Jezi kite kote l te ye a. Antan li t'ap pase konsa, li wè yon nonm yo te rele Matye ki te chita nan biwo kontribisyon an. Jezi di l konsa: — Swiv mwen. Matye annik leve, li swiv Jezi. Pita, Jezi t'ap manje nan kay la. Te gen anpil pèseptè kontribisyon ak moun k'ap fè sa ki mal ki te vin chita sou tab avè l ansanm ak disip li yo. Farizyen yo wè sa, yo di disip li yo: — Poukisa Mèt nou an ap manje konsa ak pèseptè kontribisyon ansanm ak moun k'ap fè sa ki mal yo? Jezi tande sa, li di yo: — Si yon moun ansante, li pa bezwen dòktè. Se moun malad ki bezwen dòktè. Ale non. Chache konprann sans pawòl sa yo ki nan Liv la: Mwen vle pou nou gen kè sansib. Mwen pa bezwen bèt n'ap touye fè sakrifis pou mwen yo. Paske mwen pa vin rele moun ki konprann yo bon devan Bondye, men moun ki konnen se pechè yo ye.
Li Matye 9
Koute Matye 9
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 9:9-13
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo