Disip yo pwoche kot Jezi, yo di li:
— Poukisa ou pale an parabòl ak moun yo konsa?
Jezi reponn yo:
— Nou menm, Bondye fè nou favè sa a pou nou konnen sekrè Peyi Wa ki nan syèl la. Men yo menm, yo pa resevwa favè sa a. Paske, moun ki genyen deja a, y'a ba li ankò. Konsa, l'a gen plis pase sa l bezwen an. Men, moun ki pa gen anyen an, y'a wete nan men l nimm ti sa l te genyen an.
— Se poutèt sa m'ap pale an parabòl ak moun yo. Paske lè y'ap gade, yo pa wè. Lè y'ap koute, yo pa tande, ni yo pa konprann. Konsa, sa pwofèt Ezayi te di a rive vre pou yo:
N'a tande nan zòrèy nou,
men, nou p'ap konprann.
N'a gade ak je nou,
men, nou p'ap wè.
Paske, lespri pèp sa a vin lou.
Yo bouche zòrèy yo, yo fèmen je yo,
pou yo pa wè ak je yo,
pou yo pa tande nan zòrèy yo,
pou yo pa konprann ak lespri yo,
pou yo pa tounen vin jwenn mwen pou m geri yo.
Se Bondye ki pale konsa.
— Men, pou nou menm, benediksyon pou nou: paske nou wè ak je nou, nou tande nan zòrèy nou. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Anpil pwofèt ak anpil moun ki mache dwat devan Bondye te anvi wè sa n'ap wè la a, men yo pat wè li. Yo te anvi tande sa n'ap tande la a, men yo pat tande li.