Matye 8

8
Jezi geri yon nonm ki te gen lalèp
(Mak 1.40-45; Lik 5.12-16)
1Apre sa, Jezi desann sòti sou ti mòn lan, #Mak 1.40-44; Lik 5.12-14 yon gwo foul moun t'ap mache dèyè li. 2Lè sa a, yon nonm ki te gen lalèp pwoche bò kote l, li tonbe ajenou devan Jezi, li di l konsa:
— Mèt, si ou vle, ou kapab geri mwen.
3Jezi lonje men l, li manyen nonm lan, li di l:
— Wi, mwen vle. Se pou ou geri.
Menm lè a, lalèp la kite li. 4Apre #Mat 9.30; Mak 7.36; Lik 17.14; Lev 13.49; 14.2-32 sa, Jezi di l:
— Piga ou di pèsonn sa. Men, ale fè prèt yo wè ki jan ou ye. Apre sa, w'a ofri sa Moyiz te bay lòd ofri a. Konsa, w'a bay tout moun prèv ou geri.
Jezi geri domestik yon kaptenn lame romen
(Lik 7.1-10)
5Antan #Lik 7.1-10 Jezi #Jan 4.47 t'ap antre Kapènawòm, yon kaptenn lame women vin kontre li. Li vin mande li yon sèvis. Li di li konsa:
6— Mèt, domestik mwen an kouche lakay, li paralize nèt, l'ap soufri anpil.
7Jezi di l konsa:
— Mwen pral geri l pou ou.
8Men kaptenn lan reponn li:
— Mèt, mwen pa merite pou ou antre lakay mwen. Men, annik bay yon lòd ase, domestik mwen an va geri. 9Mwen menm k'ap pale la a, mwen gen sòlda souzòd mwen tou. Lè mwen di yonn ale, l'ale. Lè mwen di yon lòt vini, li vini. Lè mwen di domestik mwen fè sa, li fè li.
10#Mat 15.28 Jezi tande pawòl sa yo, li sezi. Li di moun ki t'ap mache dèyè li yo:
— Sa m'ap di nou la a, se vre wi: mwen poko janm jwenn yon moun nan pèp Izrayèl la ki gen konfyans nan Bondye tankou nonm sa a. 11Mwen #Lik 13.28,29; Eza 49.12; 59.19; Mal 1.11; Sòm 107.3 p'ap kache di nou sa: anpil moun va sòti nan peyi solèy leve ak nan peyi solèy kouche, y'a vin chita sou tab ansanm ak Abraram, ak Izarak, ak Jakòb nan Peyi Wa ki nan syèl la. 12Men, #Mat 22.13; 24.51; 25.30 moun ki ta dwe antre nan peyi wa a, y'ap voye yo jete deyò nan fènwa. Se la va gen rèl. Se la va gen manje dan.
13Apre #Mat 9.29; 15.28 sa, Jezi di kaptenn lan:
— Ale lakay ou. Tout bagay ap pase pou ou jan ou kwè l la.
Menm lè a, domestik la te geri.
Jezi geri anpil moun malad
(Mak 1.29-34; Lik 4.38-41)
14Apre #Mak 1.29-34; Lik 4.38-41 sa, #1 Kor 9.5 Jezi ale lakay Pyè. Li jwenn bèlmè Pyè a kouche ak lafyèb. 15Jezi manyen men madanm lan, lamenm lafyèb la kite li. Madanm lan leve, li resevwa li.
16Lè solèy fin kouche, yo mennen anpil moun ki te gen move lespri sou yo bay Jezi. Li annik pale ak move lespri yo, li chase yo. Li te geri tout moun malad yo tou. 17Se #Eza 53.4 konsa pawòl pwofèt Ezayi te di a rive vre: Li pran enfimite nou yo sou li. Li pote maladi nou yo sou do li.
Moun ki vle swiv Jezi
(Lik 9.57-62)
18Jezi #Mak 4.35; Lik 8.22 wè li te nan mitan yon gwo foul moun. Li bay lòd pou yo janbe lòt bò lanmè a. 19Men, #Lik 9.57-60 yon dirèktè lalwa pwoche bò kote l, li di l konsa:
— Mèt, m'ap swiv ou tout kote ou prale.
20Jezi #2 Kor 8.9 reponn li:
— Chat mawon gen twou yo. Zwazo k'ap vole nan syèl la gen nich yo. Men, Moun Bondye voye nan lachè a pa gen kote pou l poze tèt li.
21Yon #1 Wa 19.20 lòt nan disip yo di li:
— Mèt, pèmèt mwen al antere papa m anvan.
22Men #Jan 1.43; 5.25; Wòm 6.13 Jezi di li:
— Swiv mwen. Kite moun mouri antere moun mouri yo.
Jezi kalme yon gwo van
(Mak 4.35-41; Lik 8.22-25)
23Jezi #Mak 4.36-41; Lik 8.23-25 moute nan kannòt la, disip li yo pati avèk li. 24Antan #Sòm 4.8 yo sou lanmè a, yo rete konsa yon gwo van vin leve. Lanm lanmè yo t'ap kouvri kannòt la. Jezi menm t'ap dòmi lè sa a. 25Disip yo pwoche bò kote li. Yo souke l, yo fè l leve. Yo di l konsa:
— Mèt, sove nou non. Se mouri n'ap mouri.
26Jezi #Mat 14.31; 16.8 di yo:
— Poukisa nou pè konsa? Ala moun manke konfyans!
Apre sa, Jezi leve kanpe, li pale byen fò ak van an ansanm ak dlo a. Lamenm yon gwo kalmi fèt. 27Mesye yo te sezi anpil. Yo di konsa:
— Ki kalite moun sa a menm, pou jouk van ak dlo lanmè obeyi li?
Jezi geri de moun ki te gen move lespri sou yo
(Mak 5.1-20; Lik 8.26-39)
28#Mak 5.1-17; Lik 8.26-37 Jezi rive lòt bò lanmè a, nan peyi Gadarenyen yo, de moun sòti nan mitan tonm mò yo, yo vin devan li. Mesye sa yo te gen move lespri sou yo. Yo te sitèlman move pèsonn pat kapab pase nan chemen sa a. 29Yo #Lik 4.41; 2 Pyè 2.4 tou de pran rele ansanm:
— Ey, Pitit Bondye a. Kisa nou gen avè ou? Eske ou vin isit la pou fè n soufri anvan lè nou?
30Toupre kote yo te ye a, te gen yon bann kochon ki t'ap chache manje pou yo manje. 31Move lespri yo mande Jezi:
— Tanpri, si ou vle chase nou, voye nou sou bann kochon sa yo.
32Jezi di yo:
— Ale non.
Move lespri yo sòti sou de mesye yo, yo antre nan kochon yo. Menm lè a, tout bann kochon yo pran degrengole desann falèz la, y'al neye tèt yo nan lanmè.
33Moun ki t'ap gade kochon yo pran kouri. Y'ale lavil la, yo rakonte tou sa ki te pase ansanm ak sa ki te rive de mesye yo ki te gen move lespri sou yo. 34Lè sa a, tout moun lavil la sòti vin jwenn Jezi. Lè yo wè l, yo mande li:
— Tanpri souple, ale fè wout ou.

Chwazi Kounye ya:

Matye 8: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte