Lè Jezi fin di parabòl sa yo, li kite kote l te ye a. Lale nan lavil kote l te grandi a. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg la. Tout moun ki t'ap koute l te sezi anpil. Yo t'ap di konsa: — Ki bò li pran konesans sa a! Kouman li fè fè tout mirak sa yo? Se pa pitit bòs chapant lan? Se pa Mari ki manman li? Se pa frè Jak, Jozèf, Simon ak Jid li ye? Apa tout sè l yo la avèk nou. Kote l jwenn tout bagay sa yo? Se rezon sa yo ki okazyone yo tonbe nan peche. Lè sa a, Jezi di yo: — Yon pwofèt pa janm jwenn konsiderasyon li merite, ni nan peyi li, ni nan fanmi li, ni lakay li. Se konsa Jezi pat fè anpil mirak la, paske yo pat kwè nan li.
Li Matye 13
Koute Matye 13
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 13:53-58
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo