Mak 10:1-52

Mak 10:1-52 HAT98

Jezi kite kote l te ye a. Lale nan rejyon Jide ki lòt bò larivyè Jouden an. La ankò, foul moun yo te sanble bò kote l. Li t'ap moutre yo anpil bagay, jan l te toujou konn fè a. Kèk farizyen pwoche bò kote l pou yo wè si yo te kapab pran l nan pèlen. Yo mande li: — Eske lalwa nou pèmèt yon nonm kite ak madanm li? Li reponn yo: — Kisa Moyiz te ban nou lòd fè? Yo di l: — Moyiz te pèmèt pou yon nonm ekri madanm li yon papye divòs anvan pou l kite avèk li. Lè sa a, Jezi di yo: — Moyiz te ekri kòmandman sa a pou nou paske nou gen tèt di. Men, nan konmansman, lè Bondye t'ap kreye tout bagay, Bondye te fè gason ak fi. Se poutèt sa, gason ap kite papa li ak manman li pou li atache ak madanm li. Tou de va fè yon sèl kò. Konsa, yo p'ap de ankò, men yo fè yon sèl. Se poutèt sa pèsonn pa gendwa separe sa Bondye mete ansanm. Lè yo antre nan kay la, disip yo poze l kèsyon ankò sou bagay sa a. Li di yo konsa: — Si yon nonm kite ak madanm li pou l'al marye ak yon lòt, li fè adiltè sou madanm li. Menm jan an tou, si yon fanm kite ak mari l pou l'al marye ak yon lòt, fanm lan fè adiltè. Yo te mennen kèk timoun bay Jezi pou l te mete men sou tèt yo. Men disip yo t'ap di moun yo pa fè sa. Lè Jezi wè sa, li pat kontan menm. Li di disip yo: — Kite timoun yo vin jwenn mwen non. Pa anpeche yo vini, paske Peyi kote Bondye Wa a, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si yon moun pa asepte otorite Bondye a tankou yon timoun, li p'ap janm ka mete pye l nan Peyi kote Bondye Wa a. Apre sa, li pran timoun yo nan bra l, li mete men l sou tèt yo chak, li beni yo. Antan Jezi t'ap sòti pou l'al fè wout li, yon nonm kouri vini. Li lage kò l ajenou devan Jezi, li mande li: — Bon Mèt, kisa pou m fè pou m resevwa lavi ki p'ap janm fini an? Jezi di li: — Poukisa ou rele m bon? Se yon sèl bon ki genyen, se Bondye. Ou konn kòmandman yo: Piga ou touye moun. Piga ou fè adiltè. Piga ou vòlè. Piga ou fè manti sou moun. Piga ou twonpe moun. Respekte papa ou ak manman ou. Li reponn Jezi: — Mèt, mwen swiv tout bagay sa yo depi m te ti katkat. Jezi gade nonm lan avèk anpil amou epi li di li: — Yon sèl bagay ou manke: Ale, vann tou sa ou genyen. Separe lajan an bay pòv. Apre sa, w'a gen yon richès nan syèl la. Epi retounen vin swiv mwen. Men, pawòl sa a te fè nonm lan lapenn anpil. Li vin kagou, li vire do l, l ale, paske li te gen anpil byen. Apre sa, Jezi gade disip li yo ki te bò kote l la, li di yo: — Sa ap difisil nèt pou moun rich antre nan Peyi kote Bondye Wa a. Disip li yo te sezi anpil lè yo tande pawòl sa a. Men Jezi di yo konsa: — Mezanmi, sa ap difisil nèt pou moun antre nan peyi kote Bondye Wa a. L'ap pi fasil pou yon bèf pase nan yon je zegwi pase pou yon moun rich antre nan peyi kote Bondye wa a. Disip yo te pi sezi toujou, yonn t'ap di lòt: — Nan kondisyon sa a, ki moun ki ka sove? Jezi gade yo nan je, li di yo konsa: — Moun pa ka fè sa, men Bondye ka fè l, paske pa gen anyen Bondye pa ka fè. Lè sa a, Pyè di li: — Men koute non, nou kite tout bagay pou nou swiv ou. Jezi reponn li: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nenpòt moun ki kite kay li, osinon frè l, osinon manman l, osinon papa l, osinon pitit li, osinon jaden l, pou sèvis mwen ak pou sèvis Bòn Nouvèl la, moun sa a gen pou l resevwa, depi kounyeya, nan tan sa a, san (100) fwa plis pou sa l te kite a: kay, frè, sè, manman, pitit, jaden ansanm avèk tout kalite pèsekisyon. Epi nan tan k'ap vini apre sa a, li gen pou l resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Men, anpil nan moun ki devan yo va rete dèyè, anpil nan moun ki dèyè yo va pran devan. Lè sa a, yo te pran chemen moute lavil Jerizalèm, Jezi t'ap mache devan yo. Yon sèl kè sere pran disip yo. Tout moun ki t'ap swiv yo te pè tou. Jezi pran douz disip yo apa ankò, li konmanse di yo sa ki te gen pou rive li. Li di yo: — Tande! Men n'ap moute lavil Jerizalèm, kote yo pral lage m, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, nan men chèf prèt yo ak nan men dirèktè lalwa yo. Yo pral kondannen m amò, y'ap lage m bay moun lòt nasyon yo. Moun lòt nasyon sa yo va pase m nan rizib byen pase, y'a krache sou mwen, y'a bat mwen ak kout fwèt, apre sa y'a touye mwen. Men sou twa jou, m'a leve sòti vivan nan lanmò. Apre sa, de pitit Zebede yo, Jak ak Jan, pwoche bò kote Jezi, yo di l konsa: — Mèt, nou ta renmen ou fè sa nou pral mande ou la a pou nou. Li di yo: — Kisa nou ta vle m fè pou nou? Yo di li: — Fè nou chita yonn sou bò dwat ou, lòt la sou bò gòch ou, lè w'a nan tout bèl pouvwa ou. Jezi reponn yo: — Nou pa konnen sa n'ap mande la a non. Eske nou ka bwè gode chatiman mwen pral bwè a? Eske nou ka resevwa menm batèm mwen pral resevwa a? Yo di li: — Nou kapab. Jezi reponn yo: — Se vre. N'a bwè nan menm gode mwen pral bwè a, epi n'a resevwa menm batèm mwen pral resevwa a. Men, kanta pou chita sou bò dwat osinon sou bò gòch mwen an, se pa mwen ki bay sa. Plas sa yo, Bondye rezève yo pou moun li vle. Lè dis lòt disip yo tande sa, yo pat manke fache sou Jak ak Jan. Jezi rele yo, li di yo konsa: — Nou konnen ki jan moun ki pase pou chèf nasyon yo trete pèp la tankou esklav. Grannèg yo renmen fè moun santi jan yo gen pouvwa. Men, se pa konsa pou sa fèt nan mitan nou. Okontrè, si yonn nan nou ta vle vin pi enpòtan, se pou li fè li sèvitè nou tout. Si yonn nan nou ta vle chèf, se pou li sèvitè nou tout. Paske mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa vini pou moun sèvi mwen, men mwen vini pou sèvi. Wi, mwen vin bay lavi mwen pou delivrans anpil moun. Yo te rive lavil Jeriko. Lè sa a, Jezi t'ap sòti kite bouk la ansanm avèk disip li yo ak yon gwo foul moun. Te gen yon nonm avèg chita bò chemen an ki t'ap mande charite. Yo te rele l Batime, pitit Time. Lè li tande se Jezi, moun Nazarèt la, ki t'ap pase, li pran rele: — Jezi, pitit David la, gen pitye pou mwen. Anpil moun t'ap kouri dèyè l pou te fè l pe bouch li, men li t'ap rele pi rèd: — Pitit David la, gen pitye pou mwen. Jezi kanpe, li di konsa: — Rele l pou mwen. Yo rele avèg la, yo di li: — Pran kouray, leve, men l ap rele ou. Avèg la voye rad li jete, se vole li t'ap vole pou l te vin bò kote Jezi. Jezi mande li: — Kisa ou vle m fè pou ou? Avèg la reponn li: — Mèt, fè m wè ankò. Jezi di li: — Ale non, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Menm lè a, avèg la wè, epi li swiv Jezi nan chemen an.

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Mak 10:1-52

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an