Mak 10:32-45

Mak 10:32-45 HAT98

Lè sa a, yo te pran chemen moute lavil Jerizalèm, Jezi t'ap mache devan yo. Yon sèl kè sere pran disip yo. Tout moun ki t'ap swiv yo te pè tou. Jezi pran douz disip yo apa ankò, li konmanse di yo sa ki te gen pou rive li. Li di yo: — Tande! Men n'ap moute lavil Jerizalèm, kote yo pral lage m, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, nan men chèf prèt yo ak nan men dirèktè lalwa yo. Yo pral kondannen m amò, y'ap lage m bay moun lòt nasyon yo. Moun lòt nasyon sa yo va pase m nan rizib byen pase, y'a krache sou mwen, y'a bat mwen ak kout fwèt, apre sa y'a touye mwen. Men sou twa jou, m'a leve sòti vivan nan lanmò. Apre sa, de pitit Zebede yo, Jak ak Jan, pwoche bò kote Jezi, yo di l konsa: — Mèt, nou ta renmen ou fè sa nou pral mande ou la a pou nou. Li di yo: — Kisa nou ta vle m fè pou nou? Yo di li: — Fè nou chita yonn sou bò dwat ou, lòt la sou bò gòch ou, lè w'a nan tout bèl pouvwa ou. Jezi reponn yo: — Nou pa konnen sa n'ap mande la a non. Eske nou ka bwè gode chatiman mwen pral bwè a? Eske nou ka resevwa menm batèm mwen pral resevwa a? Yo di li: — Nou kapab. Jezi reponn yo: — Se vre. N'a bwè nan menm gode mwen pral bwè a, epi n'a resevwa menm batèm mwen pral resevwa a. Men, kanta pou chita sou bò dwat osinon sou bò gòch mwen an, se pa mwen ki bay sa. Plas sa yo, Bondye rezève yo pou moun li vle. Lè dis lòt disip yo tande sa, yo pat manke fache sou Jak ak Jan. Jezi rele yo, li di yo konsa: — Nou konnen ki jan moun ki pase pou chèf nasyon yo trete pèp la tankou esklav. Grannèg yo renmen fè moun santi jan yo gen pouvwa. Men, se pa konsa pou sa fèt nan mitan nou. Okontrè, si yonn nan nou ta vle vin pi enpòtan, se pou li fè li sèvitè nou tout. Si yonn nan nou ta vle chèf, se pou li sèvitè nou tout. Paske mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa vini pou moun sèvi mwen, men mwen vini pou sèvi. Wi, mwen vin bay lavi mwen pou delivrans anpil moun.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an