Jezi reponn: — Ala moun san konfyans nan Bondye! Ala move moun! Jouk kilè pou m rete nan mitan nou? Jouk kilè pou m sipòte nou? Mennen ti gason an isit ban mwen. Jezi pale sevè ak move lespri a. Lespri a sòti. Menm lè a, ti nonm lan geri. Apre sa, disip yo pwoche bò kote Jezi, yo mande l apa: — Poukisa nou pat kapab chase move lespri sa a? Jezi di yo: — Se paske nou manke konfyans nan Bondye. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si nou te gen konfyans nan Bondye gwosè yon ti grenn moutad, nou ta di ti mòn sa a: wete kò ou la, al laba, li ta chanje plas. Pa gen anyen nou pa ta kapab fè. [
Li Matye 17
Koute Matye 17
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 17:17-20
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo