Mak 10:1-52

Mak 10:1-52 1998 Haïtienne (HAT98)

Jezi kite kote l te ye a. Lale nan rejyon Jide ki lòt bò larivyè Jouden an. La ankò, foul moun yo te sanble bò kote l. Li t'ap moutre yo anpil bagay, jan l te toujou konn fè a. Kèk farizyen pwoche bò kote l pou yo wè si yo te kapab pran l nan pèlen. Yo mande li: — Eske lalwa nou pèmèt yon nonm kite ak madanm li? Li reponn yo: — Kisa Moyiz te ban nou lòd fè? Yo di l: — Moyiz te pèmèt pou yon nonm ekri madanm li yon papye divòs anvan pou l kite avèk li. Lè sa a, Jezi di yo: — Moyiz te ekri kòmandman sa a pou nou paske nou gen tèt di. Men, nan konmansman, lè Bondye t'ap kreye tout bagay, Bondye te fè gason ak fi. Se poutèt sa, gason ap kite papa li ak manman li pou li atache ak madanm li. Tou de va fè yon sèl kò. Konsa, yo p'ap de ankò, men yo fè yon sèl. Se poutèt sa pèsonn pa gendwa separe sa Bondye mete ansanm. Lè yo antre nan kay la, disip yo poze l kèsyon ankò sou bagay sa a. Li di yo konsa: — Si yon nonm kite ak madanm li pou l'al marye ak yon lòt, li fè adiltè sou madanm li. Menm jan an tou, si yon fanm kite ak mari l pou l'al marye ak yon lòt, fanm lan fè adiltè. Yo te mennen kèk timoun bay Jezi pou l te mete men sou tèt yo. Men disip yo t'ap di moun yo pa fè sa. Lè Jezi wè sa, li pat kontan menm. Li di disip yo: — Kite timoun yo vin jwenn mwen non. Pa anpeche yo vini, paske Peyi kote Bondye Wa a, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si yon moun pa asepte otorite Bondye a tankou yon timoun, li p'ap janm ka mete pye l nan Peyi kote Bondye Wa a. Apre sa, li pran timoun yo nan bra l, li mete men l sou tèt yo chak, li beni yo. Antan Jezi t'ap sòti pou l'al fè wout li, yon nonm kouri vini. Li lage kò l ajenou devan Jezi, li mande li: — Bon Mèt, kisa pou m fè pou m resevwa lavi ki p'ap janm fini an? Jezi di li: — Poukisa ou rele m bon? Se yon sèl bon ki genyen, se Bondye. Ou konn kòmandman yo: Piga ou touye moun. Piga ou fè adiltè. Piga ou vòlè. Piga ou fè manti sou moun. Piga ou twonpe moun. Respekte papa ou ak manman ou. Li reponn Jezi: — Mèt, mwen swiv tout bagay sa yo depi m te ti katkat. Jezi gade nonm lan avèk anpil amou epi li di li: — Yon sèl bagay ou manke: Ale, vann tou sa ou genyen. Separe lajan an bay pòv. Apre sa, w'a gen yon richès nan syèl la. Epi retounen vin swiv mwen. Men, pawòl sa a te fè nonm lan lapenn anpil. Li vin kagou, li vire do l, l ale, paske li te gen anpil byen. Apre sa, Jezi gade disip li yo ki te bò kote l la, li di yo: — Sa ap difisil nèt pou moun rich antre nan Peyi kote Bondye Wa a. Disip li yo te sezi anpil lè yo tande pawòl sa a. Men Jezi di yo konsa: — Mezanmi, sa ap difisil nèt pou moun antre nan peyi kote Bondye Wa a. L'ap pi fasil pou yon bèf pase nan yon je zegwi pase pou yon moun rich antre nan peyi kote Bondye wa a. Disip yo te pi sezi toujou, yonn t'ap di lòt: — Nan kondisyon sa a, ki moun ki ka sove? Jezi gade yo nan je, li di yo konsa: — Moun pa ka fè sa, men Bondye ka fè l, paske pa gen anyen Bondye pa ka fè. Lè sa a, Pyè di li: — Men koute non, nou kite tout bagay pou nou swiv ou. Jezi reponn li: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nenpòt moun ki kite kay li, osinon frè l, osinon manman l, osinon papa l, osinon pitit li, osinon jaden l, pou sèvis mwen ak pou sèvis Bòn Nouvèl la, moun sa a gen pou l resevwa, depi kounyeya, nan tan sa a, san (100) fwa plis pou sa l te kite a: kay, frè, sè, manman, pitit, jaden ansanm avèk tout kalite pèsekisyon. Epi nan tan k'ap vini apre sa a, li gen pou l resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Men, anpil nan moun ki devan yo va rete dèyè, anpil nan moun ki dèyè yo va pran devan. Lè sa a, yo te pran chemen moute lavil Jerizalèm, Jezi t'ap mache devan yo. Yon sèl kè sere pran disip yo. Tout moun ki t'ap swiv yo te pè tou. Jezi pran douz disip yo apa ankò, li konmanse di yo sa ki te gen pou rive li. Li di yo: — Tande! Men n'ap moute lavil Jerizalèm, kote yo pral lage m, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, nan men chèf prèt yo ak nan men dirèktè lalwa yo. Yo pral kondannen m amò, y'ap lage m bay moun lòt nasyon yo. Moun lòt nasyon sa yo va pase m nan rizib byen pase, y'a krache sou mwen, y'a bat mwen ak kout fwèt, apre sa y'a touye mwen. Men sou twa jou, m'a leve sòti vivan nan lanmò. Apre sa, de pitit Zebede yo, Jak ak Jan, pwoche bò kote Jezi, yo di l konsa: — Mèt, nou ta renmen ou fè sa nou pral mande ou la a pou nou. Li di yo: — Kisa nou ta vle m fè pou nou? Yo di li: — Fè nou chita yonn sou bò dwat ou, lòt la sou bò gòch ou, lè w'a nan tout bèl pouvwa ou. Jezi reponn yo: — Nou pa konnen sa n'ap mande la a non. Eske nou ka bwè gode chatiman mwen pral bwè a? Eske nou ka resevwa menm batèm mwen pral resevwa a? Yo di li: — Nou kapab. Jezi reponn yo: — Se vre. N'a bwè nan menm gode mwen pral bwè a, epi n'a resevwa menm batèm mwen pral resevwa a. Men, kanta pou chita sou bò dwat osinon sou bò gòch mwen an, se pa mwen ki bay sa. Plas sa yo, Bondye rezève yo pou moun li vle. Lè dis lòt disip yo tande sa, yo pat manke fache sou Jak ak Jan. Jezi rele yo, li di yo konsa: — Nou konnen ki jan moun ki pase pou chèf nasyon yo trete pèp la tankou esklav. Grannèg yo renmen fè moun santi jan yo gen pouvwa. Men, se pa konsa pou sa fèt nan mitan nou. Okontrè, si yonn nan nou ta vle vin pi enpòtan, se pou li fè li sèvitè nou tout. Si yonn nan nou ta vle chèf, se pou li sèvitè nou tout. Paske mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa vini pou moun sèvi mwen, men mwen vini pou sèvi. Wi, mwen vin bay lavi mwen pou delivrans anpil moun. Yo te rive lavil Jeriko. Lè sa a, Jezi t'ap sòti kite bouk la ansanm avèk disip li yo ak yon gwo foul moun. Te gen yon nonm avèg chita bò chemen an ki t'ap mande charite. Yo te rele l Batime, pitit Time. Lè li tande se Jezi, moun Nazarèt la, ki t'ap pase, li pran rele: — Jezi, pitit David la, gen pitye pou mwen. Anpil moun t'ap kouri dèyè l pou te fè l pe bouch li, men li t'ap rele pi rèd: — Pitit David la, gen pitye pou mwen. Jezi kanpe, li di konsa: — Rele l pou mwen. Yo rele avèg la, yo di li: — Pran kouray, leve, men l ap rele ou. Avèg la voye rad li jete, se vole li t'ap vole pou l te vin bò kote Jezi. Jezi mande li: — Kisa ou vle m fè pou ou? Avèg la reponn li: — Mèt, fè m wè ankò. Jezi di li: — Ale non, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Menm lè a, avèg la wè, epi li swiv Jezi nan chemen an.

Pataje
Li Mak 10

Mak 10:1-52 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Ensuite, Jésus quitte cet endroit. Il va dans la région de Judée, qui est de l’autre côté du Jourdain. De nouveau, les foules se rassemblent auprès de lui, et il les enseigne, comme il en a l’habitude. Des Pharisiens s’approchent de Jésus, ils veulent lui tendre un piège et lui demandent : « Est-ce qu’un homme a le droit de renvoyer sa femme ? » Jésus leur demande à son tour : « Quel est le commandement que Moïse vous a donné ? » Ils lui répondent : « Moïse a permis à l’homme d’écrire une lettre de divorce pour renvoyer sa femme. » Jésus leur dit : « Moïse a écrit ce commandement pour vous, parce que votre cœur est fermé. Mais au commencement, quand Dieu a créé le monde, “il a fait l’homme et la femme. C’est pourquoi l’homme quittera son père et sa mère pour vivre avec sa femme. Et les deux deviendront comme une seule personne.” Ainsi, ils ne sont plus deux, mais ils sont comme une seule personne. Ne séparez donc pas ce que Dieu a uni. » Quand les disciples sont de retour à la maison, ils posent encore des questions à Jésus. Il leur dit : « Quand un homme renvoie sa femme et se marie avec une autre, il commet un adultère envers la première. Et quand une femme quitte son mari et se marie avec un autre, elle commet un adultère. » Des gens amènent des enfants à Jésus pour qu’il les touche. Mais les disciples leur font des reproches. En voyant cela, Jésus se met en colère et il dit à ses disciples : « Laissez les enfants venir à moi. Ne les empêchez pas. En effet, le Royaume de Dieu appartient à ceux qui sont comme les enfants. Je vous le dis, c’est la vérité : si quelqu’un ne reçoit pas le Royaume de Dieu comme un enfant, cette personne ne pourra jamais y entrer. » Ensuite, Jésus embrasse les enfants et il les bénit en posant les mains sur leur tête. Au moment où Jésus veut partir, un homme arrive en courant. Il se met à genoux devant lui et lui demande : « Bon maître, qu’est-ce que je dois faire pour recevoir la vie avec Dieu pour toujours ? » Jésus lui répond : « Pourquoi m’appelles-tu bon ? Personne n’est bon, sauf Dieu ! Tu connais les commandements : Ne tue personne. Ne commets pas d’adultère. Ne vole pas. Ne témoigne pas faussement contre quelqu’un. Ne fais pas de mal aux autres. Respecte ton père et ta mère. » L’homme lui dit : « Maître, j’obéis à tout cela depuis ma jeunesse. » Jésus le regarde avec amour et lui dit : « Une seule chose te manque : va, vends ce que tu as et donne l’argent aux pauvres. Alors tu auras des richesses auprès de Dieu. Ensuite, viens et suis-moi. » Mais quand cet homme entend cela, il prend un air sombre et il s’en va tout triste parce qu’il possède beaucoup de choses. Jésus regarde ses disciples qui sont autour de lui, et il leur dit : « Pour ceux qui ont des richesses, c’est vraiment difficile d’entrer dans le Royaume de Dieu ! » Les disciples sont très étonnés par ces paroles, mais Jésus leur dit encore : « Mes amis, c’est vraiment difficile d’entrer dans le Royaume de Dieu ! Est-ce qu’un chameau peut passer facilement par le trou d’une aiguille ? Eh bien, pour un riche, c’est encore plus difficile d’entrer dans le Royaume de Dieu. » Les disciples sont de plus en plus étonnés et ils se disent entre eux : « Mais alors, qui peut être sauvé ? » Jésus les regarde et leur dit : « Pour les hommes, c’est impossible, mais non pour Dieu. En effet, pour Dieu, tout est possible. » Alors Pierre lui dit : « Écoute ! Nous, nous avons tout quitté pour te suivre. » Jésus lui répond : « Je vous le dis, c’est la vérité : si quelqu’un quitte maison, frères, sœurs, mère, père, enfants et champs à cause de moi et de la Bonne Nouvelle, cette personne recevra cent fois plus dès maintenant, dans ce monde. Elle recevra des maisons, des frères, des sœurs, des mères, des enfants et des champs. En même temps, elle souffrira à cause de moi. Et dans le monde qui vient, elle recevra la vie avec Dieu pour toujours. Parmi ceux qui sont les premiers maintenant, beaucoup seront les derniers. Et parmi ceux qui sont les derniers maintenant, beaucoup seront les premiers. » Jésus et ceux qui le suivent sont en route, ils montent à Jérusalem. Jésus marche devant eux. Ses disciples sont effrayés, et ceux qui les accompagnent ont peur. De nouveau, Jésus prend avec lui les douze apôtres pour leur parler. Il se met à leur dire ce qui va bientôt lui arriver : « Écoutez ! Nous montons à Jérusalem. Le Fils de l’homme va être livré aux chefs des prêtres et aux maîtres de la loi. Ils vont le condamner à mort et le livrer à ceux qui ne connaissent pas Dieu. Ceux-ci vont se moquer de lui, ils cracheront sur lui, ils le frapperont à coups de fouet, puis ils le feront mourir. Mais trois jours après, il se relèvera de la mort. » Ensuite, Jacques et Jean, les deux fils de Zébédée, viennent auprès de Jésus et ils lui disent : « Maître, nous allons te demander quelque chose, et nous souhaitons que tu acceptes. » Jésus leur dit : « Qu’est-ce que vous voulez que je fasse pour vous ? » Ils lui répondent : « Quand tu seras dans ta gloire, permets-nous de nous asseoir à côté de toi, l’un à ta droite et l’autre à ta gauche. » Jésus leur dit : « Vous ne savez pas ce que vous demandez. Est-ce que vous pouvez boire la coupe de souffrance que je vais boire ? Est-ce que vous pouvez être plongés dans la souffrance, comme je vais l’être ? » Ils lui répondent : « Nous le pouvons. » Jésus leur dit : « Oui, vous boirez la coupe que je vais boire, et vous serez plongés dans la souffrance comme moi. Mais je ne peux pas décider qui sera assis à ma droite ou à ma gauche. C’est Dieu qui a préparé ces places pour certains, c’est à eux qu’il les donnera. » Les dix autres disciples entendent cela et ils se mettent en colère contre Jacques et Jean. Alors Jésus les appelle auprès de lui et il leur dit : « Vous le savez, ceux qu’on regarde comme les chefs des peuples les commandent comme des maîtres. Et les gens importants font peser leur pouvoir sur les autres. Mais entre vous, cela ne se passe pas ainsi. Au contraire, si l’un de vous veut être important, il doit être votre serviteur. Et si l’un de vous veut être le premier, il doit être l’esclave de tous. En effet, le Fils de l’homme n’est pas venu pour être servi. Il est venu pour servir et donner sa vie pour libérer un grand nombre de gens. » Jésus et ses disciples arrivent à Jéricho, puis ils sortent de la ville avec une grande foule. Un aveugle appelé Bartimée, fils de Timée, est assis au bord du chemin, c’est un mendiant. Quand il apprend que Jésus de Nazareth arrive, il se met à crier : « Jésus, Fils de David, aie pitié de moi ! » Beaucoup de gens lui font des reproches et lui disent : « Tais-toi ! » Mais l’aveugle crie encore plus fort : « Fils de David, aie pitié de moi ! » Jésus s’arrête et dit : « Appelez-le. » Les gens appellent l’aveugle en lui disant : « Courage ! Lève-toi, il t’appelle ! » L’aveugle jette son manteau, il se lève d’un bond et il va vers Jésus. Jésus lui demande : « Qu’est-ce que tu veux ? Qu’est-ce que je peux faire pour toi ? » L’aveugle lui dit : « Maître, fais que je voie comme avant ! » Jésus lui dit : « Va ! Ta foi t’a sauvé ! » Aussitôt l’aveugle voit comme avant et il se met à suivre Jésus sur le chemin.

Pataje
Li Mak 10

Mak 10:1-52 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Apre sa Jezi kite zòn nan, l ale nan Jide ak nan rejyon ki sou lòtbò larivyè Jouden an. Menm jan ak lòt fwa yo, anpil moun t ap swiv li, epi jan li te konn fè l deja a, li anseye yo. Kèk Farizyen te vini tou, epi yo mande l: “Èske Lalwa pèmèt yon mari divòse ak madanm li?” Yo te mande l sa paske yo te vle pase Jezi yon tès. Jezi reponn yo: “Kisa Moyiz kòmande nou pou n fè?” Farizyen yo di: “Moyiz pèmèt yon nonm ekri yon papye divòs pou li kite ak madanm li.” Jezi di yo: “Moyiz ekri lwa sa paske tèt nou di, nou refize aksepte ansèyman Bondye a. Men lè Bondye te kreye lemonn, se pa yon gason ak yon fi l te kreye? Se poutèt sa, yon gason dwe kite papa l ak manman l, pou l atache l ak madanm li. Konsa, de moun sa yo ap vin fè yon sèl. Yo pa de ankò, men yon sèl. Konsa, yo pa de ankò, yo vin tounen youn. Donk, okenn moun pa dwe chache separe de moun Bondye mete ansanm.” Pita, lè disip yo te nan kay la ak Jezi ankò, yo poze l kesyon sou zafè divòs la. Li di yo: “Nenpòt moun ki divòse ak madanm li, epi ki marye ak yon lòt fi, li komèt adiltè kont madanm li. Menm jan an tou, si fi a ta divòse ak mari l, epi li marye ak yon lòt gason, li komèt adiltè.” Moun yo te pote yon ekip timoun bay Jezi pou l te ka mete men sou tèt yo pou l beni yo. Men disip yo menm t ap di moun yo non. Lè Jezi wè sa k t ap pase a, li te vin fache epi li di yo: “Kite timoun yo vin jwenn mwen. Pa anpeche yo, paske wayòm Bondye a se pou moun ki sanble ak timoun sa yo. An verite, mwen di nou: Nenpòt moun ki pa aksepte Wayòm Bondye a tankou jan yon timoun aksepte tout bagay, li p ap ka antre ladan l.” Apre sa, Jezi pran timoun yo nan bra l, li touche yo ak men l, epi li beni yo. Pandan Jezi te sou wout nan yon vwayaj, yon nonm kouri vin devan l, li mete ajenou nan pye l, epi nonm nan di l: “Bon mèt, kisa pou m fè pou m gen lavi etènèl?” Jezi di l: “Pouki sa ou rele m bon? Se yon sèl bon ki genyen. Se sèl Bondye ki bon. Ou konnen kòmandman yo: Pa touye moun, pa fè adiltè, pa vòlè, pa bay manti sou moun, pa twonpe moun, onore manman w ak papa w.” Nonm nan di: “Mèt, mwen fè tout bagay sa yo deja depi m te tou piti.” Jezi gade nonm nan yon jan ki fè ou wè li renmen l. Jezi di li: “Bon, gen yon sèl bagay ou rete pou ou fè ankò, al vann tout sa ou genyen, bay pòv lajan an, kon sa ou ap gen yon trezò nan syèl la. Apre sa, vin swiv mwen.” Sa Jezi di a te fè nonm nan tris anpil epi l ale nan lapenn, paske li te gen anpil richès. Apre sa, Jezi gade disip yo, li di yo: “Li p ap fasil non pou moun ki rich antre nan wayòm Bondye a.” Disip yo te sezi lè yo te tande Jezi di sa, men li kontinye pou l di yo: “Timoun mwen yo, li pa fasil ditou pou moun antre nan wayòm Bondye a! L ap pi fasil pou yon chamo pase nan yon twou je yon zegwi pou yon moun rich antre nan wayòm Bondye a.” Disip yo te pi sezi ankò, alò youn t ap di lòt: “Enben si se konsa, ki moun menm k ap kapab sove?” Jezi gade yo epi l di: “Pou lèzòm sa se yon bagay ki konplètman enposib, men pou Bondye tout bagay posib.” Pyè di Jezi: “Nou te kite tout bagay pou n swiv ou.” Jezi di: “Nenpòt moun ki pati kite kay li, frè oswa sè, papa oswa manman, pitit oswa jaden l poutèt mwen ak pou Levanjil la li gen pou l resevwa san fwa plis pase sa li te kite yo. Nan mond sa a menm, li va gen plis kay, plis frè, plis sè, plis manman, plis pitit ak plis byen. Men y ap genyen pèsekisyon tou; epi nan lòt mond k ap vini an l ap jwenn lavi ki p ap janm fini an.” Anpil moun ki nan premye plas kounye a ap gen pou vin dènye. Anpil moun ki dènye kounye a gen pou yo vin premye. Yo te sou wout pou al Jerizalèm, epi Jezi t ap mache devan yo. Disip li yo t ap poze tèt yo kesyon sou kisa ki pral rive, epi rès foul la te pè anpil. Jezi rele douz apot yo akote epi li kòmanse rakonte yo sa ki pral rive l Jerizalèm. Li di yo: “Nou sou wout pou Jerizalèm kote yo pral livre Pitit Lòm nan bay chèf prèt yo ak pwofesè lalwa yo ki gen pou kondane l amò epi yo pral livre l nan men payen yo, yo pral pase l nan betiz, epi yo pral krache sou li. Yo pral bat li avèk fwèt, epi y ap touye l. Men sou twa jou apre l mouri, l ap resisite.” Apre sa, Jak ak Jan pitit gason Zebede yo te vini kote Jezi epi yo di li: “Mèt nou ta vle ou fè yon bagay pou nou.” Jezi mande yo: “Kisa nou vle m fè?” Mesye yo di: “Pèmèt nou ka jwi nan gwo lonè ou ap genyen lè ou wa a. Pèmèt nou pou youn chita sou bò dwat ou epi lòt la sou bò goch ou.” Jezi di: “Mesye, m pa kwè nou konprann sa n ap mande la a. Èske nou ka bwè nan menm gode mwen pral bwè a? Èske nou ka batize nan menm batèm avè m?” Jak ak Jan reponn: “O wi, nou kapab!” Jezi di yo: “Se vre, nou gen pou n bwè nan gode mwen dwe bwè a, nou gen pou nou batize nan menm batèm avè m. Men kanta pou chita adwat mwen osinon agoch mwen, se pa mwen ki deside sa. Bondye te pare plas sa yo pou moun li chwazi.” Lè dis lòt disip yo te tande sa Jak ak Jan t al mande a, yo te fache anpil ak yo. Jezi rele yo epi l di yo: “Nou konnen kijan chèf k ap kòmande nasyon yo ak grannèg yo renmen fè lòt moun santi ki kalite pouvwa yo gen nan men yo. Men se pa kon sa sa dwe ye nan mitan nou. Okontrè, nenpòt moun ki vle jwe wòl lidè nan mitan nou bezwen jwe wòl sèvitè nou. Nenpòt moun ki vle jwe wòl premye nan mitan nou dwe jwe wòl esklav nou tout. Paske menm Pitit Lòm nan pa vini pou moun sèvi l, men l vini pou l ka sèvi moun epi bay lavi l pou peye delivrans anpil moun.” Apre sa yo ale nan vil Jeriko. Pandan l ap kite vil la ak disip li yo epi ak yon gwo foul moun, pitit Time a (Batime), yon avèg te chita bò wout la. Lè l tande se Jezi, nonm Nazarèt la, ki t ap pase, li kòmanse rele byen fò: “Jezi, Pitit gason David la, tanpri ede m.” Yon pakèt moun t ap fè presyon sou avèg la pou l pe bouch li, men li rele pi fò ankò, “Pitit gason David la, tanpri pote m sekou!” Jezi kanpe epi li di: “Rele l.” Yo rele avèg la epi yo di l: “Pran kouraj! Leve, Jezi ap rele w.” Avèg la kanpe rapid, li kite vye rad li yo epi li tounen ale kote Jezi te ye a. Jezi mande nonm nan: “Kisa ou vle m fè pou ou.” Li reponn: “Mèt, mwen vle wè ankò.” Jezi di: “Ale, ou geri paske ou kwè.” La menm, nonm nan te kapab wè, epi li swiv Jezi sou wout la.

Pataje
Li Mak 10

Mak 10:1-52 New International Version (NIV)

Jesus then left that place and went into the region of Judea and across the Jordan. Again crowds of people came to him, and as was his custom, he taught them. Some Pharisees came and tested him by asking, “Is it lawful for a man to divorce his wife?” “What did Moses command you?” he replied. They said, “Moses permitted a man to write a certificate of divorce and send her away.” “It was because your hearts were hard that Moses wrote you this law,” Jesus replied. “But at the beginning of creation God ‘made them male and female.’ ‘For this reason a man will leave his father and mother and be united to his wife, and the two will become one flesh.’ So they are no longer two, but one flesh. Therefore what God has joined together, let no one separate.” When they were in the house again, the disciples asked Jesus about this. He answered, “Anyone who divorces his wife and marries another woman commits adultery against her. And if she divorces her husband and marries another man, she commits adultery.” People were bringing little children to Jesus for him to place his hands on them, but the disciples rebuked them. When Jesus saw this, he was indignant. He said to them, “Let the little children come to me, and do not hinder them, for the kingdom of God belongs to such as these. Truly I tell you, anyone who will not receive the kingdom of God like a little child will never enter it.” And he took the children in his arms, placed his hands on them and blessed them. As Jesus started on his way, a man ran up to him and fell on his knees before him. “Good teacher,” he asked, “what must I do to inherit eternal life?” “Why do you call me good?” Jesus answered. “No one is good—except God alone. You know the commandments: ‘You shall not murder, you shall not commit adultery, you shall not steal, you shall not give false testimony, you shall not defraud, honor your father and mother.’” “Teacher,” he declared, “all these I have kept since I was a boy.” Jesus looked at him and loved him. “One thing you lack,” he said. “Go, sell everything you have and give to the poor, and you will have treasure in heaven. Then come, follow me.” At this the man’s face fell. He went away sad, because he had great wealth. Jesus looked around and said to his disciples, “How hard it is for the rich to enter the kingdom of God!” The disciples were amazed at his words. But Jesus said again, “Children, how hard it is to enter the kingdom of God! It is easier for a camel to go through the eye of a needle than for someone who is rich to enter the kingdom of God.” The disciples were even more amazed, and said to each other, “Who then can be saved?” Jesus looked at them and said, “With man this is impossible, but not with God; all things are possible with God.” Then Peter spoke up, “We have left everything to follow you!” “Truly I tell you,” Jesus replied, “no one who has left home or brothers or sisters or mother or father or children or fields for me and the gospel will fail to receive a hundred times as much in this present age: homes, brothers, sisters, mothers, children and fields—along with persecutions—and in the age to come eternal life. But many who are first will be last, and the last first.” They were on their way up to Jerusalem, with Jesus leading the way, and the disciples were astonished, while those who followed were afraid. Again he took the Twelve aside and told them what was going to happen to him. “We are going up to Jerusalem,” he said, “and the Son of Man will be delivered over to the chief priests and the teachers of the law. They will condemn him to death and will hand him over to the Gentiles, who will mock him and spit on him, flog him and kill him. Three days later he will rise.” Then James and John, the sons of Zebedee, came to him. “Teacher,” they said, “we want you to do for us whatever we ask.” “What do you want me to do for you?” he asked. They replied, “Let one of us sit at your right and the other at your left in your glory.” “You don’t know what you are asking,” Jesus said. “Can you drink the cup I drink or be baptized with the baptism I am baptized with?” “We can,” they answered. Jesus said to them, “You will drink the cup I drink and be baptized with the baptism I am baptized with, but to sit at my right or left is not for me to grant. These places belong to those for whom they have been prepared.” When the ten heard about this, they became indignant with James and John. Jesus called them together and said, “You know that those who are regarded as rulers of the Gentiles lord it over them, and their high officials exercise authority over them. Not so with you. Instead, whoever wants to become great among you must be your servant, and whoever wants to be first must be slave of all. For even the Son of Man did not come to be served, but to serve, and to give his life as a ransom for many.” Then they came to Jericho. As Jesus and his disciples, together with a large crowd, were leaving the city, a blind man, Bartimaeus (which means “son of Timaeus”), was sitting by the roadside begging. When he heard that it was Jesus of Nazareth, he began to shout, “Jesus, Son of David, have mercy on me!” Many rebuked him and told him to be quiet, but he shouted all the more, “Son of David, have mercy on me!” Jesus stopped and said, “Call him.” So they called to the blind man, “Cheer up! On your feet! He’s calling you.” Throwing his cloak aside, he jumped to his feet and came to Jesus. “What do you want me to do for you?” Jesus asked him. The blind man said, “Rabbi, I want to see.” “Go,” said Jesus, “your faith has healed you.” Immediately he received his sight and followed Jesus along the road.

Pataje
Li Mak 10

Mak 10:1-52 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Jésus partit de là pour se rendre dans la partie de la Judée située de l’autre côté du Jourdain. De nouveau, les foules se rassemblèrent autour de lui et, selon son habitude, il se mit à les enseigner. Des pharisiens s’approchèrent et lui posèrent une question : Un homme a-t-il le droit de divorcer d’avec sa femme ? Ils voulaient par là lui tendre un piège. Il leur répondit : Quel commandement Moïse vous a-t-il donné ? – Moïse, lui dirent-ils, a permis de divorcer d’avec sa femme, à condition de lui donner un certificat de divorce . Jésus leur répondit : C’est à cause de la dureté de votre cœur que Moïse a écrit ce commandement pour vous. Mais, au commencement de la création, Dieu a créé l’être humain homme et femme. C’est pourquoi l’homme laissera son père et sa mère pour s’attacher à sa femme , et les deux ne feront plus qu’un . Ainsi, ils ne sont plus deux, ils font un. Que l’homme ne sépare donc pas ce que Dieu a uni. De retour à la maison, les disciples l’interrogèrent à nouveau sur ce sujet. Il leur dit : Celui qui divorce et se remarie commet un adultère à l’égard de sa première femme. Et si une femme divorce et se remarie, elle commet un adultère. Des gens amenèrent à Jésus de petits enfants pour qu’il pose les mains sur eux, mais les disciples leur firent des reproches. Jésus le vit, et s’en indigna. – Laissez donc les petits enfants venir à moi, ne les en empêchez pas, car le royaume de Dieu appartient à ceux qui leur ressemblent. Vraiment, je vous l’assure : celui qui ne reçoit pas le royaume de Dieu comme un petit enfant, n’y entrera pas. Là-dessus, il prit les enfants dans ses bras, posa les mains sur eux et les bénit. Comme il partait, un homme accourut, se jeta à genoux devant lui et lui demanda : Bon Maître, que dois-je faire pour obtenir la vie éternelle ? – Pourquoi m’appelles-tu bon ? lui répondit Jésus. Personne n’est bon, sinon Dieu seul. Tu connais les commandements : Ne commets pas de meurtre ; ne commets pas d’adultère ; ne commets pas de vol ; ne porte pas de faux témoignage ; ne fais de tort à personne ; honore ton père et ta mère . – Maître, répondit l’homme, tout cela je l’ai appliqué depuis ma jeunesse. Jésus posa sur cet homme un regard plein d’amour et lui dit : Il ne te manque qu’une chose : va, vends tout ce que tu possèdes, donne le produit de la vente aux pauvres et tu auras un trésor dans le ciel. Puis viens et suis-moi ! En entendant ces paroles, l’homme s’assombrit et s’en alla tout triste, car il était très riche. Jésus parcourut du regard le cercle de ses disciples, puis il leur dit : Qu’il est difficile à ceux qui ont des richesses d’entrer dans le royaume de Dieu  ! Cette parole les surprit, mais Jésus insista : Oui, mes enfants, qu’il est difficile d’entrer dans le royaume de Dieu. Il est plus facile à un chameau de passer par le trou d’une aiguille qu’à un riche d’entrer dans le royaume de Dieu ! Les disciples furent encore plus étonnés, et ils se demandaient entre eux : Mais alors, qui peut être sauvé ? Jésus les regarda et leur dit : Aux hommes c’est impossible, mais non à Dieu. Car tout est possible à Dieu. Alors Pierre lui dit : Nous, nous avons tout quitté pour te suivre. Jésus répondit : Vraiment, je vous l’assure : si quelqu’un quitte, à cause de moi et de l’Evangile, sa maison, ses frères, ses sœurs, sa mère, son père, ses enfants ou ses terres, il recevra cent fois plus dès à présent : des maisons, des frères, des sœurs, des mères, des enfants, des terres, avec des persécutions ; et, dans le monde à venir, la vie éternelle. Mais beaucoup de ceux qui sont maintenant les premiers seront parmi les derniers, et beaucoup de ceux qui sont maintenant les derniers seront parmi les premiers. Ils étaient en route pour monter à Jérusalem. Jésus marchait en tête. L’angoisse s’était emparée des disciples et ceux qui les suivaient étaient dans la crainte. Jésus prit de nouveau les Douze à part, et il se mit à leur dire ce qui allait arriver : Voici, nous montons à Jérusalem. Le Fils de l’homme y sera livré aux chefs des prêtres et aux spécialistes de la Loi. Ils le condamneront à mort et le remettront entre les mains des païens. Ils se moqueront de lui, lui cracheront au visage, le battront à coups de fouet et le mettront à mort. Puis, au bout de trois jours, il ressuscitera. Alors Jacques et Jean, les fils de Zébédée, s’approchèrent de Jésus et lui dirent : Maître, nous désirons que tu fasses pour nous ce que nous allons te demander. – Que désirez-vous que je fasse pour vous ? leur demanda-t-il. Ils répondirent : Accorde-nous de siéger l’un à ta droite et l’autre à ta gauche lorsque tu seras dans la gloire. Mais Jésus leur dit : Vous ne vous rendez pas compte de ce que vous demandez ! Pouvez-vous boire la coupe que je vais boire, ou passer par le baptême que j’aurai à subir ? – Oui, lui répondirent-ils, nous le pouvons. Alors Jésus reprit : Vous boirez en effet la coupe que je vais boire, et vous subirez le baptême par lequel je vais passer, mais quant à siéger à ma droite ou à ma gauche, il ne m’appartient pas de vous l’accorder : ces places reviendront à ceux pour qui elles ont été préparées. En entendant cela, les dix autres s’indignèrent contre Jacques et Jean. Alors Jésus les appela tous auprès de lui et leur dit : Vous savez ce qui se passe dans les nations : ceux que l’on considère comme les chefs politiques dominent sur leurs peuples et les grands personnages font peser leur autorité sur eux. Il ne doit pas en être ainsi parmi vous. Au contraire : si quelqu’un veut être grand parmi vous, qu’il soit votre serviteur, et si quelqu’un veut être le premier parmi vous, qu’il soit l’esclave de tous. Car le Fils de l’homme n’est pas venu pour se faire servir, mais pour servir et donner sa vie en rançon pour beaucoup. Ils arrivèrent à Jéricho. Jésus et ses disciples sortaient de la ville, accompagnés d’une foule nombreuse. Bartimée, fils de Timée, un mendiant aveugle, était assis au bord du chemin. Lorsqu’il entendit que c’était Jésus de Nazareth, il se mit à crier : Jésus, Fils de David, aie pitié de moi ! Mais beaucoup le rabrouaient pour le faire taire. Lui, cependant, criait de plus belle : Fils de David, aie pitié de moi ! Jésus s’arrêta et dit : Appelez-le ! On appela l’aveugle en lui disant : Courage, lève-toi, il t’appelle. A ces mots, il jeta son manteau, se leva d’un bond et vint vers Jésus. Jésus lui dit : Que veux-tu que je fasse pour toi ? – Maître, lui répondit l’aveugle, fais que je puisse voir ! – Va, lui dit Jésus. Parce que tu as cru en moi, tu es guéri. Aussitôt, il recouvra la vue et suivit Jésus sur le chemin.

Pataje
Li Mak 10