Jezi kite kote l te ye a. Antan li t'ap pase yon kote, de avèg pran mache dèyè li. Yo t'ap rele: — Pitit David, gen pitye pou nou! Lè Jezi rive nan kay la, avèg yo pwoche bò kote li. Jezi di yo: — Eske nou kwè mwen ka fè sa pou nou? Yo reponn li: — Wi, Mèt. Lè sa a, li manyen je yo, li di: — Se pou sa fèt pou nou jan nou kwè l la. Je yo louvri. Jezi pale byen sevè ak yo, li di yo: — Tande byen, piga pèsonn konn sa. Men, ale yo ale, yo pran nonmen non l toupatou nan peyi a.
Li Matye 9
Koute Matye 9
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 9:27-31
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo