Matye 26:1-16

Matye 26:1-16 HAT98

Lè Jezi fin di tout pawòl sa yo, li di disip li yo: — Nou konnen, nan de jou jwif yo pral fete fèt Delivrans lan. Yo pral lage Moun Bondye voye nan lachè a nan men moun ki pou kloure l sou kwa a. Lè sa a, chèf prèt yo ansanm ak chèf fanmi yo ki t'ap dirije pèp la reyini nan palè granprèt yo te rele Kayif la. Mesye yo mete tèt yo ansanm pou fè plan pou yo te ka arete Jezi pou yo fè touye li. Yonn t'ap di lòt: — Nou pa kapab arete l pandan fèt la pou sa pa eksite pèp la fè dezòd. Antan Jezi te Betani lakay Simon, nonm ki te gen maladi lalèp la, yon fanm pwoche kote li. Li te vin ak yon boutèy pòslèn plen bon losyon koute chè. Pandan Jezi chita bò tab la, fanm lan vide tout losyon an sou tèt li. Lè disip yo wè sa, yo pat kontan menm. Yo di: — Poukisa tout gaspiyay sa a? Yo ta kapab vann odè a byen chè, yo ta bay pòv lajan an. Jezi vin konnen sa yo t'ap di, li di yo konsa: — Poukisa n'ap fè fanm lan tout lapenn sa a? Se yon bèl bagay li fè la a wi pou mwen. Paske, pòv yo, n'ap toujou genyen yo avèk nou. Men, mwen menm, nou p'ap genyen m pou tout tan. Lè li vide odè sa a sou kò mwen, li tou benyen m pou lantèman mwen. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Toupatou sou latè, kote y'a anonse bòn nouvèl sa a, y'a rakonte sa fanm sa a te fè tou pou yo pa janm bliye li. Lè sa a, yonn nan douz disip yo, Jida Iskaryòt, al jwenn chèf prèt yo. Li di yo: — Kisa n'a ban mwen si m fè nou pran Jezi? Yo konte trant pyès lajan ba li. Depi lè sa a, Jida t'ap chache yon bon okazyon pou l te ba yo Jezi.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an