò m pou lantèman mwen. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Toupatou sou latè, kote y'a anonse Bòn Nouvèl la, y'a rakonte tou sa fanm lan fè la a pou yo pa janm bliye li. Lè sa a, Jida Iskaryòt, yonn nan douz disip yo, leve, l'al jwenn chèf prèt yo pou fè yo pran Jezi. Yo te kontan tande sa Jida t'ap di yo. Epi yo pwomèt li lajan. Se konsa Jida t'ap chache yon bon okazyon pou li fè yo pran Jezi. Se te premye jou fèt Pen San Ledven an, jou yo te konn fè sakrifis ti mouton pou fèt Pak la, disip yo mande Jezi: — Ki bò ou ta vle n'al pare pou nou fete fèt Pak la? Lè sa a, Jezi rele de nan disip li yo, li di yo: — Ale lavil la. N'a kontre yon moun k'ap pote yon krich dlo: swiv li. Kote la antre a, antre dèyè li. N'a di mèt kay la: Mèt la voye mande ou kote pyès kay pou l manje manje Delivrans lan avèk disip li yo. L'a moutre nou yon gwo chanm, tou pare tou meble, anwo kay la. Se la n'a pare manje Delivrans lan pou nou tout. Disip yo pati, yo rive lavil la. Yo jwenn tout bagay jan l te di yo a. Epi yo pare manje Delivrans lan. Lè solèy fin kouche, Jezi vin rive avèk douz disip yo. Antan yo te chita bò tab la ap manje, Jezi di konsa: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yonn nan nou k'ap manje avèk mwen la a pral trayi mwen. Lè sa a, kè disip yo kase. Yonn apre lòt yo pran mande li: — Eske se mwen menm? Li reponn yo: — Se yonn nan nou douz la k'ap tranpe pen ansanm avè m nan plat la. Moun Bondye voye nan lachè a pral mouri, jan sa te ekri sou li a. Men, malè pou moun k'ap trayi l la. Li ta pi bon pou moun sa a si li pat janm fèt. Pandan yo t'ap manje, Jezi pran pen, li rann gras, li kase pen an separe bay disip yo epi li di yo konsa: — Men, pran. Sa a se kò mwen. Apre sa, li pran yon gode diven, li rann gras. Li pase gode a bay disip yo, epi yo bwè. Epi Jezi di yo: — Sa a se san mwen, san ki siyen kontra Bondye ak nou an, san ki koule pou anpil anpil moun. Sa m'ap di nou la a se vre wi: mwen p'ap janm bwè diven ankò jouk jou m'a bwè yon diven nouvo nan peyi kote Bondye wa a. Fini yo fin chante kantik louwanj Bondye, y'ale mòn Olivye.

Pataje
Li Mak 14

Mak 14:1-26 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Dans deux jours, c’est la fête de la Pâque et la fête des Pains sans levain. Les chefs des prêtres et les maîtres de la loi cherchent un moyen pour arrêter Jésus en secret et pour le faire mourir. En effet, ils se disent : « Il ne faut pas l’arrêter pendant la fête. Sinon, le peuple va se révolter. » Jésus est à Béthanie, dans la maison de Simon le lépreux. Il est en train de manger. Une femme arrive, avec un très beau vase plein d’un parfum très cher, fait avec du nard pur. Elle casse le vase et elle verse le parfum sur la tête de Jésus. Alors quelques-uns des invités ne sont pas contents du tout et ils se disent entre eux : « Elle a gaspillé ce parfum ! Pourquoi ? On pouvait le vendre pour plus de 300 pièces d’argent et ensuite donner l’argent aux pauvres ! » Ils critiquent la femme. Mais Jésus leur dit : « Laissez-la tranquille ! Pourquoi est-ce que vous l’ennuyez ? Ce qu’elle a accompli pour moi est une bonne action. Vous aurez toujours des pauvres avec vous. Et vous pourrez leur faire du bien chaque fois que vous le voudrez. Mais moi, vous ne m’aurez pas toujours. Cette femme a fait ce qu’elle a pu. Elle a mis du parfum sur mon corps : d’avance, elle l’a préparé pour la tombe. Je vous le dis, c’est la vérité : partout où on annoncera la Bonne Nouvelle, dans le monde entier, on racontera ce que cette femme vient de faire et on se souviendra d’elle. » Judas Iscariote, l’un des douze apôtres, va voir les chefs des prêtres. Il veut leur livrer Jésus. Les chefs sont très contents d’entendre cela et ils promettent de donner de l’argent à Judas. Celui-ci cherche une bonne occasion pour leur livrer Jésus. C’est le premier jour de la fête des Pains sans levain, le jour où on doit tuer les agneaux pour la Pâque. Les disciples disent à Jésus : « Nous allons te préparer le repas de la Pâque. Où veux-tu le manger ? » Jésus envoie deux de ses disciples en disant : « Allez à la ville, et vous rencontrerez un homme qui porte un pot d’eau. Suivez-le. Il entrera dans une maison, et vous direz au propriétaire de la maison : “Le maître te demande : Où est la pièce où je vais manger le repas de la Pâque avec mes disciples ?” En haut de la maison, le propriétaire vous montrera une grande pièce toute prête avec tout ce qu’il faut. C’est là que vous préparerez le repas pour nous. » Les disciples partent et ils vont à la ville. Ils trouvent tout comme Jésus leur a dit et ils préparent le repas de la Pâque. C’est le soir. Jésus arrive avec les douze apôtres. Ils s’installent pour le repas et ils se mettent à manger. Alors Jésus déclare : « Je vous le dis, c’est la vérité : l’un de vous va me livrer. C’est l’un de ceux qui mangent avec moi. » Les disciples deviennent tristes et ils demandent à Jésus, l’un après l’autre : « Est-ce que c’est moi ? » Jésus leur dit : « C’est l’un d’entre vous, les douze apôtres, celui qui met la main avec moi dans le même plat . Le Fils de l’homme va mourir, comme les Livres Saints l’annoncent. Mais quel malheur pour celui qui livre le Fils de l’homme ! Pour cet homme-là, ce serait une bonne chose de ne pas être né ! » Pendant le repas, Jésus prend du pain. Il dit la prière de bénédiction, il partage le pain et le donne à ses disciples en disant : « Prenez, ceci est mon corps. » Ensuite, il prend une coupe de vin. Il remercie Dieu, il donne la coupe à ses disciples et ils en boivent tous. Jésus leur dit : « Ceci est mon sang, le sang de l’alliance de Dieu. Il est versé pour un grand nombre de gens. Je vous le dis, c’est la vérité : je ne boirai plus de vin jusqu’au jour où je boirai le vin nouveau dans le Royaume de Dieu. » Jésus et les disciples chantent les psaumes de la fête. Ensuite, ils vont au mont des Oliviers.

Pataje
Li Mak 14

Mak 14:1-26 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

De jou anvan fèt Pak la ak fèt Pen san ledven an, Chèf Jwif yo ak direktè Lalwa yo t ap chache yon fason avèk riz pou arete Jezi ankachèt epi touye l. Paske yo t ap di: “Nou pa ka arete Jezi pandan fèt la. Pèp la ka leve kont nou.” Lè Jezi te nan Betani, li t ap manje ansanm ak Simon. Simon sa a te gen maladi po yo te rele lèp. Pandan l t ap manje atab, yon fanm vini ak yon boutèy ki te fèt ak yon pyè presye yo rele albat, plen ak yon pafen byen chè ki fèt ak yon pwodui ki rele n a. Li ouvri boutèy la epi li vide pafen an sou tèt Jezi. Kèk moun ki te la te fache anpil epi yo t ap di youn lòt, “Poukisa gaspiyaj sa a? Paske nou ta ka vann pafen sa a pou plis pase 300 denye, epi nou ta bay pòv lajan an.” Epi yo t ap blame fanm nan. Men Jezi di yo: “Kite fanm nan a trankil. Poukisa n ap fatige l konsa? Se yon bon bagay li fè pou mwen. N ap toujou gen pòv ak nou, nou ka ede yo nen pòt lè nou vle. Men mwen menm mwen p ap avèk nou tout tan. Fanm sa a fè sa l te kapab pou mwen. Li vide pafen sou kò m pou anbome l davans pou antèman m. An verite m ap di nou, kèlkeswa kote Bòn Nouvèl la preche nan lemonn, yo gen pou yo pale de aksyon sa a, epi moun ap sonje dam nan.” Jida Iskaryòt, youn nan douz disip yo, al kot chèf prèt yo pou li trayi Jezi. Chèf prèt yo te kontan anpil, epi yo te pwomèt li yo t ap ba l lajan. Konsa Jida te kòmanse ap chache yon okazyon pou trayi Jezi. Nan premye jou fèt Pen san ledven an, lè yo te sakrifye ti mouton pou fèt Pak la, disip Jezi yo di l: “Ki kote ou ta vle nou al prepare pou ou repa fèt Pak la?” Jezi voye de nan disip li yo, epi li di yo: “Al nan vil la, n ap rankontre yon nonm k ap pote yon krich dlo. Swiv li. Kèlkeswa kote li antre a, di mèt kay la: Mèt la di Kote salamanje pou m manje repa fèt Pak la avèk disip mwen yo? Mèt kay la ap montre nou you gwo chanm aletaj ki tou meble. Se la pou nou prepare manje a.” Disip yo sòti, yo ale nan vil la. Yo jwenn tout bagay jan Jezi te di yo a. Se kon sa yo prepare manje pou fèt Pak la. Nan aswè, Jezi vini ak douz disip yo nan kay la. Pandan y ap manje konsa, Jezi di: “An verite m ap di nou, gen youn nan nou ki pral trayi m, sila a k ap manje ak mwen an.” Disip yo te vin tris, epi yo t ap di l, youn apre lòt: “Sètènman se pa mwen menm.” Jezi di yo: “Youn nan nou douz la, sila a k ap tranpe pen l nan bòl la avè m nan. Pitit Lòm nan gen pou mouri jan sa te prevwa nan Bib la, men malè pou moun ki livre l bay la. Li t ap pi bon pou moun sa pou l pa t janm fèt.” Pandan yo t ap manje, Jezi pran pen an, li di Bondye mèsi, li kase l, li bay disip yo, epi li di: “Pran, Sa a se kò mwen.” Apre sa li pran yon vè diven, li di Bondye mèsi, epi li bay disip li yo. Epi yo tout bwè ladan l. Jezi di yo: “Sa a se san mwen, san k ap siyen nouvo kontra a. L ap koule pou siyen nouvo kontra Bondye fè ak anpil moun. Sa m di a, se vre: Mwen p ap bwè diven ak nou ankò, jouk lè mwen va bwè nouvo diven an nan wayòm Bondye a.” Apre yo chante kèk kantik, yo ale sou Mòn Olivye a.

Pataje
Li Mak 14

Mak 14:1-26 New International Version (NIV)

Now the Passover and the Festival of Unleavened Bread were only two days away, and the chief priests and the teachers of the law were scheming to arrest Jesus secretly and kill him. “But not during the festival,” they said, “or the people may riot.” While he was in Bethany, reclining at the table in the home of Simon the Leper, a woman came with an alabaster jar of very expensive perfume, made of pure nard. She broke the jar and poured the perfume on his head. Some of those present were saying indignantly to one another, “Why this waste of perfume? It could have been sold for more than a year’s wages and the money given to the poor.” And they rebuked her harshly. “Leave her alone,” said Jesus. “Why are you bothering her? She has done a beautiful thing to me. The poor you will always have with you, and you can help them any time you want. But you will not always have me. She did what she could. She poured perfume on my body beforehand to prepare for my burial. Truly I tell you, wherever the gospel is preached throughout the world, what she has done will also be told, in memory of her.” Then Judas Iscariot, one of the Twelve, went to the chief priests to betray Jesus to them. They were delighted to hear this and promised to give him money. So he watched for an opportunity to hand him over. On the first day of the Festival of Unleavened Bread, when it was customary to sacrifice the Passover lamb, Jesus’ disciples asked him, “Where do you want us to go and make preparations for you to eat the Passover?” So he sent two of his disciples, telling them, “Go into the city, and a man carrying a jar of water will meet you. Follow him. Say to the owner of the house he enters, ‘The Teacher asks: Where is my guest room, where I may eat the Passover with my disciples?’ He will show you a large room upstairs, furnished and ready. Make preparations for us there.” The disciples left, went into the city and found things just as Jesus had told them. So they prepared the Passover. When evening came, Jesus arrived with the Twelve. While they were reclining at the table eating, he said, “Truly I tell you, one of you will betray me—one who is eating with me.” They were saddened, and one by one they said to him, “Surely you don’t mean me?” “It is one of the Twelve,” he replied, “one who dips bread into the bowl with me. The Son of Man will go just as it is written about him. But woe to that man who betrays the Son of Man! It would be better for him if he had not been born.” While they were eating, Jesus took bread, and when he had given thanks, he broke it and gave it to his disciples, saying, “Take it; this is my body.” Then he took a cup, and when he had given thanks, he gave it to them, and they all drank from it. “This is my blood of the covenant, which is poured out for many,” he said to them. “Truly I tell you, I will not drink again from the fruit of the vine until that day when I drink it new in the kingdom of God.” When they had sung a hymn, they went out to the Mount of Olives.

Pataje
Li Mak 14

Mak 14:1-26 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

On était à deux jours de la Pâque et de la fête des Pains sans levain. Les chefs des prêtres et les spécialistes de la Loi cherchaient un moyen de s’emparer de Jésus par ruse et de le faire mourir. Car ils se disaient : Il ne faut pas agir pendant la fête, pour ne pas provoquer d’émeute parmi le peuple. Jésus était à Béthanie, dans la maison de Simon, le lépreux. Pendant le repas, une femme s’approcha de lui, tenant un flacon d’albâtre rempli d’un parfum de nard pur de grande valeur. Elle cassa le col du flacon et répandit le parfum sur la tête de Jésus. Quelques-uns s’en indignèrent et murmurèrent entre eux : Pourquoi gaspiller ainsi ce parfum ? On aurait pu le vendre et en tirer plus de trois cents pièces d’argent, qu’on aurait données aux pauvres ! Et ils ne ménagèrent pas leurs reproches à cette femme. Mais Jésus dit : Laissez-la donc tranquille ! Pourquoi lui faites-vous de la peine ? Ce qu’elle vient d’accomplir pour moi est une belle action. Des pauvres, vous en aurez toujours autour de vous, et vous pourrez leur faire du bien quand vous le voudrez ; mais moi, vous ne m’aurez pas toujours. Cette femme a fait ce qu’elle pouvait. Elle a d’avance embaumé mon corps pour préparer mon enterrement. Vraiment, je vous l’assure, dans le monde entier, partout où l’Evangile sera annoncé, on racontera aussi, en souvenir de cette femme, ce qu’elle vient de faire. Judas Iscariot, l’un des Douze, alla trouver les chefs des prêtres pour leur proposer de leur livrer Jésus. Sa proposition les réjouit et ils promirent de lui donner de l’argent. Dès lors, il chercha une occasion favorable pour leur livrer Jésus. Le premier jour de la fête des Pains sans levain, celui où l’on tue l’agneau de la Pâque, ses disciples lui demandèrent : Où veux-tu que nous fassions les préparatifs pour le repas de la Pâque ? Alors il envoya deux d’entre eux en leur donnant les instructions suivantes : Allez à la ville. Vous y rencontrerez un homme portant une cruche d’eau. Suivez-le. Lorsqu’il entrera dans une maison, parlez ainsi au propriétaire : « Le Maître te fait demander : Où est la pièce où je prendrai le repas de la Pâque avec mes disciples ? » Alors il vous montrera, à l’étage supérieur, une grande pièce aménagée, déjà prête. C’est là que vous ferez les préparatifs pour nous. Les disciples partirent. Ils arrivèrent à la ville, trouvèrent tout comme Jésus le leur avait dit et préparèrent le repas de la Pâque. Le soir, Jésus arriva avec les Douze. Pendant qu’ils étaient à table et qu’ils mangeaient, il leur dit : Vraiment, je vous l’assure : l’un de vous, qui mange avec moi, me trahira. A ces mots, ils devinrent tout tristes, et, l’un après l’autre, ils lui dirent : Ce n’est pas moi, n’est-ce pas ? Alors il reprit : C’est l’un des Douze, un qui trempe son morceau dans le plat avec moi. Certes, le Fils de l’homme s’en va conformément à ce que les Ecritures annoncent à son sujet. Mais malheur à celui qui le trahit ! Il aurait mieux valu pour lui n’être jamais né ! Au cours du repas, Jésus prit du pain puis, après avoir prononcé la prière de reconnaissance, il le partagea en morceaux qu’il donna à ses disciples en disant : Prenez, ceci est mon corps. Ensuite il prit une coupe, remercia Dieu et la leur donna. Ils en burent tous. Alors il leur dit : Ceci est mon sang, par lequel est scellée l’alliance  : il va être versé pour beaucoup d’hommes. Vraiment, je vous le déclare : je ne boirai plus du fruit de la vigne jusqu’au jour où je boirai le vin nouveau dans le royaume de Dieu. Après cela, ils chantèrent les psaumes de la Pâque. Ensuite, ils sortirent pour se rendre au mont des Oliviers.

Pataje
Li Mak 14