Mak 10:32-45

Mak 10:32-45 1998 Haïtienne (HAT98)

Lè sa a, yo te pran chemen moute lavil Jerizalèm, Jezi t'ap mache devan yo. Yon sèl kè sere pran disip yo. Tout moun ki t'ap swiv yo te pè tou. Jezi pran douz disip yo apa ankò, li konmanse di yo sa ki te gen pou rive li. Li di yo: — Tande! Men n'ap moute lavil Jerizalèm, kote yo pral lage m, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, nan men chèf prèt yo ak nan men dirèktè lalwa yo. Yo pral kondannen m amò, y'ap lage m bay moun lòt nasyon yo. Moun lòt nasyon sa yo va pase m nan rizib byen pase, y'a krache sou mwen, y'a bat mwen ak kout fwèt, apre sa y'a touye mwen. Men sou twa jou, m'a leve sòti vivan nan lanmò. Apre sa, de pitit Zebede yo, Jak ak Jan, pwoche bò kote Jezi, yo di l konsa: — Mèt, nou ta renmen ou fè sa nou pral mande ou la a pou nou. Li di yo: — Kisa nou ta vle m fè pou nou? Yo di li: — Fè nou chita yonn sou bò dwat ou, lòt la sou bò gòch ou, lè w'a nan tout bèl pouvwa ou. Jezi reponn yo: — Nou pa konnen sa n'ap mande la a non. Eske nou ka bwè gode chatiman mwen pral bwè a? Eske nou ka resevwa menm batèm mwen pral resevwa a? Yo di li: — Nou kapab. Jezi reponn yo: — Se vre. N'a bwè nan menm gode mwen pral bwè a, epi n'a resevwa menm batèm mwen pral resevwa a. Men, kanta pou chita sou bò dwat osinon sou bò gòch mwen an, se pa mwen ki bay sa. Plas sa yo, Bondye rezève yo pou moun li vle. Lè dis lòt disip yo tande sa, yo pat manke fache sou Jak ak Jan. Jezi rele yo, li di yo konsa: — Nou konnen ki jan moun ki pase pou chèf nasyon yo trete pèp la tankou esklav. Grannèg yo renmen fè moun santi jan yo gen pouvwa. Men, se pa konsa pou sa fèt nan mitan nou. Okontrè, si yonn nan nou ta vle vin pi enpòtan, se pou li fè li sèvitè nou tout. Si yonn nan nou ta vle chèf, se pou li sèvitè nou tout. Paske mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa vini pou moun sèvi mwen, men mwen vini pou sèvi. Wi, mwen vin bay lavi mwen pou delivrans anpil moun.

Pataje
Li Mak 10

Mak 10:32-45 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Jésus et ceux qui le suivent sont en route, ils montent à Jérusalem. Jésus marche devant eux. Ses disciples sont effrayés, et ceux qui les accompagnent ont peur. De nouveau, Jésus prend avec lui les douze apôtres pour leur parler. Il se met à leur dire ce qui va bientôt lui arriver : « Écoutez ! Nous montons à Jérusalem. Le Fils de l’homme va être livré aux chefs des prêtres et aux maîtres de la loi. Ils vont le condamner à mort et le livrer à ceux qui ne connaissent pas Dieu. Ceux-ci vont se moquer de lui, ils cracheront sur lui, ils le frapperont à coups de fouet, puis ils le feront mourir. Mais trois jours après, il se relèvera de la mort. » Ensuite, Jacques et Jean, les deux fils de Zébédée, viennent auprès de Jésus et ils lui disent : « Maître, nous allons te demander quelque chose, et nous souhaitons que tu acceptes. » Jésus leur dit : « Qu’est-ce que vous voulez que je fasse pour vous ? » Ils lui répondent : « Quand tu seras dans ta gloire, permets-nous de nous asseoir à côté de toi, l’un à ta droite et l’autre à ta gauche. » Jésus leur dit : « Vous ne savez pas ce que vous demandez. Est-ce que vous pouvez boire la coupe de souffrance que je vais boire ? Est-ce que vous pouvez être plongés dans la souffrance, comme je vais l’être ? » Ils lui répondent : « Nous le pouvons. » Jésus leur dit : « Oui, vous boirez la coupe que je vais boire, et vous serez plongés dans la souffrance comme moi. Mais je ne peux pas décider qui sera assis à ma droite ou à ma gauche. C’est Dieu qui a préparé ces places pour certains, c’est à eux qu’il les donnera. » Les dix autres disciples entendent cela et ils se mettent en colère contre Jacques et Jean. Alors Jésus les appelle auprès de lui et il leur dit : « Vous le savez, ceux qu’on regarde comme les chefs des peuples les commandent comme des maîtres. Et les gens importants font peser leur pouvoir sur les autres. Mais entre vous, cela ne se passe pas ainsi. Au contraire, si l’un de vous veut être important, il doit être votre serviteur. Et si l’un de vous veut être le premier, il doit être l’esclave de tous. En effet, le Fils de l’homme n’est pas venu pour être servi. Il est venu pour servir et donner sa vie pour libérer un grand nombre de gens. »

Pataje
Li Mak 10

Mak 10:32-45 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Yo te sou wout pou al Jerizalèm, epi Jezi t ap mache devan yo. Disip li yo t ap poze tèt yo kesyon sou kisa ki pral rive, epi rès foul la te pè anpil. Jezi rele douz apot yo akote epi li kòmanse rakonte yo sa ki pral rive l Jerizalèm. Li di yo: “Nou sou wout pou Jerizalèm kote yo pral livre Pitit Lòm nan bay chèf prèt yo ak pwofesè lalwa yo ki gen pou kondane l amò epi yo pral livre l nan men payen yo, yo pral pase l nan betiz, epi yo pral krache sou li. Yo pral bat li avèk fwèt, epi y ap touye l. Men sou twa jou apre l mouri, l ap resisite.” Apre sa, Jak ak Jan pitit gason Zebede yo te vini kote Jezi epi yo di li: “Mèt nou ta vle ou fè yon bagay pou nou.” Jezi mande yo: “Kisa nou vle m fè?” Mesye yo di: “Pèmèt nou ka jwi nan gwo lonè ou ap genyen lè ou wa a. Pèmèt nou pou youn chita sou bò dwat ou epi lòt la sou bò goch ou.” Jezi di: “Mesye, m pa kwè nou konprann sa n ap mande la a. Èske nou ka bwè nan menm gode mwen pral bwè a? Èske nou ka batize nan menm batèm avè m?” Jak ak Jan reponn: “O wi, nou kapab!” Jezi di yo: “Se vre, nou gen pou n bwè nan gode mwen dwe bwè a, nou gen pou nou batize nan menm batèm avè m. Men kanta pou chita adwat mwen osinon agoch mwen, se pa mwen ki deside sa. Bondye te pare plas sa yo pou moun li chwazi.” Lè dis lòt disip yo te tande sa Jak ak Jan t al mande a, yo te fache anpil ak yo. Jezi rele yo epi l di yo: “Nou konnen kijan chèf k ap kòmande nasyon yo ak grannèg yo renmen fè lòt moun santi ki kalite pouvwa yo gen nan men yo. Men se pa kon sa sa dwe ye nan mitan nou. Okontrè, nenpòt moun ki vle jwe wòl lidè nan mitan nou bezwen jwe wòl sèvitè nou. Nenpòt moun ki vle jwe wòl premye nan mitan nou dwe jwe wòl esklav nou tout. Paske menm Pitit Lòm nan pa vini pou moun sèvi l, men l vini pou l ka sèvi moun epi bay lavi l pou peye delivrans anpil moun.”

Pataje
Li Mak 10

Mak 10:32-45 New International Version (NIV)

They were on their way up to Jerusalem, with Jesus leading the way, and the disciples were astonished, while those who followed were afraid. Again he took the Twelve aside and told them what was going to happen to him. “We are going up to Jerusalem,” he said, “and the Son of Man will be delivered over to the chief priests and the teachers of the law. They will condemn him to death and will hand him over to the Gentiles, who will mock him and spit on him, flog him and kill him. Three days later he will rise.” Then James and John, the sons of Zebedee, came to him. “Teacher,” they said, “we want you to do for us whatever we ask.” “What do you want me to do for you?” he asked. They replied, “Let one of us sit at your right and the other at your left in your glory.” “You don’t know what you are asking,” Jesus said. “Can you drink the cup I drink or be baptized with the baptism I am baptized with?” “We can,” they answered. Jesus said to them, “You will drink the cup I drink and be baptized with the baptism I am baptized with, but to sit at my right or left is not for me to grant. These places belong to those for whom they have been prepared.” When the ten heard about this, they became indignant with James and John. Jesus called them together and said, “You know that those who are regarded as rulers of the Gentiles lord it over them, and their high officials exercise authority over them. Not so with you. Instead, whoever wants to become great among you must be your servant, and whoever wants to be first must be slave of all. For even the Son of Man did not come to be served, but to serve, and to give his life as a ransom for many.”

Pataje
Li Mak 10

Mak 10:32-45 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Ils étaient en route pour monter à Jérusalem. Jésus marchait en tête. L’angoisse s’était emparée des disciples et ceux qui les suivaient étaient dans la crainte. Jésus prit de nouveau les Douze à part, et il se mit à leur dire ce qui allait arriver : Voici, nous montons à Jérusalem. Le Fils de l’homme y sera livré aux chefs des prêtres et aux spécialistes de la Loi. Ils le condamneront à mort et le remettront entre les mains des païens. Ils se moqueront de lui, lui cracheront au visage, le battront à coups de fouet et le mettront à mort. Puis, au bout de trois jours, il ressuscitera. Alors Jacques et Jean, les fils de Zébédée, s’approchèrent de Jésus et lui dirent : Maître, nous désirons que tu fasses pour nous ce que nous allons te demander. – Que désirez-vous que je fasse pour vous ? leur demanda-t-il. Ils répondirent : Accorde-nous de siéger l’un à ta droite et l’autre à ta gauche lorsque tu seras dans la gloire. Mais Jésus leur dit : Vous ne vous rendez pas compte de ce que vous demandez ! Pouvez-vous boire la coupe que je vais boire, ou passer par le baptême que j’aurai à subir ? – Oui, lui répondirent-ils, nous le pouvons. Alors Jésus reprit : Vous boirez en effet la coupe que je vais boire, et vous subirez le baptême par lequel je vais passer, mais quant à siéger à ma droite ou à ma gauche, il ne m’appartient pas de vous l’accorder : ces places reviendront à ceux pour qui elles ont été préparées. En entendant cela, les dix autres s’indignèrent contre Jacques et Jean. Alors Jésus les appela tous auprès de lui et leur dit : Vous savez ce qui se passe dans les nations : ceux que l’on considère comme les chefs politiques dominent sur leurs peuples et les grands personnages font peser leur autorité sur eux. Il ne doit pas en être ainsi parmi vous. Au contraire : si quelqu’un veut être grand parmi vous, qu’il soit votre serviteur, et si quelqu’un veut être le premier parmi vous, qu’il soit l’esclave de tous. Car le Fils de l’homme n’est pas venu pour se faire servir, mais pour servir et donner sa vie en rançon pour beaucoup.

Pataje
Li Mak 10