Men, se Senyè a ki tout mwen. Avèk konfyans, m'ap tann Bondye k'ap vin pou delivre m lan. Wi, Bondye mwen an ap tande m! Nou menm ki pa vle wè lavil Jerizalèm, nou pa bezwen kontan wè malè rive nou, nou menm moun lavil Jerizalèm. Nou tonbe, n'a leve ankò! Nou te mèt chita nan fènwa kounyeya, Senyè a va yon limyè pou nou. Se pou nou sipòte kòlè Senyè a paske nou fè peche kont Senyè a. Men bout pou bout, l'a pran defans nou, l'a rann nou jistis. L'ap mennen nou deyò nan limyè a ankò, n'a viv pou nou wè jistis Bondye.
Li Miche 7
Koute Miche 7
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Miche 7:7-9
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo