Matye 26:1-16

Matye 26:1-16 1998 Haïtienne (HAT98)

Lè Jezi fin di tout pawòl sa yo, li di disip li yo: — Nou konnen, nan de jou jwif yo pral fete fèt Delivrans lan. Yo pral lage Moun Bondye voye nan lachè a nan men moun ki pou kloure l sou kwa a. Lè sa a, chèf prèt yo ansanm ak chèf fanmi yo ki t'ap dirije pèp la reyini nan palè granprèt yo te rele Kayif la. Mesye yo mete tèt yo ansanm pou fè plan pou yo te ka arete Jezi pou yo fè touye li. Yonn t'ap di lòt: — Nou pa kapab arete l pandan fèt la pou sa pa eksite pèp la fè dezòd. Antan Jezi te Betani lakay Simon, nonm ki te gen maladi lalèp la, yon fanm pwoche kote li. Li te vin ak yon boutèy pòslèn plen bon losyon koute chè. Pandan Jezi chita bò tab la, fanm lan vide tout losyon an sou tèt li. Lè disip yo wè sa, yo pat kontan menm. Yo di: — Poukisa tout gaspiyay sa a? Yo ta kapab vann odè a byen chè, yo ta bay pòv lajan an. Jezi vin konnen sa yo t'ap di, li di yo konsa: — Poukisa n'ap fè fanm lan tout lapenn sa a? Se yon bèl bagay li fè la a wi pou mwen. Paske, pòv yo, n'ap toujou genyen yo avèk nou. Men, mwen menm, nou p'ap genyen m pou tout tan. Lè li vide odè sa a sou kò mwen, li tou benyen m pou lantèman mwen. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Toupatou sou latè, kote y'a anonse bòn nouvèl sa a, y'a rakonte sa fanm sa a te fè tou pou yo pa janm bliye li. Lè sa a, yonn nan douz disip yo, Jida Iskaryòt, al jwenn chèf prèt yo. Li di yo: — Kisa n'a ban mwen si m fè nou pran Jezi? Yo konte trant pyès lajan ba li. Depi lè sa a, Jida t'ap chache yon bon okazyon pou l te ba yo Jezi.

Matye 26:1-16 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Quand Jésus a fini d’enseigner tout cela, il dit à ses disciples : « Vous le savez, dans deux jours, c’est la fête de la Pâque. Le Fils de l’homme va être livré pour qu’on le cloue sur une croix. » Alors les chefs des prêtres et les anciens du peuple se réunissent dans le palais de Caïphe, le grand-prêtre. Ils décident d’arrêter Jésus en secret et de le faire mourir. Ils disent : « Il ne faut pas l’arrêter pendant la fête, sinon le peuple va se révolter. » Jésus est à Béthanie dans la maison de Simon le lépreux. Alors, pendant le repas, une femme s’approche de lui, avec un très beau vase, plein d’un parfum très cher. Elle verse le parfum sur la tête de Jésus. Quand les disciples voient cela, ils ne sont pas contents du tout et ils disent : « Elle a gaspillé ce parfum ! Pourquoi ? On pouvait le vendre très cher et ensuite donner l’argent aux pauvres ! » Jésus entend cela et il dit : « Pourquoi est-ce que vous faites de la peine à cette femme ? Ce qu’elle a fait pour moi est une bonne action. Vous aurez toujours des pauvres avec vous, mais moi, vous ne m’aurez pas toujours. Elle a mis du parfum sur mon corps : d’avance, elle m’a préparé pour la tombe. Je vous le dis, c’est la vérité : partout où on annoncera cette Bonne Nouvelle, dans le monde entier, on racontera ce que cette femme a fait, et on se souviendra d’elle. » Alors l’un des douze apôtres, appelé Judas Iscariote, va voir les chefs des prêtres et il leur dit : « Qu’est-ce que vous voulez me donner, si je vous livre Jésus ? » Les chefs des prêtres lui donnent 30 pièces d’argent . À partir de ce moment, Judas cherche une bonne occasion pour leur livrer Jésus.

Matye 26:1-16 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Apre Jezi fin pale tout pawòl sa yo, li di disip li yo: “Sonje, fèt Pak la se apre demen! Yo pral livre Pitit Lòm nan bay lènmi l yo ki pral krisifye l sou yon kwa.” Apre sa prèt ki gen plis otorite yo ansanm ak lidè pèp Jwif yo te reyini nan lakou Kayif, chèf ki alatèt tout prèt yo. Yo t ap mare yon konplo an sekrè pou wè kijan yo te ka arete Jezi epi touye li. Men yo antann yo pou yo pa fè l pandan fèt Pak la paske yo pa t vle pèp la leve kont yo. Pandan Jezi te Betani lakay Simon, mesye ki te gen maladi lèp la, yon dam ki te gen yon boutèy pafen byen chè nan men l te pwoche bò kote Jezi, epi li vide pafen an sou tèt li pandan l t ap manje. Lè disip yo wè sa, yo fache ak dam lan. Yo kòmanse ap di: “Pouki kalite gaspiyaj sa a? Pafen sa a t ap vann yon bon ti kòb ki te ka ede anpil moun pòv.” Jezi ki te konnen sa yo t ap di a, mande yo: “Poukisa n ap bay dam nan panik? Se yon bon bagay li fè pou mwen. N ap toujou gen pòv avèk nou, men nou p ap toujou genyen m avèk nou. Pafen dam nan vide sou mwen an, se prepare l ap prepare kadav kò m pou antèman apre m fin mouri. An verite m ap di nou, kèlkeswa kote Bòn Nouvèl la preche nan lemonn, yo gen pou yo pale de aksyon sa a, epi moun ap sonje dam nan.” Apre sa, Jida Iskaryòt, youn nan douz disip yo al pale ak chèf prèt yo, epi l di yo: “Ki sa n ap ban m si m livre Jezi ba nou?” Konsa, yo ofri l trant pyès lajan. Depi lè sa a, Jida ap veye yon okazyon favorab pou l trayi Jezi.

Matye 26:1-16 New International Version (NIV)

When Jesus had finished saying all these things, he said to his disciples, “As you know, the Passover is two days away—and the Son of Man will be handed over to be crucified.” Then the chief priests and the elders of the people assembled in the palace of the high priest, whose name was Caiaphas, and they schemed to arrest Jesus secretly and kill him. “But not during the festival,” they said, “or there may be a riot among the people.” While Jesus was in Bethany in the home of Simon the Leper, a woman came to him with an alabaster jar of very expensive perfume, which she poured on his head as he was reclining at the table. When the disciples saw this, they were indignant. “Why this waste?” they asked. “This perfume could have been sold at a high price and the money given to the poor.” Aware of this, Jesus said to them, “Why are you bothering this woman? She has done a beautiful thing to me. The poor you will always have with you, but you will not always have me. When she poured this perfume on my body, she did it to prepare me for burial. Truly I tell you, wherever this gospel is preached throughout the world, what she has done will also be told, in memory of her.” Then one of the Twelve—the one called Judas Iscariot—went to the chief priests and asked, “What are you willing to give me if I deliver him over to you?” So they counted out for him thirty pieces of silver. From then on Judas watched for an opportunity to hand him over.

Matye 26:1-16 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Quand Jésus eut fini de donner toutes ces instructions, il dit à ses disciples : Vous savez que la fête de la Pâque aura lieu dans deux jours. C’est alors que le Fils de l’homme sera livré pour être crucifié. Alors, les chefs des prêtres et les responsables du peuple se rassemblèrent dans la cour du grand-prêtre Caïphe ; ils décidèrent d’un commun accord de s’emparer de Jésus par ruse pour le faire mourir. Cependant ils se disaient : Il ne faut pas agir pendant la fête, pour ne pas provoquer d’émeute parmi le peuple. Jésus se trouvait à Béthanie, dans la maison de Simon, le lépreux. Une femme s’approcha de lui, tenant un flacon d’albâtre rempli d’un parfum de myrrhe de grande valeur. Pendant que Jésus était à table, elle répandit ce parfum sur sa tête. En voyant cela, les disciples s’indignèrent et dirent : Pourquoi un tel gaspillage ? On aurait pu vendre ce parfum pour un bon prix et donner l’argent aux pauvres ! Mais, se rendant compte de cela, Jésus leur dit : Pourquoi faites-vous de la peine à cette femme ? Ce qu’elle vient d’accomplir pour moi est vraiment une belle action. Des pauvres, vous en aurez toujours autour de vous ; mais moi, vous ne m’aurez pas toujours avec vous. Si elle a répandu cette myrrhe sur moi, c’est pour préparer mon enterrement. Vraiment, je vous l’assure, dans le monde entier, partout où cette Bonne Nouvelle qu’est l’Evangile sera annoncée, on racontera aussi, en souvenir d’elle, ce qu’elle vient de faire. Alors, l’un des Douze, celui qui s’appelait Judas Iscariot, se rendit auprès des chefs des prêtres pour leur demander : Si je me charge de vous livrer Jésus, quelle somme me donnerez-vous ? Ils lui versèrent trente pièces d’argent. A partir de ce moment-là, il chercha une occasion favorable pour leur livrer Jésus.