Matye 17:17-20
Matye 17:17-20 1998 Haïtienne (HAT98)
Jezi reponn: — Ala moun san konfyans nan Bondye! Ala move moun! Jouk kilè pou m rete nan mitan nou? Jouk kilè pou m sipòte nou? Mennen ti gason an isit ban mwen. Jezi pale sevè ak move lespri a. Lespri a sòti. Menm lè a, ti nonm lan geri. Apre sa, disip yo pwoche bò kote Jezi, yo mande l apa: — Poukisa nou pat kapab chase move lespri sa a? Jezi di yo: — Se paske nou manke konfyans nan Bondye. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si nou te gen konfyans nan Bondye gwosè yon ti grenn moutad, nou ta di ti mòn sa a: wete kò ou la, al laba, li ta chanje plas. Pa gen anyen nou pa ta kapab fè. [
Matye 17:17-20 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Jésus répond : « Vous, les gens d’aujourd’hui, vous n’avez pas la foi, vous faites le mal ! Je vais rester avec vous combien de temps encore ? Je vais vous supporter combien de temps encore ? Amenez-moi l’enfant ici ! » Jésus menace l’esprit mauvais, et il sort de l’enfant. Au même moment, l’enfant est guéri. Quand les disciples sont seuls avec Jésus, ils s’approchent de lui et lui disent : « Et nous, nous n’avons pas pu chasser cet esprit. Pourquoi donc ? » Jésus leur répond : « Parce que vous n’avez pas beaucoup de foi. Je vous le dis, c’est la vérité : si votre foi est aussi petite qu’une graine, vous pourrez dire à cette montagne : “Pars d’ici et va là-bas”, et elle le fera. Rien ne sera impossible pour vous.
Matye 17:17-20 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Jezi di: “Bann moun san lafwa k ap viv nan peche. Pou konbyen tan ankò pou m rete avèk nou, pou m ap pran pasyans ak nou? Mennen pitit la isit ban mwen.” Apre sa, Jezi pase demon an lòd pou l soti sou ti gason an. Nan menm lè a, ti gason an te geri. Apre sa, disip Jezi yo pwoche bò kot Jezi apa, epi yo mande l: “Poukisa nou pa t kapab chase move lespri a?” Jezi reponn yo: “Se paske lafwa nou piti anpil! M ap di nou franchman si lafwa nou te gwosè yon ti grenn moutad, nou ta mèt di mòn sa a: retire kò w la, epi li t ap deplase san pwoblèm; anyen pa t ap parèt enposib devan nou.”
Matye 17:17-20 New International Version (NIV)
“You unbelieving and perverse generation,” Jesus replied, “how long shall I stay with you? How long shall I put up with you? Bring the boy here to me.” Jesus rebuked the demon, and it came out of the boy, and he was healed at that moment. Then the disciples came to Jesus in private and asked, “Why couldn’t we drive it out?” He replied, “Because you have so little faith. Truly I tell you, if you have faith as small as a mustard seed, you can say to this mountain, ‘Move from here to there,’ and it will move. Nothing will be impossible for you.”
Matye 17:17-20 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Jésus s’exclama alors : Gens incrédules et infidèles à Dieu ! Jusqu’à quand devrai-je encore rester avec vous ? Jusqu’à quand devrai-je encore vous supporter ? Amenez-moi l’enfant ici ! Jésus commanda avec sévérité au démon de sortir et, immédiatement, celui-ci sortit de l’enfant, qui fut guéri à l’heure même. Alors, les disciples prirent Jésus à part et le questionnèrent : Pourquoi n’avons-nous pas réussi, nous, à chasser ce démon ? – Parce que vous n’avez que peu de foi, leur répondit-il. Vraiment, je vous l’assure, si vous aviez de la foi, même si elle n’était pas plus grosse qu’une graine de moutarde, vous pourriez commander à cette montagne : Déplace-toi d’ici jusque là-bas, et elle le ferait. Rien ne vous serait impossible.